Skip to content

Powerful Testimonies

A collection of powerful testimonies about the divine power of God and the spiritual reality out there.

Menu
Menu

Strateji-w’ Nan Priye Kom Yon Papa Spirityel, Le Ou Ap Pati

Posted on November 11, 2018July 21, 2022 by admin

Responsabilite-w’ kom yon papa spirityel anfave sila yo ki anba otorite spirityel ou. Strateji primodyal nan konba ou ap egzese an fave sila yo ki anba otorite-w’ se kite Lespri Bondye gide-w’.

Nan konsa, ou p’ap batay avegleman. Ou ap gen yon strateji ki byen spesifik nan men-w’ pou-w’ konat riz dyab la.

Se kite Lespri Bondye enspire-w’, ba-w’ yon limye konsenan sa-w’ dwe fe le-w’ an fas yon sitiyasyon. Pa depann sou konesans, sajes, ak bon sans ou.

Men depann sou omnisyans Lespri Bondye. Paske gen ka ki konn prezante ki konn paret senp oubyen natirel ki pa sa vre.

Li toujou bon pou-w’ tande kisa Lespri Bondye gen pou-L’ revele-w’ avan-w’ kouri al fe sa-w’ we ki fe plis sans a ou menm nan moman.

Satanis yo amonize yo “parfaitement” ak legliz gid ke Satan bay yo jis nan degre gen kote pou yo ale, fo yo jwenn pemisyon-l’ avan. M’ gen yon devwa tou pou-m’ amonize-m’ ak Lespri Bondye.


Vre responsabilite-w’ se pou batay pou volonte Bondye ka materyalize nan lavi lom lan. Paske Bondye planifye gwo bagay sou lavi lom lan, men enmi-an atrave dezobeyisans ak inyorans lom gen anpil dega l’ap fe.

Li sanse devye lom lan.


Priye Ak Goumen Pou Destine Yo

Chak moun gen yon destine ke Bondye prepare avan menm yo egziste. Malerezman, se pa tout moun ki rive jwi fave, benediksyon, ak rezous ke Bondye pwograme sou lavi yo akoz enmi-an Satan devye yo.

Se yon kado ke Bondye atrave pwop souvrennte-L’ ke-L’ plase-l’ nan lavi yon moun atrave fontenn moun sa kom yon gid.

Sa vle di se tout dezi ak plan Bondye ke moun sa rejwi tout benediksyon, privilej, ak opotinite ki mache ak destine ke-L’ planifye sou lavi moun sa.

Se yon bagay ki apatyen a moun menm si enmi-an vole-l’. Men plan Bondye p’ap chanje paske Li bay li net. Yo pa ka ni detwi ak epwize-l’.

Fo-w’ kanpe an fave moun sa yo. Fo-w’ batay pou zetwal sila yo ke Satan vole pou-l’ bay moun pa-l’. Pwiske se yon bagay ki toujou rezeve ak moun ke Bondye te bay li, ou ka reklame-l’ pou yo nenpot kote-l’ ye.

Se yon bagay ki telman gen vale, Satan touye moun atrave imoralite seksyel pou yo rache zetwal moun sa atrave kote Bondye plase-L’ la ki se frontenn tet yo.

Se devwa-w’ menm pou fe tout sa ki depann de ou menm atrave kapasite, pwisans, ak onksyon ke Bondye ba ou pou-w’ fe seten ke moun sa yo devni sa ke Bondye vle pou yo ye-a ni nan vi sa, ni nan vi ki gen pou vini-an.


Priye Reklamasyon

Fo-w’ reklame pa fos nanm sila yo ki an kaptivite nan men Satan. Sa yo ki anchene nan prizon spirityel pandan ke yo vivan sou te sa.


Konbat Plan Ak Konplo Enmi-an

Konba spirityel la entansifye leswa le tout moun ap domi bo 12:00 am a 3:00 am. Gen anpil atak enmi-an fe. Gen anpil bagay ki gen pou yo manifeste pandan jounen-an.

Tankou jan yo di-a, sa-k’ rive pandan jounen-an gen tan rive deja pandan nwit la. Li gen tan rive deja sou plan astral.

Wol ou se fe seten ke atak sa yo pa manifeste pandan jounen-an.


Konba Kont Satanis

Youn nan pi gwo konba-w’ kom yon “homme de Dieu” se konbat Satanis ki gen misyon nan men yo pou yo detwi lavi moun ak atake legliz Kris la.

Genyen ki gen responsabilite pou yo ofri 1,500 moun pa semen.

Atake je spirityel yo. Atake aktivite y’ap mennen. Bloke aktivite yo. Degrade yo.

Atake pil obje mistik ke yo genyen. Fe dega nan chanm mistik yo. Bloke yo pou yo pa vwayaje.

Anplis, batay pou nanm yo yon fason pou Bondye delivre yo nan eta malefik ke y’ap fonksyone-a.

Dat espesyal pou Satan

  • Chak Samdi bo minwi.
  • 24 a 31 Desanm planifikasyon pou nouvel anel. Anpil sakrifis ki fet.
  • 6 Janvye yon dat gwo sakrifis fet pou moun renouvle kontra yo.

Depi yon nanm sove nan ministe, men gen kontwol sou li.


Poud Mistik Ak “Champ D’envoutement”

Ajan Satan yo itilize poud mistik ki konn soti sitou nan semitye pou plizye rezon. Yo vese-l’ nan wout kote machin ap pase.

Yo itilize-l’ tankou pyej pou yo lakoz aksidan jis pou yo ka sakrifye moun sa yo ki viktim aksidan sa yo.

Tout machin ki travese poud sa rann chofe-a pedi kontwol jiskaske l’al enplike nan yon aksidan touswit oubyen apre yon tan.

Yo bay moun maladi ave-l’. Yo kaptire nanm moun atrave poud mistik sa tou. Yo anpwazone moun ak poud sa.

Gen yon poud yo rele “black powder of death”. Nenpot moun ki travese poud sa ap mouri. E y’ap transfere nanm moun sa nan mond Satan.

Poud sa lakoz maladi, lanmo, ak aksidan. Yo itilize pouvwa semitye pou yo anjandre zouti mistik ke y’ap itilize pou yo anvoute moun.

Yo itilize mond semitye-a kom yon kote pou yo al jene tou.

Yon konn mete tou sa yo rele “Champ D’envoutement” pou yo ka lakoz aksidan. Le yon chofe san Kris rantre nan spas sa, vizyon-l’ manipile, li we-l’ l’ap kondi nomal pandan ke machin lan pedi kontwol.

Gen ka tou yo ajan Satan yo konn al opere nan yon dimansyon astral atrave-l’ yo konn rale volan nan men chofe epi yo lakoz yon aksidan.

Yo mete poud, kod mistik, miwa manyetik, pyes mistik pou pwovoke aksidan sikilasyon.

Kidonk, li enpotan pou-w’ komande vwayaj ou nan Bondye paske tout aksidan yo pa natirel. An reyalite, 70 pousan aksidan se zev Satan.

Temwayaj

Yon jen ti gason ki te sou kontra mond envizib la pou yo te sakrifye-l’ apre yo te fin touye paran-l’.

Malgre paran-l’ pandan yo te nan katye esklav apre lanmo yo t’ap plede pou ti gason-an, men yo di ti gason-an apatyen a yo menm legalman ak jiridikman.

Men akoz misye te nan men yon groupe “homme de Dieu”, ajan Satan yo te voye al touye-l’ yo pa-t’ ka atenn objektif yo.

Yo te oblije sedwi-l’. Yo ba-l’ lajan pou-l’ kite kay “homme de Dieu” yo. Pandan operasyon sa yo kreye yon barye pou moun pa pase nan andwa. Kidonk, si yon moun ta gen plan pase, ide moun sa ap chanje pou-l’ fe nan yon lot direksyon.

Ebyen, pandan misye ap jwi lajan-l’ zanmi konsa nan yon machin, satanis ateri sou plas. Yo lok pot machin lan. Yo rale volan nan men chofe-a. Kom konsekans, machin lan chavire, tout mouri.


Menm satanis sa konfese koman-l’ te fe pati yon misyon kote yo te rive touye yon gwoup paste “visye” ki te manje yon move lajan mal.

Kidonk, pandan yo nan machin lan, yo chavire-l’. Tout paste sa yo mouri.


Ou se yon solda. Fo-w’ toujou rete nan espri lapriye. Nan yon espri kote pou-w’ toujou pre pou atake. Priye avan-w’ monte machin.


Plante Bon Semans Nan Lavi Yo

Menm jan ke enmi-an pase li plante move semans nan lavi moun ki pral manifeste nan demen, se konsa fo-m’ plante bon semans, benediksyon nan lavi sila yo ki anba otorite spirityel mwen pandan m’ap detwi plan dyab la.


Vijilans Kont Plan Enmi-an

Ou dwe pase tan nan lapriye menm pou Bondye revele-w’ plan ak konplo enmi-an swa kont ou, ministe-w’, ak sila yo ki anba otorite spirityel ou.

Paske plan enmi-an prospere atrave inyorans, endiferans, ak neglijans ki lakoz yon mank vijilans.


Egzese Otorite Sou Nanm Sila Yo Ki Pa Dwat

Ajan Satan yo gen pouvwa atrave mwayen mistik, okiltik, ak ezoterik pou yo fe yon enkantansyon kote yo konvoke nanm yon moun pou-l’ paret devan yo.

Nanm sa si-l’ pa an Kris, l’ap oblije reponn ak konvokasyon sa. Yo ka pike nanm sa. Kom konsekans, moun sa ap mouri nan menm moman.

Pou mete plis pouvwa nan pwosesis la, ajan dyab sa ka fe apel a lot espri demonyak pou vin bay asistans tankou espri “transporter, charger, ak elevator”. Kidonk, yo kenbe men yo ansanm pou “unifier” fos yo pou konvokasyon espri moun sa pou-l’ paret.

Yo ka sezi oubyen vole zetwal moun sa ki gen destine, potansyalite, resous, riches, ak benediksyon Bondye bay moun sa pou-l’ rejwi kavi sou te sa.

Yo ka kaptire nanm sa atrave yon obje ki rele “Pentacle”. Anplis, yo ka anchene nanm moun sa nan prizon spirityel.

Nanm sa yo ka kenbe-l’ nan sant detansyon pou sakrifis oubyen ale nan mond envizib, astral ave-l’ kote yo ka fe sa yo vle ave-l’ si Bondye pa fe yon entevansyon divin an fave viktim sa.

Yo fe tout sa atrave fomil majik, priye mistik, oubyen enkantansyon.

Kom yon sevite Bondye, ou ka fe plis ke sa toujou nan yon sans pozitif an fave sila ki an kaptivite anba grif Satan atrave otorite, pwisans, ak pouvwa ke Bondye mete an dispozisyon-w’.


Kapasite Divin Nan Lom

Plan Satan se detwi kapasite divin ke Bondye te mete nan lom pou lom lan viv pou glwa Kretate-l’.

Men Satan atake kapasite sa yo yon fason pou lom lan viv nan yon dimansyon ki enferye a dimansyon Bondye te kreye-l’ pou-l’ te viv.

Kalibous – Zanj sa chaje pou-l’ detwi kapasite divin Bondye plase nan lòm.


Plan Ofansif Ak Defansif

Le-w’ nan yon gwo konba spirityel, yon bagay ke-w’ pa di akoz yon bagay ke-w’ pa konnen gen dwa rann ou pa efikas oubyen efektif ase nan konbat plan enmi-an.

Mank presizyon kapab kreye pwoblem menm nan nivo priye pou yon ajan Satan ki bezwen delivrans.

Kidonk, li tre enpotan pou-w’ pase tan ak Bondye nan lapriye pou Lespri-L’ revele-w’ koman-w’ dwe atake enmi-an.

Paske Sent Espri ki nan ou-a konn tout bagay. Li konn tout strateji ke enmi-an ap itilize pou-l’ vin atake. Li ka revele-w’ yon plan egzak pou-w’ konfronte Satan.

Se youn nan rezon yo ba Li yon non tripotay nan mond envizib Satan.

Toujou konnen enmi-an ap gen yon plan kontratak si ou ap ba-l’ pwoblem. Depi ke ou ap bloke aktivite-l’, ap toujou gen yon plan pou yo elimine-w’.

Kidonk, l’ap voye gwo ajan ki gen gwo grad epi ki gen anpil eksperyans nan domen atake sevite ak sevant Bondye pou vin atake-w’.

Kidonk, strateji-w’ se pou-w’ kreye yon barye oubyen baraj “de protection” swa ak (san Jezi, limye oubyen dife Bondye) ke okenn espri demonyak, espri imen, ak ajan dyab pa ka apwoche ak franchi.

Li bon pou-w’ enpoze yon barye defansif non selman pou-w’ bloke tout strateji ke enmi-an pral itilize pou kontrekare sa ou ap fe, men fo-w’ gen yon plan ofansif tou pou-w’ atake, detwi, ak netralize tout sa l’ap planifye fe.

Ou atake yo avan menm yo atake-w’. Ou detwi tou plan ak strateji atak yo, avan menm yo gen tan rive sou ou.

Toujou ap lanse atak san rete. Atake yo depi nan moman y’ap planifye atak yo kont ou.

Toujou mete nan tet ou ajan Satan yo gen diferant wout ke yo ka pase pou yo atenn yon vre Kretyen k’ap bay yo pwoblem si yo pa ka pran-l’ atrave enkantansyon mistik.

Objektif la se chache yon twou vid. Y’ap chache dwa legal pou yo atake. Pran avantaj sou sa yo ki pi feb la.

Si yo pa ka rive sou moun sa direkteman, yo ka pase atrave madanm moun sa. Si yo pa ka jwenn yon twou vid nan madanm oubyen mari moun sa, yo ka pase menm atrave pitit li.

Si se yon paste, yo ka kreye dezako atrave manb legliz yo. Yo ka lanse espri ki spesyalize nan mete dezako, konfli, ak divizyon.

Youn nan strateji ke yo itilize se ranje oubyen anpwazone kado, manje, lajan, elatriye swa pou yo anvoute ak touye yon sevite oubyen yon sevant Bondye.


Jen ak priye: Toujou mete nan tet ou ke ajan dyab yo konn jene pou konbyen jou pou yo fotifye espri yo yon fason pou yo ka atake sevite ak sevant Bondye.

Yo konn fe sa yon fason pou yo ka kontrekare efikasite jen yon Kwayan. Si Kretyen-an fe yon jou, yo menm yo fe twa jou.

Tout se aktivite ke-w’ dwe modi ak defet yo. Rann yo san efikasite atrave otorite ak pwisans Bondye ba ou.


Temwanyaj

1) Yon ansyen sosye ki transfome an fi rive femen yon legliz atrave yon batem paste-a t’ap fe malgre madanm li te di-l’ yon sonj ke-l’ te fe nan aswe.

2) Yon evanjelis rive pran nan yon mikro ke yon dyak ranje pou li. Madanm li te gen tan we sa nan yon sonj.

3) Yon sosye fe plizye ane nan yon legliz ak yon plan pou-l’ detwi paste-a. Paste-a te toujou kouvri anba prezans ak pwisans Bondye.

Men yon jou li rive atake paste-a atrave kole ke-l’ te fe avan-l’ vin legliz akoz yon pawol dwol madanm li te di-l’.

San konfese li monte che-a, l’al preche ak tout santiman kole-a nan li. Sosye-a ouvri je spirityel li, li pa we pilye dife pwoteksyon sa.

Li lanse yom flech mistik. Menm moman paste-a fe yon kriz kadyak. Li fe plizye jou nan koma.


Sistem Siveyans Mond Teneb La

Mond teneb lan gen ekran mistik atrave-l’ y’ap kontrole yon seri operasyon ke ajan dyab yo al akonpli sou te sa.

Gen yon ansyen jan dyab ki te menm poze tet li kesyon eske enmi-an filme tout moun ki sou te-a.

Paske yo ka fikse kamera direk sou yon moun yon fason pou yo gade moun sa an direk.

Menm Kretyen ke yo konn ap gade yo sou gwo ekran sa yo. Kidonk, yo enstale yon sistem siveyans ki ladan-l’ satelit mistik k’ap kontwole.


Pouvwa Espri

Yon espri gen pouvwa pou-l’ deplase yon pon sitou pon ki pase sou dlo ki gen espri ki abite ladan-l’.

Le pon-an deplase, chofe k’ap kondi yo ap we pon-an nomal pandan ke-l’ deplase.

Se sa ki konn koze anpil aksidan.

Espri yo gen pouvwa pou yo ajite yon dlo, yo ka fe dlo-a monte.

Temwayaj

Pandan yon ansyen satanis te nan yon konvesasyon ak yon siren nan yon dlo ki gen yon pon pase sou li, misye remake gen yon machin k’ap vini ki te gen Kretyen ladan-l’ ki t’ap chante.

Li di machin lan te antoure ak flanm dife. Le siren lan aveti-l’ konsenan machin k’ap vini-a, siren lan te deplase pon-an epi-l’ kenbe-l’ nan men-l’.

Siren lan oblije remete pon-an nan plas li epi-l’ plonje nan lanme-a pou dife-a pa devore-l’.

Yon siren gen plis fos le-l’ nan dlo. Li komanse pedi fos le-l’ soti nan dlo-a pou-l’ vin sou te sa.


Pwoblem Inyorans

Satan itilize inyorans kom yon zam pou-l’ enfliyanse lom. Li itilize yon bagay ki paret nomal ki gen pou we ak sa yon moun pa konnen pou-l’ akonpli objektif li.

Kidonk, gen ka ki konn prezante li toujou bon pou-w’ fe yon priye ki anglobe tout posibilite demonyak ki gen dwa an mosyon deye sitiyasyon sa.

Non selman fo-w’ fe yon priye spesifik ki gen rapo ak sa ke-w’ konnen, men anpil fwa konn gen yon bagay ki la ke-w’ pa menm rann kont de li.


Pran otorite kont strateji Satan pou-l’ vin espyone vi priye-w’ yon fason pou-l’ konn anbisyon-w’ atrave reket ke ou ap adrese a Bondye. Ajan Satan yo konn pwojte espri yo nan “insect” pou yo vin tande reket priye Kwayan jis pou yo ka al konbat yo.

Pran otorite sou movez espri rebel ak destriksyon k’ap opere nan legliz pou moun pa tande mesaj. Gen demon ki gen kapasite pou yo femen zorey moun ki vin legliz pou yo pa tande mesaj.

Gen moun ki inisye nan “soselri sibkonsyan”. Men le yo al legliz, y’ap toujou gen yon tandans anve “le mal”.

Y’ap toujou rete chanel kelkwswa efo ke yo fe. Moun sa yo sanse anvoute.

Imaj ke moun ap gade nan televizyon yo konn gen demon ki atache nan yo.


Misyon

Le-w’ al nan misyon fo-w’ pran atansyon ak tout ti bagay. Nenpot bagay kit li piti ou pa dwe fe-w’ toujou sispek jis nan degre pou ap sonde.

Tankou bet, demonstrasyon, chanjman nan tan ki fet, lapli, loraj, elatriye.

Depi se yon bagay ki prezante kom yon obstak pou sa-w’ pral akonpli, fo-w’ veye-l’.

Priye pou machin lan k’ap transpote moun yo. Priye pou Bondye enpoze men pwoteksyon-L’ sou machin sa.

Ke Bondye mete yon pwisans spirityel sou machin sa pou ki pemet li franchin tout pyej, obstak enmi-an mete pou kontrekare misyon sa.

Depi se yon bagay ke-w’ pral fe pou glwa Bondye pou-w’ konfronte yon pwoblem ki poze, depi yon moun ap ba-w’ pawol dekourajman, siveye moun sa.

Temwayaj

Yon ansyen satanis rakonte yon evenman malefik ki te pase kote yon gwoup sosye te toudi yon moun ke yo te gen yon plan pou yo t’al leve.

Pandan y’ap fe veye-a, yo sispek gen yon “homme de Dieu” ki vin nan plas la. Dout, enkyetid komanse akapare sosye sa yo k’ap swiv sitiyasyon-an “de pres”.

Paske yo konnen ke yon moun ki toudi se yon moun ki ka soti nan kondisyon-l’ ye-a si yon moun ki dyanm spirityelman priye pou li.

Sa yo fe, yo lanse yon gwoup demon dezako ak konfli pou al pwovoke yon gwoup “teenager” ki te la. Yon sel konfli ak batay pete. Sa rive dispese moun ki te la enkli “homme de Dieu”.


Te gen yon anteman kote yon pastè te dirije pa Lespri Bondye pou-l’ fè yon priye pou yon ajan Satan ki te la ak tout yon espri nan dlo.

Pandan ke pastè-a pral kòmanse priye-a, ajan te eseye sove selon rekomandasyon espri dlo sa ki rele Micheline. Ki sot tonbe red ate-a.

Pastè-a pran otorite sou li. Menm moman gen yon lejyon demon ki rantre nan yon tonton ki t’ap bwe tafya, yo provoke yon dezi pou-l’ bagay pou neve-l’ yon fason pou yo ka kouri ale lopital ave-l’.

Kom konsekans, fòs dyab ki te sou li-a te afebli.

Leson-an: Gen konfli ki konn prezante nan yon sitiyasyon, konfli-a enfliyanse pa demon yon fason pou yon sevite oubyen sevant Bondye pa defet plan mechan.


Te gen yon dam ki t’ap viv nan yon kay ak mari-l’. Li te fe youn nan kouzin li yo ki t’ap viv andeyo vin viv ave-l’.

Ebyen, jalouzi monte kouzin lan akoz lot la gen ti mwayen, l’al vann vant li ak Bawon Samdi.

Manmzel vin pa ka ansent. Gen yon dam misyone Bondye enspire pou al priye nan kay la.

Menm moman manmzel gen tan pran devan pou-l’ di dam lan pa gen Kretyen la, nou pa bezwen priye-l’ la.

Kidonk, l’ap kouri deye moun lan. Lot kouzin lan ki te gen pwoblem te oblije resevwa dam misyone-a. Dam misyone-a mande pou tout moun konveti.

Kouzin malfektez la pa-t’ vle. Li di pase pou-l’ konveti, li poto kite kay la. Li woule ko-l’ la, li touye de pitit dam sa akoz manmzel pa-t’ pesevere nan levanjil la.

Apre de ensidan sa yo, Bondye voye menm dam laj di-l’ pou-l’ pesevere nan levanjil la atrave priye, jen, peye dim, al legliz, elatriye.

Li vin ansent yon twazyem pitit, kouzin malfektez la al fe menm bagay la anko. Pandan l’ap plante yon boutey monte nan lakou-a nan moman li fin debouche-l’, boutey la eksploze.

Tet boutey la pike kou-l’ soti pa deye. Li tou mouri sou plas.

Leson-an: fo-w’ tre vijilan. Fo-w’ mande Lespri Bondye pou-l’ ouvri je-w’ detekte move je ki bo kote-w’ k’ap fe-w’ mal ki ki pran poz yo ave-w’.


Yon jen gason ke kouzen-l’ t’ap sakrifye rakonte koman yon maladi mistik t’ap ravaje-l’ nan yon degre remed syantifik pa-t’ ka fe anyen pou li.

Kidonk, le-l’ reyalize ke-l’ p’ap chape, li te oblije fe fanmi-l’ mennen-l’ legliz. Li rakonte koman-l’ te fe eksperyans ak efikasite lapriye.

Sante-l’ te vin amelyore touswit. Li di fanmi-l’ yo pito yo kite-l’ nan legliz la jiskaske-l’ rekipere-l’ konpletman.

Ebyen, le kouzen-an vin aprann sa, misye vin pa konfotab menm paske-l’ te gen yon sevite-l’ ke-l’ ta pral sakrifye ki te chape konsa.

Misye voye yon pil demon pou yo al enfliyanse fanmi kouzen-l’ lan yon fason pou yo al chache misye nan legliz la.

Kidonk, strateji-a se elwanye jen gason sa a “homme de Dieu”. Se konsa fanmi-an paret nan legliz la an sovaj yo vin pran misye.

Se la misye pral jwenn lanmo-l’ atrave lanmo mistik.

Leson-an: Tout aktivite, desizyon, ak reyaksyon ki la pou opoze entevansyon divin Bondye gen yon enfliyans demonyak alabaz li.

Alo, sa pa-t’ janm nan ide paste sa si se te yon ka konsa ki te devan-l’.



Leson: Li toujou bon pou-w’ chache direksyon Bondye yon fason pou-w’ sonde menm bagay ki paret nomal.

Anplis, inyorans se yon dimansyon reyalite k’ap evolye ke lom lan sanse pa menm konnen atrave Satan ap opere.

Premyeman: Mande pou Bondye ouvri je-w’.

Dezyeman: Fe yon priye stratejik ki anglobe tout dimansyon reyalite ki prezante-a kote pou-w’ atake nenpot fos demonyak ki aktif.

Depi se kont plan Satan ki an dezako ak volonte Bondye pou lom lan, Bondye ap onore-l’.


Le ou ap vwayaje

Priye pou Bondye pwoteje-w’ menm atrave inyorans, endiferans, ak neglijans lom. Priye sou aspe mekanik avyon sa.

Priye kont tout lot pwoblem ki pa deyo avyon ki ka leve. Tankou tan ak atak teroris. Pran otorite sou pyej mistik ke ajan dyab yo konn mete nan espas la pou lakoz aksidan avyon pou yo vese san.

M’ pran otorite sou aspe mekanik, teknik, ere lom, ak pwoblem anvironman.

Leading causes of aircraft crashes.

  1. 55% Pilot Error
  2. 17% Aircraft Mechanical Error
  3. 13% Weather
  4. 8% Sabotage
  5. 7% Other (ATC,Ground Handling, Unknown)

The sea surface’s temperatures in the Intertropical Convergence zone.

That means there’s lots of moisture going into the atmosphere from the ocean.

Water vapor is the fuel for tropical storms. It’s where the energy comes from.


Pran otorite ak modi tout sa ke enmi-an devlope pou-l’ deranje vi priye Kretyen yo tankou sinema, program televizyon, elatriye.

Gen yon dimansyon ke-w’ ye nan konba spirityel, fo-w’ ap atake fos demonyak kontinyelman k’ap rantre sou teritwa-w’.


Exercising Authority As Followers Of Christ, Ministry

Komandman Pou Ministe

Thoughts

Mantalite Peche

Penetre mantalite peche k’ap gouvene panse lom. Paske moun k’ap benyen nan peche-a pa we oubyen konprann ijans mesaj levanjil la menm jan.

Menm le yo konprann ke lavi frajil, mond lan danjere, men yo pa we-l’ nan sans fe yon desizyon kounyeya pou yo anbandone vi y’ap mennen-an.

Obstak Bon Konsey

Le lom lan ap mennen yon vi, le-l’ gen entansyon-l’ pou-l’ al fe yon bagay ke-l’ we k’ap bon pou li nan sans satisfe dezi lache-l’ oubyen fe tet li plezi, gen yon travay ki gen tan fet nan panse-l’ ki vire panse-l’ devan deye, tet anba, oubyen alanve.

Kidonk, bagay ki dwat, bon konsey ki pa an amoni ak pratik sa moun sa livre tet li a li menm p’ap janm fe sans. Bon sans moun sa sanse manipile. Se yon moun ki anvoute.

Vin gen yon fos rezistans ki etabli nan lavi-l’ k’ap repouse, inyore, ak rejte tout bon konsey ki te ka oryante-l’ nan yon bon direksyon.


Gen yon res manje peche, fo yo vin manje-l’ avan.

Gen laboratwa kote demon yo ap etidye sevo lom lan yon fason pou yo devlope tout kalite desepsyon pou twonpe lom lan.


Skelet Tout Anseyman

Tout bagay komanse ak glwa Bondye ki se enspirasyon, motivasyon, ak deteminasyon-L’ nan tout sa L’ap fe.

Se anndan glwa Bondye, ou jwenn koz primodyal egzistans lom lan. Lom lan egziste pou glwa Bondye menm.

Glwa Bondye dwe devni enspirasyon, motivasyon, ak deteminasyon lom lan. Lom lan gen yon responsabilite pou-l’ glorifye Bondye atrave yon vi obeyisans.

Atrave inyorans ak rebelyon lom, glwa sa ki se esans egzistans lom lan vin oryante anve Satan pa mwayen peche.

Satan tou eskplwate opotinite sa pou-l’ etabli wayom li ki kanpe sou vole, touye, ak detwi. Men baz santral la se desepsyon ki se orijin peche.

Tout anseyman dwe fokis sou konfronte ak ekspoze ministe Satan ki baze sou vole, touye, ak detwi.


Tout anseyman dwe konsantre sou Jezi Kris ki te vini ak misyon pou-L’ detwi zev Satan yon fason pou-L’ restore lom a esans egzistans yo.

Kris gen yon ministe ki opoze a wayom Satan. Ministe Kris la baze sou restore sa enmi-an vole, bay lavi a sa enmi-an touye, ak rebati sa ke enmi-an detwi.

Pwiske Jezi Kris enpoze-L’ kom chemen, verite, ak lavi, Kris devni sel mwayen atrave-L’ lom lan ka oryante glwa a Bondye.

Tout anseyman dwe baze sou glorifye Kris paske se misyon Lespri Sen-an menm.


Pi Gwo Responsabilite

Pi gwo responsabilite yon moun nan ministe se ede lom lan franchi gwo dekalaj ki genyen ant konnen ak obeyi Pawol la.


Bondye “dupliquez” an milye, milyon, milya pou-m’ tout kote sou plan sa ak “au dela” atrave priye sa pou-m’ fe dega.

Pou-m’ libere sila yo ki an kaptivite.

Recent Posts

  • The Angels Of God
  • THREE KINGDOM PRINCIPLES — 40 DECLARATIONS OF FAITH
  • The Living Word As The Fabric OF All Reality — 10 DECLARATIONS
  • The Mercy Court And The Earth (Another Perspective)
  • Against Evil Intentions In Motion — 21 Declarations Of Faith
  • Intent, Decision, And Action
  • 4 Winds (First Version)
  • Mobilize The 4 Winds (Expanded Version)
  • Mobilizing The Sun, Moon, and Stars
  • The Voice, Breath, And Word of God
  • The Name OF Jesus In The Spirit Realm
  • Earth, Water, Fire, And Air
  • Nuclear Revelation
  • Addiction, Disorder, And Bitterness
  • The Word Of The Infinite God (Faith Activation)
  • Faith Warm Up
  • The Global Church
  • The Angelic Hosts Of Heaven
  • Regeneration, Salvation, And Deliverance
  • The Body And Blood Of Jesus
  • Destroying This Habit Declarations
  • The Anointing That Breaks The Yoke
  • The Hand Of God (Verses Declarations)
  • The Hand Of God (Testimonies)
  • Restoration…
  • The Concentrated Power Of God
  • The Energetic Blood Of Jesus
  • The Name Of Jesus (The Universe)
  • The Ignorance Of Believers Prayer
  • Taking Possession Prayer
  • The Word Of God (Voice Over)
  • Binding And Loosing
  • Pawòl Bondye Toupwisan
  • Dominion Of The Earth Through The Body
  • Testimony
  • The Word Of God Is The Substance
  • Your Identity In Christ
  • The Five Worlds of Satan
  • Praying For Others
  • 100 Violently Spiritual Warfare Declarations
  • Speak As Jesus Representatives
  • Blood in Occult Rituals vs. The Blood of Jesus
  • 40 Spiritual Warfare Prayer Themes Against the Kingdom of Darkness
  • Structuring Prayer for the Global Body of Christ
  • Key Ministry Strategies
  • Full Summary – Deliverance of the Body and the Soul
  • My Testimony: From Islam to the Living God
  • 🔥 Declaration: “The Word in My Mouth”
  • ✅ Daily Reminders
  • ✅ Rejuvenating Energy And Power Of God
  • ✅ The Relational Approach Of Jesus Name
  • Things That I Have To Focus On
  • The Hand Of God
  • ✅ The Glory Of God
  • Chatgpt Deep Research
  • Testimony About Christian Being Broke
  • Summary of “Testimony of a False Prophet”
  • The Final Hours
  • Testimony About The Power Of The Name And Word of Christ Jesus
  • Ungodly Covenant
  • Yod Hey Vav Hey, Yahuah Elohim Rapha
  • The Names Of God
  • Yod Hey Vav Hey – Personal
  • Youth Is Renewed
  • Exercising Authority And Dominion
  • The Face Of God
  • Sound Vibration
  • Covenant Of Offerings With The LORD
  • The Almighty Strategy
  • Part Two – Psalms Of Confession
  • Transcendence, Preeminence, Superiority, And Dominance Of The Name JESUS
  • Yod Hey Vav Hey
  • Yahuah Rapha – Healing
  • Psalms Of Confession And Purification
  • Worship
  • Healing For The People
  • Soul Battles
  • Final Strategy
  • The Word Of God Part 2
  • Healing Prayer
  • Holiness And Righteousness
  • The Power Of The Word Of God
  • Excepts From The Book Of Isaiah
  • ✅ Prayer Ministry (Ignorance)
  • Sòm Pou Li Pou Pwoteksyon
  • Pran Otorite Sou Tèritwa-W’
  • Som Pou Li
  • The Infinite Power
  • ✅ Nouvo Kòmand
  • The Battle Of Psalms
  • ✅ The Lord’s Prayer
  • Atake Ènmi-an
  • 3 Tip Espri K’ap Enfliyanse Mond Lan
  • Scripture Verses To Memorize
  • ✅ Transcendance, Prééminence, Superiorité, Ak Dominance Non JÉSUS
  • Tem Konba Spirityèl
  • Priyè Konsènan Glwa Bondye
  • Pale Pou Mwen Senyè JÉSUS
  • Aji Pou Mwen
  • ✅ My Daily Routine
  • Embracing Your True Identity In Christ
  • Konba Spirityèl 
  • Spirit Of Man
  • Anbago 2
  • Glorifying God Almighty
  • Prayers For The Nation
  • Things To Keep In Mind
  • The Glory Of God Almighty Is The 1st And Utmost Priority, Victory In Jesus
  • Mystery Of Body Parts
  • The Mystery Of God
  • What Are Elementals?
  • Aloe Growth Healing Serum & Mega Growth Oil
  • ✅ Victory Over This….
  • Reyaktivaksyon, Restorasyon, Ak Egzese Otorite Sou Eleman
  • Powerful Psalms Of Battle
  • The Name Of Jesus, Glory Of God, And Temptation
  • ✅ Powerful Stuffs (Very Important) (Take Over)
  • The Deception Of Reincarnation
  • Doing The Works Of God
  • Dead To Sin In Christ
  • Seeking God’s Direction
  • Plan Kont Kid…
  • Purification Of The Word Of God
  • Prayer Of Destruction
  • Fighting Craving To Indulge
  • The Believers Authority In God Through Jesus Christ, Dealing With Argument
  • The Power Of The Name Of Jesus [Very Important] – Remonte Nan Esans Ak Pwisans Non Sa
  • Plan Kont Sistem Po…
  • Pwisans Bondye
  • Spiritual Warfare Verses, Hand Of God
  • Pran Otorite Ak Posesyon
  • Pwisans Kò Ak San Jezi
  • Pwisans Pawòl Bondye-a
  • The Father Speaks
  • Jesus Is In All Things, He Holds Everything Together
  • Special Prayer
  • Experimentation
  • Healing Verses
  • A Prayer of Healing Through Worship
  • The Seven Wounds Of Jesus
  • Things To Focus In Prayer – Very Important
  • ✅ Prayer Of Impartation And Spiritual Vision
  • Things To Enrich My Prayer Life
  • Choosing to take God at His Word
  • Things To Pray, Fast, Revival
  • Daily Scripture Verses To Meditate On
  • Daily Prayer
  • Elvasyon Spirityèl Legliz La
  • Pwisans Ki Gen Nan Sèvi Bondye Ak Byen-W’, Ofrann, Ak Destine
  • Strateji Pou-M’ Konbat Tout… Pou Elvasyon Spirityel Legliz La Ak Kominote-a
  • Building Ministry Scripture Verses
  • Important Knowledge About God And Man
  • Pouvwa Yon Satanis Genyen
  • Temwayaj Moun Ki Te Tonbe An Pouriti Ak Entevansyon Jezi Kris
  • Casting Out Demons, Death Prayer, Blocking Plan To Pray, And Dream
  • Songs The Angels Sung Prior To Jesus Resurrection
  • The Holy Spirit
  • The Prayer of Consecration
  • The Tabernacle Prayer Model
  • Sovereignty Of God And The Tendency For Immediate Results
  • Reyalite Dwol Ou Ap Leve Nan Lapriye
  • Psalms That You Can Read For Protection
  • Dife Lespri Sen-An
  • Enfliyans Satan
  • Depouye-w’ De Vye Konsepsyon Konsenan Priye, Lapriye Transandantal
  • Obstak Kont Lafwa Ke-m’ Pote Viktwa Sou Yo
  • Ministry Of Angels And Psalms
  • ✅ Atak Kont Legliz Kris La – Reket Priye
  • Vigilance In Sprititual Warfare
  • Espri Demonnyak, Espri Bijou, Makiyaj, Pederas, Ak Imoralite
  • The Spiritual World, The World Of Darkness
  • Wayòm Satan, Feblès Lachè, Pwisans Levanjil
  • The Fall Of Satan And The Recreation Of The Earth
  • Temwayaj Jean Claude Muamba, San Moun
  • The Body And Blood Of Jesus, The Spiritual Reality Of Holy Communion – Very Important
  • Temwayaj Felicien – Magie Wouj, Atak Kont Reinhard Bonnke
  • The Works Of The Holy Spirit
  • Temwanyaj Pierre Akandjo – Sistem Bondye – Prensip Biblik
  • Brother Oscar Testimony – Offerings, Marriage, Secular Music, Power Of Praise
  • Temwayaj Yon Ansyen Medsen Fetich Kameroune, Miwa Mistik, The Book Of Condemnation
  • ✅ Jesus Came To Destroy The Works Of The Devil
  • Tre Enpotan Nan Konfronte Dout Ak Enkyetid
  • Kontwòl Sou Tout Sa K’ap Dewoule
  • Power Of Prayer Out Of Ignorance Testimony – Angelic Army
  • 9 Tip Kretyen Pou-W’ Fokis Sou Yo, Vi Rebel
  • Spiritual Reality, Terms
  • Leve Moun, Zonbifikasyon, Ak Sakrifis Imen
  • Konfli Spirityel Kont Espri Imen, Fo Cheve
  • Nanm, Prensip, Dife Bondye
  • Satan’s Temples, Catholic, And Pandemonium
  • 17 Super Powerful Things
  • The Creative Power Of God Almighty
  • Brother Oscar Testimony – Believers’ Weapons And Discernment – War Against Spiritual Vision
  • Brother Oscar Testimony – Prayer, Anointing Oil, Adornment
  • Brother Oscar Testimony – Satanic Products
  • Brother Oscar Testimony – The Power Of Baptism
  • The Power Of Confessing The Word Of God
  • Vision, Discernment, Understanding, And Knowledge
  • Danje Ki Genyen Nan Imoralite Seksyel
  • Food Infestation, Markets, Seat And Throne Of Demonic Powers

Archives

  • June 2026
  • May 2026
  • April 2026
  • March 2026
  • January 2026
  • November 2025
  • October 2025
  • September 2025
  • August 2025
  • July 2025
  • May 2025
  • April 2025
  • December 2024
  • November 2024
  • October 2024
  • September 2024
  • July 2024
  • June 2024
  • May 2024
  • July 2023
  • May 2023
  • April 2023
  • March 2023
  • February 2023
  • January 2023
  • December 2022
  • November 2022
  • August 2022
  • June 2022
  • May 2022
  • March 2022
  • January 2022
  • December 2021
  • November 2021
  • October 2021
  • September 2021
  • August 2021
  • July 2021
  • June 2021
  • March 2021
  • November 2020
  • September 2020
  • August 2020
  • July 2020
  • June 2020
  • April 2020
  • March 2020
  • February 2020
  • January 2020
  • December 2019
  • November 2019
  • October 2019
  • September 2019
  • August 2019
  • July 2019
  • June 2019
  • March 2019
  • February 2019
  • January 2019
  • December 2018
  • November 2018
  • October 2018
  • September 2018
  • August 2018
  • August 2017

Categories

  • Astral Traveling
  • Being Vigilant
  • Believers' Spirit In Warfare
  • Blocking Prayer Plan
  • Christian Empowerment
  • Danje Pwodwi Bote
  • Death Prayer
  • Dominion
  • Drinking blood
  • Emotional And Mental Instability
  • Evanjelizasyon
  • Faith in God
  • Fall of Satan
  • Kingdom of Darkness
  • Konfesyon Satan
  • Nighttime Demonic Activities
  • Old Spiritual Stuffs
  • People's Stars
  • Power of prayer
  • Power of the name of Jesus
  • Preaching The Gospel
  • Pwisans Gerizon
  • Pwisans Lafwa
  • Pwoblem Kwayans
  • Satan's Bank Of Blood
  • Satanists' Infiltration In The Church
  • Scripture Verses
  • Sea Siren
  • Sexual Perversion
  • Spiritual Prison
  • Spiritual Warfare
  • Testimony
  • The Astral Realm
  • The Blood Of Jesus
  • The Dark World Infrastructure
  • The Importance Of Discernment
  • The Power Of God
  • The Power Of Offerings
  • The Power Of Praise
  • Twal Arenye
  • Uncategorized
  • Word of Curses
  • World of Satan

Meta

  • Log in
  • Entries feed
  • Comments feed
  • WordPress.org
© 2026 Powerful Testimonies | Powered by Minimalist Blog WordPress Theme