Ekzèsis Lafwa: Nou gen lafwa atravè tande. Tande kisa? Tande Pawòl Bondye-a (Women 10:17).
Non ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, ak dominasyon tout sistèm Bondye toupwisan ladan-L’: Bondye Papa, Pitit la, ak Lespri Sen-an.
Non ke syèl la ak tè-a gen pou kouri pou prezans Sila ki kanpe dèyè-l’ la epi p’ap gen plas pou yo kache.
Pawòl Bondye-a se yon sistèm divin ki gen ladan-l’ Bondye Papa kòm sous tout bagay, Pitit la Jezi Kris kòm Pawòl la ki se ekspresyon tout bagay, ak Lespri Sen-an ki se manifestasyon tout bagay.
Pawòl la omnisyan, omniprezan, ak omnipotan. Pawòl la gen konsyans, entèlijans, konesans, sajès, entansyon, otorite, pwisans, prezans, ak lavi Bondye vivan ladan-l’.
Anndan menm sistèm divin sa, gen antite anjelik yo ki nan kantite ke-w’ pa ka konte ki aji selon Pawòl la.
Pawòl la gen yon rezonans tout kote kit li lokal, rejyonal, nasyonal, entènasyonal, global, ak inivèsèl. Pawòl la transande spas, tan, ak matyè. Distans pa gen okenn enpòtans pou Pawòl la. Li se sa ki fè tout distans. Li se sa ki depase tout distans.
Kidonk, sa-m’ santi ak panse ki byen lwen-m’ lan an rezonans nan mwen ak alantou-m’. M’ p’ap adrese yon Bondye ki lwen-m’, men ki prezan nan mwen. Si-L’ ka konnen yon vye panse ki travèse imajinasyon-m’, Li tande lè-m’ priye-L’.
Chak fwa ke Pawòl la deklare ak lafwa, Pawòl sa ale epi li al fè yon enpak yon kote.
By speaking the Word of God by faith, you are tapping into the greatest, biggest, most powerful, loudest, and most far reaching sound system.
The system that goes beyond all types of limitations. My declarations aren’t what will make the difference, but the very system that’s already in place backing up my declarations.
I am tapping into the core principle being the creational, and existential foundation of all realms of existence being spoken Words.
I am connecting to the System of systems, the Network of networks, the Realm of realms which is omnipresent, omniscient, and omnipotent being God Almighty through His beloved Son by the blessed Holy Spirit.
Senyè ak Dye nou, Ou diy pou-W’ resevwa glwa, onè, louwanj, ak pwisans paske se Ou ki te kreye tout bagay, atravè volonte-W’ an Jezi Kris ki se Pawòl la yo tout te kreye epi vin sa yo ye-a pou glwa non-W’ (Revelasyon 4:11).
Atravè lafwa, nou konprann ke inivè-a te fòme atravè pawòl Bondye. Pou rezon sa, sa ki vizib pa-t’ kreye ak materyèl ki vizib (Ebre 11:3).
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè-a (Jeremi 22:29).
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè Dye ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, dominasyon, fòs, enèji, onksyon, kapasite, abilite, ak potansyalite nan tout plan ekzistans k’ap renye etènèlman.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè Bondye ki siprèm, souveren, absoli, transandan, imanan, endepandan, ak otononòm nan tout ak sou tout bagay.
Senyè ke pa gen anyen ki pa-t’ ekziste avan kòmansman tout bagay ki vin ekziste ki t’ap ka ekziste san Pawòl Li. Pa gen anyen tou ki pa-t’ ekziste ki vin ekziste ki ka kontinye rete an ekzistans san Pawòl Li.
Senyè ke pa gen anyen nonplis ki ka manifeste nan kèlkeswa dimansyon ekzistans ke-l’ ye san otorizasyon oubyen pèmisyon Pawòl Li.
Li se Senyè ke pa gen anyen ki ka fonksyone san Pawòl Li paske pa gen anyen ki endepandan ak otonòm atravè ekzistans ak fonksyonman yo. Kidonk, Pawòl la gen anprent Li nan tout bagay.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè Dye ki anwo nan syèl la ki chita sou twòn ki pi wo pase tout twòn ke pa gen yon bagay ki pa an soumisyon ak otorite-L’ ki manifeste atravè Pawòl pwisans Li an Jezi Kris.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Bondye ki se gran Achitèk, Kreyatè, ak Soutyen tout inivè-a. Bondye vivan ki bay lavi ke tout sa-L’ kreye gen lavi nan yo.
Tande Pawòl Senyè Bondye vivan ki te kreye-W’ kòm yon antite ki vivan. Pwiske ou vivan, ou gen lavi nan ou. Kidonk, ou gen kapasite pou-w’ bay lavi.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè Bondye ki ba-w’ zòrèy pou tande ki pèmèt ke-w’ kapab reponn ak presizyon ki se yon konfimasyon ke-w’ gen kapasite pou-w’ tande ak aji sou baz enstriksyon atravè kòmand ke-w’ resevwa.
Men sa ke Pawòl Senyè-a deklare:
Syèl ki pi wo yo se pou Senyè-a yo ye, men Li bay pitit lòm tè-a kòm tèritwa yo (Sòm 115:16).
Nan kòmansman se te Pawòl la, Pawòl la te la ak Bondye, epi Pawòl la te Bondye (Jan 1:1).
Li abiye ak yon wòb ki gen san ladan-l’, epi non-L’ se Pawòl Bondye-a (Revelasyon 19:13).
Epi tou w’ap dekrete yon bagay, epi l’ap fèt pou ou: epi limyè va jayi sou chemen-w’ (Jòb 22:28).
M’ap ba-W’ tout kle Wayòm syèl la. Tout sa-w’ mare sou tè sa ap mare nan syèl la. Tout sa-w’ demare sou tè sa ap demare nan syèl la (Matye 16:19).
Se vre wi sa M’ap di nou la, tout sa-n’ mare sou tè sa ap mare nan syèl la. Tout sa-n’ demare sou tè sa ap demare nan syèl la (Matye 18:18).
Sa M’ap di nou la se vre wi, si yon moun di mòn sa, deplase al tonbe nan lanmè epi ki pa doute nan kè-l’ men ki kwè sa-l’ di-a ap rive vre, l’ap fèt pou moun sa (Mak 11:23).
Pawòl la pa jis enfòmasyon, enstriksyon, ak kòmand. Li se yon sistèm atravè-L’ ou jwenn Bondye Papa ki se Sous tout bagay, Pitit la Jezi Kris Pawòl la menm an pèsòn ki se Ekspresyon tout bagay, ak Lespri Bondye ki se Manifestasyon tout bagay.
Kidonk, Pawòl la omniprezan, omnipotan, ak omnisyan.
Pawòl Senyè-a reyèl, aktyèl, vivan, aktif, kreyatif, rejeneratif, reyaktif, retroaktif, efikas, pwodiktif, enèjetik, eksplozif, ak dinamik. Pawòl Bondye-a se limyè ki te jayi sou tout kreyasyon-an avan menm solèy, lalin, ak zetwal yo te kreye.
O latè, sou baz gwo kokenchenn revelasyon ke sèvitè Bondye Francis Myles te resevwa nan men Lespri Bondye aprè yon atak sosèlri, m’ vin aprann sa yo de ou menm.
- Ou se yon antite ki vivan.
- Ou gen zòrèy pou-w’ tande enstriksyon ki pèmèt ou aji ak presizyon.
- Ou gen matris ki pèmèt ou prodwi.
- Ou gen bouch pou swa vale oubyen vomi.
- Ou te kreye pou-w’ bay lòm sèvis afen pou yo atenn destine yo.
O latè, latè, latè, nan moman sa,… kòm yon espri ki kreye nan imaj Bondye vivan anndan yon kò ki fèt ak pousyè tè sa ak yon manda pou-m’ domine, kòm yon prèt, yon wa an Jezi Kris, ak menm priz tè sa ki nan men-m’ lan, m’ap fè yon dechajman, depouyman, ak dezentoksifikasyon; m’ kòmande-w’ ouvri bouch ou byen laj pou-w’ vale totalman adiksyon pònografik sa ki anvlope lavi-m’.
Vale movèz enfliyans, dominans, degradasyon, pèvèsyon, depravasyon, malediksyon, alyans avèk espri marin, ak tout enplikasyon spirityèl, mantal, ak fizik ki konekte ak li menm k’ap boulvèse lavi-m’ pandan plizyè ane nan non Jezi.
O latè, dominasyon sou tout kreyasyon-an jan Kreyatè-a vle-l’ la kòmanse ak dominasyon espri-m’ ki sòti nan Bondye sou kò fizik mwen ki fèt ak tè sa; vale pi gwo ènmi gwo manda sa nan lavi-m’ ke Bondye te konfye ak limanite nan non Jezi.
O latè, latè, latè, m’ kòmande-w’ vale rankin, espri vanjans, ak rayisman k’ap bouyi sou kè-m’ anvè moun ki fè-m’ mal yo nan non Jezi.
O latè, latè, latè, m’ kòmande-w’ vale bege sa, tout sentòm li yo, tout limitasyon, ak tout blokaj li yo nan lavi-m’. O latè, ou gen nan ou menm tout langaj ki nan mond sa. Ou gen entèlijans divin.
M’ kòmande-w’ pou vomi tout sa-m’ te pèdi nan domèn kominikasyon, atikilasyon, ak metriz nan domèn langaj mwen akoz mank pratik. Vomi metriz ak bon konpreyansyon lang Anglè, Espanyòl, ak Fransè nan lavi-m’ nan non Jezi.
O latè, latè, latè, nou tou de fèt ak menm eleman. Kò-m’ sòti atravè-w’. Se la kò-m’ gen pou retounen aprè lanmò-m’ nan tan Bondye ki gen tout pouvwa dezinye sa.
Ou se yon pi gwo reprezantasyon kò fizik mwen. Kò fizik mwen se yon reprezantasyon ou menm nan yon dimansyon ki pi limite.
Ou te kreye pou-w’ kolabore avè-m’ kòm sèvitè-m’. Kidonk, kolabore avè-m’ nan non Sila ki se Pawòl la ki te kòmande ekzistans ou Jezi Kris ke tout bagay te kreye atravè-L’ ak pou Li menm epi ki gen pou-L’ vin etabli wayòm Li sou tè sa.
O latè, latè, latè, kòm yon espri ki nan yon kò fizik, dezi-m’ se deklare ak otorite ak pwisans Pawòl Senyè-a sou tout kreyasyon-an pou glwa non-L’, vale tout obstak spirityèl, mantal, ak fizik ki kanpe kont lavi-m’ nan non Jezi.
Vrè, Fidèl, ak Amèn.
She has heard. Put the dirt back.
Gen yon lè kò-m’ ap retounen nan pousye te-a, vale tout sa ki pa bon nan kò-m’.