Skip to content

Powerful Testimonies

A collection of powerful testimonies about the divine power of God and the spiritual reality out there.

Menu
Menu

Priyè Kont Konplo, Krim, Ak Aksidan

Posted on October 28, 2019October 28, 2019 by admin

Bondye Papa nou ki anwo nan syèl la ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, ak dominyon sou tout bagay ki pa janm dòmi.

Bondye ki kreye ni mond vizib ak mond envizib la pou pwòp glwa-L’, pou eksprime grandè-L’ kòm Bondye siprèm inivè-a ki san parèy. Bondye ki pa gen lòt devan-L’, akote-L’, ak dèyè-L’. P’ap janm gen tankou-L’.

Bondye ki kreye tout bagay pou Pitit Li Jezi Kris e ki bay Jezi yon otorite siprèm sou tout bagay ki egziste. Bondye ke anyen pa janm echape anba kontwòl Li.

Bondye ke anyen pa janm pran-L’ pa sipriz. Bondye k’ap renye sou tout inivè-a ak yon otorite ak pwisans nan men-L’ ki absoli e ki san limit.

Yon otorite ke dyab paka ni ranvèse, reziste, ak twonpe. Bondye ke ènmi-an paka pase anba fil fè yon fason pou-l’ twonpe vijilans Ou.

Bondye ke prezans ak grandè-L’ si tèlman imans e reyèl tout kote, inivè-a menm twò piti pou-l’ kenbe prezans Li. Bondye ki chita sou twòn ki pi wo pase tout twòn.

Bondye ke kote Ou syeje sou twòn Ou-an domine sou mond fizik la ak mond kote dyab la ak tout akolit yo ap fonksyone.

Pa gen anyen ki ka manifeste nan mond fizik la si-W’ pa pèmèt li. Bondye k’ap kontwole tout aktivite dyab la. Bondye ki fè sa-L’ vle, tout kote-L’ vle, lè-L’ vle, ak jan-L’ vle kit li se nan syèl la, sou tè-a, anba lanmè, ak anba tè.

Mwen ba Ou tout glwa, lonè, ak louwanj Ou menm sèl merite pou grandè-W’ ak fidelite-W’.

Ebyen, nan tout otorite ak pwisans ke Ou gen nan men-W’ ki p’ap janm ka epwize ke Ou envesti ban Pitit Gason-W’ Jezi Kris ke-W’ bay Kretyen yo aksè a li menm an Kris pou yo detwi zèv dyab la, m’ pran otorite sou tout kalite konplo ki ranje kont mwen kit li mistik ou imen, sou tout zam, sou asid y’ap voye nan figi moun, sou tout plan ènmi-an, sou tout zak kidnapping, sou tout demon ki alabaz konplo sa yo.

Papa, fo-m’ fe refleksyon sa yon fason pou-m’ ka depann sou pwoteksyon-W’ ak yon fem konfidans. Menm jan ke-m’ ka depann sou pwoteksyon-W’ kont atak spirityel ke enmi-an ap lanse toutotan ke-m’ rete nan limit ke-W’ ban mwen-an se konsa ke-m’ ka depann sou pwoteksyon-W’ kont atak fizik tou.

Paske atak spirityel pi terib. Atak spirityel ap evolye nan yon dimansyon ki pi avanse pase domen kote atak fizik ap evolye. Zam spirityel pi terib pase zam fizik.

Zam fizik pa ka kanpe devan zam spirityel. Pa gen okenn lame lom ki ka kanpe kont yon lame espri.

Ebyen, m’ kòmande echèk, anbago, deblozay, avègleman, blokaj, reta, konfizyon, ak egareman total kapital nan non Jezi. M’ kòmande echèk kont tout krim kont mwen nan non Jezi.

Tout vye zak lòm lan ap komèt kòmanse nan de sous sa yo: panse ak santiman. Yo youn sanse jwe sou lòt atravè yo Satan enfliyanse lòm lan.

Tout konplo malefik, destriktif ki gentan planifye deja oubyen ki an mosyon sou plan astral ak nan panse lòm lan kont mwen ki poko manifeste nan mond fizik la, m’ kòmande echèk ak destriksyon nan non Jezi.

Tout sa-k’ gen tan fet pandan lanwit kont mwen ki gen pou manifeste pandan lajounen se pou yo echwe nan non Jezi. Tout espri malefik ki an mosyon astral k’ap tann opòtinite pou yo ka frape-m’, gaye nan non Jezi.



Konfesyon

– Genyen yon Franmason ki di gen pawol ke-w’ pwononse avan-w’ soti, te met gen tout kalite deblozay ak dezod k’ap fet, moun ap mouri, kanta pou retounen lakay ou, ou pa ka pa retounen.

Yon moun te met ap chache-w’ ak zam pou-l’ touye-w’, gen pawol ke-w’ pwononse, kanta jwenn ou-an, se bliye sa.

Gen pawol ke-w’ pwononse, menm si yo te ba ou pwazon, menm si yo te monte yon lamen pou ou, yo p’ap janm ka atenn ou.

Gen pawol ke-w’ site sou machin ou, non selman yo paka vole machin lan, men kelkeswa bagay ke-w’ te kite nan machin lan, vole pa ka pran-l’.

– Yon gwoup moun ki t’ap mache ansanm, nan kapasite mistik yo sou pakou-a, yo gen tan we yon gwoup vole k’ap tann yo. Le yo rive, yo pwononse yon pawol selman, yo tout tounen kabrit. Yo netralize yo tout ak yon pawol mistik. 

– Gen priye ke-w fe le ou ap soti menm si ta pral genyen yon deblozay ki ta pral pete, se le-w’ fin pase pou sa rive fet. Priye-a sanse retade tout sa ki ta pral dewoule nan zon lan pou yon moman.

Gen priye ke-w’ fe si-w’ gen yon kob sou ou, menm si zon ou ap pase-a te chaje vole, menm si vole te met ap fouye moun, pran zafe moun, men kanta pran lajan sa-k’ sou ou-a, sa pa ka fet.

– Gen fason ou ka kreye yon mas enejetik ki rann ke atak fizik ak spirityel pa ka atenn ou.

– Gen pawol ki rann zam ak kouto vin inefektif.

– Gen yon answen satanis ki konfese yo konn krible-l’ ak katouch, an retou li pran grenn katouch yo li bay ajan milite ki tire sou li yo. Yo tout pete kouri a sezisman.

– Anplis, gen yon dam ki t’ap sevi gwo dyab, yo eseye rantre machin sou li pou yo te fini ave-l’. Tout moun panse machin lan kraze-l’, men se gade yo gade yo we-l’ lotbo lari-a. Gen yon entevansyon ki fet ki epanye-l’ de aksidan.

– Gen yon homme mistik anko ki bay jan ke-l’ bloke zam de vole ki t’ap pral eseye vole yon motosiklet nan men yon moun ki t’ap mennen-l’ yon kote.

Te gen twa moto ki t’ap pouswiv yo. Kapasite mistik misye gen tan di-l’, gen yon moun senp k’ap chache lavi-l’. Lot de yo se 2 vole ke yo ye. Le yo fe yo ti ralanti, neg senp ale. 

Men lot de yo jis senen yo. Yo rale zam sou met moto-a pou-l’ bay kle-a, misye ki te chita deye chofe-a deklare an gran jan ke kle-a p’ap bay, e misye peze men chofe-a jis nan degre-l’ pran kle-a nan men-l’ pou-l’ ensiste kle-a p’ap bay telman misye kwe nan reset mistik ke-l’ gen tan fe ki rann li bloke gachet zam sa yo.

Menm vole yo etone le yo we sa. Yo komanse mande kisa misye ye. Misye pran moto-a, chofe-a oblije ak tout laperez monte deye-l’, epi misye vire do-l’ li ale. Li mete neg yo kanpe pou 2 ed tan sou pye yo san yo pa ka ale atrave yon Pawol ke-l’ site.

Bondye ki gen tout pouvwa k’ap renye nan syèl la, Bondye ki se sous tout otorite, pwisans, ak dominyon:

    • Si gen gwo priyè oubyen enkantasyon mistik ke moun k’ap sèvi dyab fè pou yo kreye yon kouvèti oubyen yon mas enèjetik pou pwoteje yo kont tout atak fizik tankou bal, asid, manchèt, kouto, aksidan, ansanm ak atak spirityèl,
    • Si gen gwo kokennchenn pawòl vibratwa ke moun ki nan mistik pwononse pou proteje tèt yo kont zak kidnaping, pwazon, lanmen monte, ak machin yo, 
  • Anplis, si gen gwo priye pwoteksyon pou yo fe ki retade yon deblozay ki te gen pou fet jiskaske moun ki fe priye-a fin pase kote sa.

Si Satan ke pwisans li limite k’ap fonksyone anba otorite-W’ ka pèmèt yon seri moun fè sa yo, sa se evidans ke Ou ka fè plis ke sa-a toujou nan non Jezi pa pwisans Lespri Sen-W’ ki san limit.

M’ konnen ke pwoteksyon dyab la bay pa gen yon garanti ki a 100 pousan. Dyab la ka pwoteje nan degre Ou pemet li pwoteje paske misye ak tout aktivite l’ap mennen anba kontwol Ou. Eskiz dyab la toujou bay le yon bagay rive ke-l’ te sipoze anpeche-l’ fet: si-m’ te la, chwal mwen pa t’ap mouri.

Men sa ki atire atansyon-m’, se fem konfidans, asirans, ak depandans ke moun k’ap sevi-l’ yo genyen nan efikasite pwoteksyon ke yo jwenn nan men Satan atrave gwo pawol enkantasyon ke y’ap pwononse telman yo kwe nan efikasite pratik sa yo malgre gen yon gwo limitasyon nan pwisans ki nan priye sa yo.

Yo kwe nan priye sa yo akoz yo jwenn bon rezilta. Chache pwoteksyon se youn nan koz ki kreye yon kokenchenn swafte nan yo anve degre.

Menm le Ou pa fonksyone menm jan ak Satan, men si dyab la atrave kapasite-l’ ki limite ka fe tout sa yo, Ou ka fe plis ke sa toujou.

Paske tout kapasite kit li fizik, metafizik, spirityèl, tout mwayen ke lòm oubyen movèz espri yo ap itilize pou yo fè anpil mal sou tè sa-a ni sou plan astral ak fizik se Ou menm ki te ba yo l’ pou yo te kapab glorifye non-W’ ki sen.

Ou te ba yo-l’ pou yo te itilize-l’ byen, men yo chwazi pou yo itilize yo mal nan figi-W’ tankou Ou pa-t’ janm egziste pou yo menm.

Tout zam ki egziste kit li fizik oubyen spirityèl, materyèl oubyen eleman ki fè zam sa yo, lwa oubyen konsèp ki itilize pou fè zam sa yo, se Ou menm ki te kreye yo. 

Ni Satan ni lòm, yo poko janm kreye anyen nouvo. Dayè, yo pa gen anyen nouvo ke yo ka kreye tou paske se kopyadò ke yo ye. Se lwa fizik, metafizik, natirèl, oubyen spirityèl ke Ou kreye ke yo dekouvri. 

Atravè nati pèvèsyon ak mechanste ki nan yo menm, yo sèlman chwazi pou yo itilize bagay ke Ou te kreye nan yon fason ki ale kont rezon inisyal ke Ou te kreye yo. 

Se yon mank respè ke-l’ ye, se mank dega ke-l’ ye tou lè Ou ap gade nan ki eta oubyen nan ki mezi malefik ke movèz espri sa yo k’ap enfliyanse lòm ap itilize lwa ak prensip ke-W’ te inisye nan inivè-a.

Se rezon sa-k’ fè ke Ou rayi tout vye zak ke y’ap komèt. Gen yon jou k’ap vini, Ou gen pou ramne yo tout nan yon jijman tèrib kote kòlè-W’ gen pou vide sou yo san mezi pou tout sa ke yo te fè.

Tout spas oubyen domèn ke y’ap fonksyone kit li fizik oubyen spirityèl, vizib oubyen envizib, natirèl oubyen sinatirèl, kit li se nan dezyèm syèl, sou tè sa-a, anba tè, ak anba lanmè, yo tout nèt te kreye pa Ou menm pou pwòp glwa-W’.

Anplis, se Ou menm ki soutni tout domèn sa yo ak gwo pwisans Ou. Ebyen, sa ban mwen yon fèm asirans non sèlman ke Ou gen kontwòl sou tout bagay, men Ou gen tout kapasite ak gwo pouvwa anba men-W’ pou Ou demoli ak ekraze konplètman plan mechan ak tout vye zam ke y’ap itilize pou yo fè mal.

Non sèlman sa, tout sa ki egziste depann de pwisans kreyatif Ou ki an mosyon, ki aktif, oubyen k’ap vibre nan tout sa ke-W’ te kreye.

Men gen yon lot dimansyon pwisans ke Ou te mete pou demere nan kreyati-a pou pèmèt li akonpli volonte-W’. Ebyen, Satan ak tout akolit li yo pèdi aksè ak pwisans sa-a. Yo vin tonbe jouk anba nan labim. Eta deplorab kote yo tonbe-a vin rann ke y’ap vibre a yon frekans ki trè ba.

Yo vin rete sèlman ak kapasite de baz ke-W’ te mete nan yo ak pwisans kreyatif Ou-a lè-W’ t’ap kreye yo pou ki te pemet yo fonksyone kom zanj.

Ebyen, se menm kapasite sa yo ki vin souye oubyen kowonpi pa eta yo vin tonbe ke y’ap itilize devan dèyè oubyen alanvè pou yo reziste volonte-W’.

Men tout kapasite sa yo sanse limite. Ou bay lòm lan gran privilèj pou-l’ kapab gen aksè ak gwo kokennchenn pwisans ki pi wo pase tout pwisans dyab la genyen.

Kidonk, dyab la ak tout akolit li yo se anba pye Kretyen-an yo ye.



May blessings, praise, wealth, glory, wisdom, greatness, dominion, thanks, honor, power, reverence, exaltation, might, majesty, sovereignty and strength be to our Father God who sits on the throne forever and ever and to Christ Jesus who sits on His right hand at the place of honor whom the glorious Father withholds nothing, through whom the Father created everything, and whom everything was created for.

To God the Father be glory and absolute dominion forever and ever and to the Lamb. Amen



Thoughts

Mantalite Peche

Penetre mantalite peche k’ap gouvene panse lom. Paske moun k’ap benyen nan peche-a pa we oubyen konprann ijans mesaj levanjil la menm jan.

Menm le yo konprann ke lavi frajil, mond lan danjere, men yo pa we-l’ nan sans fe yon desizyon kounyeya pou yo anbandone vi y’ap mennen-an.

Obstak Bon Konsey

Le lom lan ap mennen yon vi, le-l’ gen entansyon-l’ pou-l’ al fe yon bagay ke-l’ we k’ap bon pou li nan sans satisfe dezi lache-l’ oubyen fe tet li plezi, gen yon travay ki gen tan fet nan panse-l’ ki vire panse-l’ devan deye, tet anba, oubyen alanve.

Kidonk, bagay ki dwat, bon konsey ki pa an amoni ak pratik sa moun sa livre tet li a li menm p’ap janm fe sans. Bon sans moun sa sanse manipile. Se yon moun ki anvoute.

Vin gen yon fos rezistans ki etabli nan lavi-l’ k’ap repouse, inyore, ak rejte tout bon konsey ki te ka oryante-l’ nan yon bon direksyon.


Gen yon res manje peche, fo yo vin manje-l’ avan.

Gen laboratwa kote demon yo ap etidye sevo lom lan yon fason pou yo devlope tout kalite desepsyon pou twonpe lom lan.


Skelet Tout Anseyman

Tout bagay komanse ak glwa Bondye ki se enspirasyon, motivasyon, ak deteminasyon-L’ nan tout sa L’ap fe.

Se anndan glwa Bondye, ou jwenn koz primodyal egzistans lom lan. Lom lan egziste pou glwa Bondye menm.

Glwa Bondye dwe devni enspirasyon, motivasyon, ak deteminasyon lom lan. Lom lan gen yon responsabilite pou-l’ glorifye Bondye atrave yon vi obeyisans.

Atrave inyorans ak rebelyon lom, glwa sa ki se esans egzistans lom lan vin oryante anve Satan pa mwayen peche.

Satan tou eskplwate opotinite sa pou-l’ etabli wayom li ki kanpe sou vole, touye, ak detwi. Men baz santral la se desepsyon ki se orijin peche.

Tout anseyman dwe fokis sou konfronte ak ekspoze ministe Satan ki baze sou vole, touye, ak detwi.


Tout anseyman dwe konsantre sou Jezi Kris ki te vini ak misyon pou-L’ detwi zev Satan yon fason pou-L’ restore lom a esans egzistans yo.

Kris gen yon ministe ki opoze a wayom Satan. Ministe Kris la baze sou restore sa enmi-an vole, bay lavi a sa enmi-an touye, ak rebati sa ke enmi-an detwi.

Pwiske Jezi Kris enpoze-L’ kom chemen, verite, ak lavi, Kris devni sel mwayen atrave-L’ lom lan ka oryante glwa a Bondye.

Tout anseyman dwe baze sou glorifye Kris paske se misyon Lespri Sen-an menm.


Pi Gwo Responsabilite

Pi gwo responsabilite yon moun nan ministe se ede lom lan franchi gwo dekalaj ki genyen ant konnen ak obeyi Pawol la.


Bondye “dupliquez” an milye, milyon, milya pou-m’ tout kote sou plan sa ak “au dela” atrave priye sa pou-m’ fe dega.

Pou-m’ libere sila yo ki an kaptivite.

Recent Posts

  • The Angels Of God
  • THREE KINGDOM PRINCIPLES — 40 DECLARATIONS OF FAITH
  • The Living Word As The Fabric OF All Reality — 10 DECLARATIONS
  • The Mercy Court And The Earth (Another Perspective)
  • Against Evil Intentions In Motion — 21 Declarations Of Faith
  • Intent, Decision, And Action
  • 4 Winds (First Version)
  • Mobilize The 4 Winds (Expanded Version)
  • Mobilizing The Sun, Moon, and Stars
  • The Voice, Breath, And Word of God
  • The Name OF Jesus In The Spirit Realm
  • Earth, Water, Fire, And Air
  • Nuclear Revelation
  • Addiction, Disorder, And Bitterness
  • The Word Of The Infinite God (Faith Activation)
  • Faith Warm Up
  • The Global Church
  • The Angelic Hosts Of Heaven
  • Regeneration, Salvation, And Deliverance
  • The Body And Blood Of Jesus
  • Destroying This Habit Declarations
  • The Anointing That Breaks The Yoke
  • The Hand Of God (Verses Declarations)
  • The Hand Of God (Testimonies)
  • Restoration…
  • The Concentrated Power Of God
  • The Energetic Blood Of Jesus
  • The Name Of Jesus (The Universe)
  • The Ignorance Of Believers Prayer
  • Taking Possession Prayer
  • The Word Of God (Voice Over)
  • Binding And Loosing
  • Pawòl Bondye Toupwisan
  • Dominion Of The Earth Through The Body
  • Testimony
  • The Word Of God Is The Substance
  • Your Identity In Christ
  • The Five Worlds of Satan
  • Praying For Others
  • 100 Violently Spiritual Warfare Declarations
  • Speak As Jesus Representatives
  • Blood in Occult Rituals vs. The Blood of Jesus
  • 40 Spiritual Warfare Prayer Themes Against the Kingdom of Darkness
  • Structuring Prayer for the Global Body of Christ
  • Key Ministry Strategies
  • Full Summary – Deliverance of the Body and the Soul
  • My Testimony: From Islam to the Living God
  • 🔥 Declaration: “The Word in My Mouth”
  • ✅ Daily Reminders
  • ✅ Rejuvenating Energy And Power Of God
  • ✅ The Relational Approach Of Jesus Name
  • Things That I Have To Focus On
  • The Hand Of God
  • ✅ The Glory Of God
  • Chatgpt Deep Research
  • Testimony About Christian Being Broke
  • Summary of “Testimony of a False Prophet”
  • The Final Hours
  • Testimony About The Power Of The Name And Word of Christ Jesus
  • Ungodly Covenant
  • Yod Hey Vav Hey, Yahuah Elohim Rapha
  • The Names Of God
  • Yod Hey Vav Hey – Personal
  • Youth Is Renewed
  • Exercising Authority And Dominion
  • The Face Of God
  • Sound Vibration
  • Covenant Of Offerings With The LORD
  • The Almighty Strategy
  • Part Two – Psalms Of Confession
  • Transcendence, Preeminence, Superiority, And Dominance Of The Name JESUS
  • Yod Hey Vav Hey
  • Yahuah Rapha – Healing
  • Psalms Of Confession And Purification
  • Worship
  • Healing For The People
  • Soul Battles
  • Final Strategy
  • The Word Of God Part 2
  • Healing Prayer
  • Holiness And Righteousness
  • The Power Of The Word Of God
  • Excepts From The Book Of Isaiah
  • ✅ Prayer Ministry (Ignorance)
  • Sòm Pou Li Pou Pwoteksyon
  • Pran Otorite Sou Tèritwa-W’
  • Som Pou Li
  • The Infinite Power
  • ✅ Nouvo Kòmand
  • The Battle Of Psalms
  • ✅ The Lord’s Prayer
  • Atake Ènmi-an
  • 3 Tip Espri K’ap Enfliyanse Mond Lan
  • Scripture Verses To Memorize
  • ✅ Transcendance, Prééminence, Superiorité, Ak Dominance Non JÉSUS
  • Tem Konba Spirityèl
  • Priyè Konsènan Glwa Bondye
  • Pale Pou Mwen Senyè JÉSUS
  • Aji Pou Mwen
  • ✅ My Daily Routine
  • Embracing Your True Identity In Christ
  • Konba Spirityèl 
  • Spirit Of Man
  • Anbago 2
  • Glorifying God Almighty
  • Prayers For The Nation
  • Things To Keep In Mind
  • The Glory Of God Almighty Is The 1st And Utmost Priority, Victory In Jesus
  • Mystery Of Body Parts
  • The Mystery Of God
  • What Are Elementals?
  • Aloe Growth Healing Serum & Mega Growth Oil
  • ✅ Victory Over This….
  • Reyaktivaksyon, Restorasyon, Ak Egzese Otorite Sou Eleman
  • Powerful Psalms Of Battle
  • The Name Of Jesus, Glory Of God, And Temptation
  • ✅ Powerful Stuffs (Very Important) (Take Over)
  • The Deception Of Reincarnation
  • Doing The Works Of God
  • Dead To Sin In Christ
  • Seeking God’s Direction
  • Plan Kont Kid…
  • Purification Of The Word Of God
  • Prayer Of Destruction
  • Fighting Craving To Indulge
  • The Believers Authority In God Through Jesus Christ, Dealing With Argument
  • The Power Of The Name Of Jesus [Very Important] – Remonte Nan Esans Ak Pwisans Non Sa
  • Plan Kont Sistem Po…
  • Pwisans Bondye
  • Spiritual Warfare Verses, Hand Of God
  • Pran Otorite Ak Posesyon
  • Pwisans Kò Ak San Jezi
  • Pwisans Pawòl Bondye-a
  • The Father Speaks
  • Jesus Is In All Things, He Holds Everything Together
  • Special Prayer
  • Experimentation
  • Healing Verses
  • A Prayer of Healing Through Worship
  • The Seven Wounds Of Jesus
  • Things To Focus In Prayer – Very Important
  • ✅ Prayer Of Impartation And Spiritual Vision
  • Things To Enrich My Prayer Life
  • Choosing to take God at His Word
  • Things To Pray, Fast, Revival
  • Daily Scripture Verses To Meditate On
  • Daily Prayer
  • Elvasyon Spirityèl Legliz La
  • Pwisans Ki Gen Nan Sèvi Bondye Ak Byen-W’, Ofrann, Ak Destine
  • Strateji Pou-M’ Konbat Tout… Pou Elvasyon Spirityel Legliz La Ak Kominote-a
  • Building Ministry Scripture Verses
  • Important Knowledge About God And Man
  • Pouvwa Yon Satanis Genyen
  • Temwayaj Moun Ki Te Tonbe An Pouriti Ak Entevansyon Jezi Kris
  • Casting Out Demons, Death Prayer, Blocking Plan To Pray, And Dream
  • Songs The Angels Sung Prior To Jesus Resurrection
  • The Holy Spirit
  • The Prayer of Consecration
  • The Tabernacle Prayer Model
  • Sovereignty Of God And The Tendency For Immediate Results
  • Reyalite Dwol Ou Ap Leve Nan Lapriye
  • Psalms That You Can Read For Protection
  • Dife Lespri Sen-An
  • Enfliyans Satan
  • Depouye-w’ De Vye Konsepsyon Konsenan Priye, Lapriye Transandantal
  • Obstak Kont Lafwa Ke-m’ Pote Viktwa Sou Yo
  • Ministry Of Angels And Psalms
  • ✅ Atak Kont Legliz Kris La – Reket Priye
  • Vigilance In Sprititual Warfare
  • Espri Demonnyak, Espri Bijou, Makiyaj, Pederas, Ak Imoralite
  • The Spiritual World, The World Of Darkness
  • Wayòm Satan, Feblès Lachè, Pwisans Levanjil
  • The Fall Of Satan And The Recreation Of The Earth
  • Temwayaj Jean Claude Muamba, San Moun
  • The Body And Blood Of Jesus, The Spiritual Reality Of Holy Communion – Very Important
  • Temwayaj Felicien – Magie Wouj, Atak Kont Reinhard Bonnke
  • The Works Of The Holy Spirit
  • Temwanyaj Pierre Akandjo – Sistem Bondye – Prensip Biblik
  • Brother Oscar Testimony – Offerings, Marriage, Secular Music, Power Of Praise
  • Temwayaj Yon Ansyen Medsen Fetich Kameroune, Miwa Mistik, The Book Of Condemnation
  • ✅ Jesus Came To Destroy The Works Of The Devil
  • Tre Enpotan Nan Konfronte Dout Ak Enkyetid
  • Kontwòl Sou Tout Sa K’ap Dewoule
  • Power Of Prayer Out Of Ignorance Testimony – Angelic Army
  • 9 Tip Kretyen Pou-W’ Fokis Sou Yo, Vi Rebel
  • Spiritual Reality, Terms
  • Leve Moun, Zonbifikasyon, Ak Sakrifis Imen
  • Konfli Spirityel Kont Espri Imen, Fo Cheve
  • Nanm, Prensip, Dife Bondye
  • Satan’s Temples, Catholic, And Pandemonium
  • 17 Super Powerful Things
  • The Creative Power Of God Almighty
  • Brother Oscar Testimony – Believers’ Weapons And Discernment – War Against Spiritual Vision
  • Brother Oscar Testimony – Prayer, Anointing Oil, Adornment
  • Brother Oscar Testimony – Satanic Products
  • Brother Oscar Testimony – The Power Of Baptism
  • The Power Of Confessing The Word Of God
  • Vision, Discernment, Understanding, And Knowledge
  • Danje Ki Genyen Nan Imoralite Seksyel
  • Food Infestation, Markets, Seat And Throne Of Demonic Powers

Archives

  • June 2026
  • May 2026
  • April 2026
  • March 2026
  • January 2026
  • November 2025
  • October 2025
  • September 2025
  • August 2025
  • July 2025
  • May 2025
  • April 2025
  • December 2024
  • November 2024
  • October 2024
  • September 2024
  • July 2024
  • June 2024
  • May 2024
  • July 2023
  • May 2023
  • April 2023
  • March 2023
  • February 2023
  • January 2023
  • December 2022
  • November 2022
  • August 2022
  • June 2022
  • May 2022
  • March 2022
  • January 2022
  • December 2021
  • November 2021
  • October 2021
  • September 2021
  • August 2021
  • July 2021
  • June 2021
  • March 2021
  • November 2020
  • September 2020
  • August 2020
  • July 2020
  • June 2020
  • April 2020
  • March 2020
  • February 2020
  • January 2020
  • December 2019
  • November 2019
  • October 2019
  • September 2019
  • August 2019
  • July 2019
  • June 2019
  • March 2019
  • February 2019
  • January 2019
  • December 2018
  • November 2018
  • October 2018
  • September 2018
  • August 2018
  • August 2017

Categories

  • Astral Traveling
  • Being Vigilant
  • Believers' Spirit In Warfare
  • Blocking Prayer Plan
  • Christian Empowerment
  • Danje Pwodwi Bote
  • Death Prayer
  • Dominion
  • Drinking blood
  • Emotional And Mental Instability
  • Evanjelizasyon
  • Faith in God
  • Fall of Satan
  • Kingdom of Darkness
  • Konfesyon Satan
  • Nighttime Demonic Activities
  • Old Spiritual Stuffs
  • People's Stars
  • Power of prayer
  • Power of the name of Jesus
  • Preaching The Gospel
  • Pwisans Gerizon
  • Pwisans Lafwa
  • Pwoblem Kwayans
  • Satan's Bank Of Blood
  • Satanists' Infiltration In The Church
  • Scripture Verses
  • Sea Siren
  • Sexual Perversion
  • Spiritual Prison
  • Spiritual Warfare
  • Testimony
  • The Astral Realm
  • The Blood Of Jesus
  • The Dark World Infrastructure
  • The Importance Of Discernment
  • The Power Of God
  • The Power Of Offerings
  • The Power Of Praise
  • Twal Arenye
  • Uncategorized
  • Word of Curses
  • World of Satan

Meta

  • Log in
  • Entries feed
  • Comments feed
  • WordPress.org
© 2026 Powerful Testimonies | Powered by Minimalist Blog WordPress Theme