Skip to content

Powerful Testimonies

A collection of powerful testimonies about the divine power of God and the spiritual reality out there.

Menu
Menu

Tre Enpotan: Konba Pou Nanm Ki Anchene

Posted on December 4, 2019December 19, 2019 by admin

Enmi-an la pou-l’ vire a lanve prensip fondamantal ke Bondye etabli pou gouvene fason lom lan dwe viv kom yon kreyati ke-L’ kreye pou glwa-L’.

Enmi-an la tou pou-l’ eskplwate lwa natirel ak spirityel ke Bondye enstitiye pou gouvene relasyon mond spirityel ak mond materyel la.

Kidonk, wayom dyab la baze an opozisyon total a tout sa Bondye fe pou yon objektif byen detemine.

Si Bondye di fe adwat, Satan ap di fe agoch.

Si Bondye di obeyi, Satan ap di dezobeyi.

Si Bondye ap konstwi, Satan ap detwi.

Si Bondye ap bay lavi, Satan ap touye.

Si Bondye ap beni, Satan ap vole.

Tout sa Bondye rayi, li renmen yo.

Si Bondye ap oryante nan bon direksyon, Satan ap devye, elatriye…


Jezi Kris te manifeste nan lache pou-l’ detwi zev Satan.

Plan Satan pou-l’ konbat sakrifis Kris la pou-l’ pa benefisye lezom se kenbe yo nan peche, ere, ansanm ak konbat lafwa sa yo ki kwe.

Plan Satan se detwi zev Jezi Kris yo atrave sevant ak sevite-L’ yo k’ap opere tankou animal, bet sovaj ki san pitye.

Sa vin devni gwo konfli ki egziste ant wayom Bondye-a ki karakterize pa limye ak wayom Satan ki karakterize pa teneb.

Ebyen, kom ajan ki gen yon manda Met mwen konfye-m’ pou-m’ konbat wayom teneb la, m’ la pou-m’ fonksyone a lanve a wayom Satan.

Tout sa-l’ bay ajan-l’ yo otorite pou yo fe, m’ dwe itilize otorite pa-m’ lan pou-m’ fe lekontre.

Misyon ajan dyab la se egzekite ak ranfose ajanda met yo ki se konbat plan Bondye pou lavi lom. Misyon Kretyen yo se egzekite ak ranfose ajanda Met yo Jezi Kris ki se detwi zev dyab la nan lavi sila yo ki anchene anba grif Satan.

Misyon prensipal Kwayan nan glorifye Bondye se opoze Satan.

Menm jan ajan-l’ yo gen yon dwa pou yo konbat Kretyen yo yon fason pou detwi zev Kris ke y’ap pwodwi pou glwa Bondye, se konsa tou m’ gen yon responsabilite tou pou-m’ konbat yo tou pou-m’ detwi zev dyabolik y’ap pwodwi pou glwa met yo.



Enfliyans Ajan Satan Yo Nan Nivo Nanm Moun

Yo konvoke nanm moun paret nan miwa mistik oubyen boul kristal atrave enkantasyon mistik. Yo fe-l’ ak yon otorite, fem konfidans nan sans ke viktim lan dwe paret imedyatman. Yo deklare ke moun sa, fok ou paret. Ou pa ka chape konvokasyon sa. Gen moman menm, yo ini yo ansanm pou yo rele moun sa yo vle paret la.

Yo ekspedye espri malefik pou yo al enflike mal kont lot moun. Yo pwononse yon seri pawol malediksyon kom komand yo bay espri sa pou-l’ al egzekite.

Yo pike nanm moun ki lakoz yon lanmo imedya kote viktim lan senyen jiskaske-l’ mouri oubyen-l’ tonbe malad apre yon tan pou-l’ mouri.

Gen ka yo pike moun sa epi yo bwe san-l’ pandan-l’ vivan. Yo menm rive planifye koman moun sa ap mouri.

Yo lanse flech mistik sou moun ki lakoz kriz kadyak, maladi, ak lanmo.

Yo kaptire nanm moun. Yo anprizone nanm moun. Yo mete nanm moun nan boutey.

Gen ka kote yo deplase oubyen retire nanm lan menm nan ko-a, menm moman moun sa tonbe malad oubyen plonje nan yon koma. Yo konn menm pati ak nanm lan nan mond astral. Kidonk, se retounen pou nanm sa retounen nan ko moun sa pou-l’ vin nomal.

Yo voye nanm moun yo touye ki anba posesyon yo sou lot moun. Yo itilize nanm moun pou yo fe tout kalite bagay mal.

Yo zonbifye moun. Yo fe yo tounen bet.

Yo konn rele nanm moun pou yo itilize yo lannwit. Yo konn pati ak nanm sa yo. Yo fe nanm sa yo travay di. Le moun sa yo reveye, yo fatige.

Yo vole zetwal moun ki gen destine, riches, ak fave moun sa.

Yo kominike vye entansyon ak lot moun atrave mwayen telepati.

Yo pwojte pwop espri yo nan yon lot moun pou yo ka enfliyanse moun sa.

Yo gen kapasite pou yo enjekte oubyen pwojte tet yo nan rev moun.

Yo fe rityel kote yo fe tout kalite vye imajinasyon de yon lot moun epi yo transfere-l’ a moun sa pandan l’ap domi. Moun sa we-l’ sou fom rev.

Yo moleste moun pandan y’ap domi.

Yo atake moun lan domi. Viktim lan we sa sou fom yon rev pandan ke eksperyans lan se yon reyalite ki fet nan yon nivo astral.

Yo plante tout vye semans dyabolik nan lavi moun nan domi ki pral manifeste nan lajounen sou fom blokaj, echek, maladi, foskouch, elatriye.

Yo fe enkantasyon pou yon somey pwofon tonbe sou moun yon fason pou yo ka opere.

Si yo vini, yo pa jwenn astral moun lan nan ko-l’ pandan l’ap domi, yo rantre nan ko-a. Yo fe moun sa soti. Yo ka fe-l’ bwe pwazon. Anplis, yo ka fe moun sa pann tet li apre sa yo soti nan ko-a pou-l’ mouri. Kidonk, le astral moun sa retounen, li jwenn ko-a mouri.

Si yo ta jwenn astral moun sa nan li, yo rantre nan moun sa. Ko-a te fet pou-l’ sipote yon sel astral. Kom konsekans, ko moun sa vin lou kom yon pwa 50. Yo pete fyel moun tou nan domi konsa. Se sel Jezi pou moun sa ta di nan ke-l’ pou dife ta komanse pran andann-l’ pou astral rebel sa ta kouri kite ko-a.

Yo modi moun, yo fe moun pa ka progres nan tout nivo, yo fe moun pa ka fe pitit, elatriye. Kidonk, yo fe tout kalite seremoni dyabolik pou yo enflikte lavi moun ak blokaj.

Gen ka se kloure yo kloure moun sa yon kote. Gen ka se mare yo mare moun sa. Anolis, gen ka yo antere tout avni, fiti, ak potansyalite moun sa yon kote.



Objektif la se vole, touye, ak detwi. Sa se baz wayom Satan ki konstitiye zev li.

Konesans sa yo pa soti nan Bondye. Lom lan pa jis rete konsa li vin gen tout konesans malefik sa yo pou kont li.

Kidonk, se enmi-an menm ki revele yo a lom. Yo prepare moun pou sa menm atrave mwayen mistik, okiltik, oubyen ezoterik.

Tout konesans malefik sa yo baze sou yon reyalite, domen, abilite, ak lwa ke Bondye te kreye.

Satan jis ranvese yo.


Kisa Kwayan Dwe Fe

Nan remak ke-m’ fe atrave plizye temwayaj, m’ konstate ke ajan Satan yo pi direk, pi agresif, pi rapid, ak pi vyolan nan fason y’ap atake, touye, ak britalize lom parey yo.

Ajan Satan yo se kanal ki konekte ak mond teneb Satan atrave yo li deklannche “arsenal zam destriktif” li kont limanite.

Ebyen, Kretyen yo tou se kanal ki konekte ak mond limye-a ki reprezante pa Jezi Kris atrave yo menm Bondye mete yon “arsenal zam spirityel” pou yo konbat zev dyab la.

Malerezman, ajan Satan itilize zam yo pou yo fe sa y’ap fe pi byen ke Kretyen.

Youn nan bagay ke ajan Satan yo toujou ap fe se toufe oubyen touye lavi spirityel Kwayan. Yon fason pou yon jwenn yon twou vid.

Ebyen, Kwayan tou dwe atake tout grad, kapasite, degre, ak obje mistik ajan Satan yo genyen pou yo ranfose ajanda Satan sou te sa.

Gen misyon Satan p’ap janm paret tet li paske l’ap sibi yon defet k’ap sevi kom yon wont pou li. Kidonk, se lom l’ap voye akonpanye de yon lejyon demon.

Kidonk, m’ dwe devlope yon strateji pou-m’ fe lekontre.

M’ ka fe priye reklamasyon “d’ame”.

M’ ka rantre an kominikasyon direk ak nanm sa yo ki nan ere, ki nan kaptivite pou-m’ pwoklame ak yo verite-a.

Espri ajan Satan konn vwayaje volonteman ak konsyamman pou yo al atake, moleste lot moun nan somey yo.

Ebyen, m’ aprann ke espri Kwayan konn soti tou le yo nan konba spirityel, sitou le y’ap fe priye reklamasyon an fave nanm moun ki an kaptivite.

Yo soti al atake.

Point De Contact Ou De Connection Et Droit Légal, Creature Contre Le Createur

Thoughts

Mantalite Peche

Penetre mantalite peche k’ap gouvene panse lom. Paske moun k’ap benyen nan peche-a pa we oubyen konprann ijans mesaj levanjil la menm jan.

Menm le yo konprann ke lavi frajil, mond lan danjere, men yo pa we-l’ nan sans fe yon desizyon kounyeya pou yo anbandone vi y’ap mennen-an.

Obstak Bon Konsey

Le lom lan ap mennen yon vi, le-l’ gen entansyon-l’ pou-l’ al fe yon bagay ke-l’ we k’ap bon pou li nan sans satisfe dezi lache-l’ oubyen fe tet li plezi, gen yon travay ki gen tan fet nan panse-l’ ki vire panse-l’ devan deye, tet anba, oubyen alanve.

Kidonk, bagay ki dwat, bon konsey ki pa an amoni ak pratik sa moun sa livre tet li a li menm p’ap janm fe sans. Bon sans moun sa sanse manipile. Se yon moun ki anvoute.

Vin gen yon fos rezistans ki etabli nan lavi-l’ k’ap repouse, inyore, ak rejte tout bon konsey ki te ka oryante-l’ nan yon bon direksyon.


Gen yon res manje peche, fo yo vin manje-l’ avan.

Gen laboratwa kote demon yo ap etidye sevo lom lan yon fason pou yo devlope tout kalite desepsyon pou twonpe lom lan.


Skelet Tout Anseyman

Tout bagay komanse ak glwa Bondye ki se enspirasyon, motivasyon, ak deteminasyon-L’ nan tout sa L’ap fe.

Se anndan glwa Bondye, ou jwenn koz primodyal egzistans lom lan. Lom lan egziste pou glwa Bondye menm.

Glwa Bondye dwe devni enspirasyon, motivasyon, ak deteminasyon lom lan. Lom lan gen yon responsabilite pou-l’ glorifye Bondye atrave yon vi obeyisans.

Atrave inyorans ak rebelyon lom, glwa sa ki se esans egzistans lom lan vin oryante anve Satan pa mwayen peche.

Satan tou eskplwate opotinite sa pou-l’ etabli wayom li ki kanpe sou vole, touye, ak detwi. Men baz santral la se desepsyon ki se orijin peche.

Tout anseyman dwe fokis sou konfronte ak ekspoze ministe Satan ki baze sou vole, touye, ak detwi.


Tout anseyman dwe konsantre sou Jezi Kris ki te vini ak misyon pou-L’ detwi zev Satan yon fason pou-L’ restore lom a esans egzistans yo.

Kris gen yon ministe ki opoze a wayom Satan. Ministe Kris la baze sou restore sa enmi-an vole, bay lavi a sa enmi-an touye, ak rebati sa ke enmi-an detwi.

Pwiske Jezi Kris enpoze-L’ kom chemen, verite, ak lavi, Kris devni sel mwayen atrave-L’ lom lan ka oryante glwa a Bondye.

Tout anseyman dwe baze sou glorifye Kris paske se misyon Lespri Sen-an menm.


Pi Gwo Responsabilite

Pi gwo responsabilite yon moun nan ministe se ede lom lan franchi gwo dekalaj ki genyen ant konnen ak obeyi Pawol la.


Bondye “dupliquez” an milye, milyon, milya pou-m’ tout kote sou plan sa ak “au dela” atrave priye sa pou-m’ fe dega.

Pou-m’ libere sila yo ki an kaptivite.

Recent Posts

  • The Angels Of God
  • THREE KINGDOM PRINCIPLES — 40 DECLARATIONS OF FAITH
  • The Living Word As The Fabric OF All Reality — 10 DECLARATIONS
  • The Mercy Court And The Earth (Another Perspective)
  • Against Evil Intentions In Motion — 21 Declarations Of Faith
  • Intent, Decision, And Action
  • 4 Winds (First Version)
  • Mobilize The 4 Winds (Expanded Version)
  • Mobilizing The Sun, Moon, and Stars
  • The Voice, Breath, And Word of God
  • The Name OF Jesus In The Spirit Realm
  • Earth, Water, Fire, And Air
  • Nuclear Revelation
  • Addiction, Disorder, And Bitterness
  • The Word Of The Infinite God (Faith Activation)
  • Faith Warm Up
  • The Global Church
  • The Angelic Hosts Of Heaven
  • Regeneration, Salvation, And Deliverance
  • The Body And Blood Of Jesus
  • Destroying This Habit Declarations
  • The Anointing That Breaks The Yoke
  • The Hand Of God (Verses Declarations)
  • The Hand Of God (Testimonies)
  • Restoration…
  • The Concentrated Power Of God
  • The Energetic Blood Of Jesus
  • The Name Of Jesus (The Universe)
  • The Ignorance Of Believers Prayer
  • Taking Possession Prayer
  • The Word Of God (Voice Over)
  • Binding And Loosing
  • Pawòl Bondye Toupwisan
  • Dominion Of The Earth Through The Body
  • Testimony
  • The Word Of God Is The Substance
  • Your Identity In Christ
  • The Five Worlds of Satan
  • Praying For Others
  • 100 Violently Spiritual Warfare Declarations
  • Speak As Jesus Representatives
  • Blood in Occult Rituals vs. The Blood of Jesus
  • 40 Spiritual Warfare Prayer Themes Against the Kingdom of Darkness
  • Structuring Prayer for the Global Body of Christ
  • Key Ministry Strategies
  • Full Summary – Deliverance of the Body and the Soul
  • My Testimony: From Islam to the Living God
  • 🔥 Declaration: “The Word in My Mouth”
  • ✅ Daily Reminders
  • ✅ Rejuvenating Energy And Power Of God
  • ✅ The Relational Approach Of Jesus Name
  • Things That I Have To Focus On
  • The Hand Of God
  • ✅ The Glory Of God
  • Chatgpt Deep Research
  • Testimony About Christian Being Broke
  • Summary of “Testimony of a False Prophet”
  • The Final Hours
  • Testimony About The Power Of The Name And Word of Christ Jesus
  • Ungodly Covenant
  • Yod Hey Vav Hey, Yahuah Elohim Rapha
  • The Names Of God
  • Yod Hey Vav Hey – Personal
  • Youth Is Renewed
  • Exercising Authority And Dominion
  • The Face Of God
  • Sound Vibration
  • Covenant Of Offerings With The LORD
  • The Almighty Strategy
  • Part Two – Psalms Of Confession
  • Transcendence, Preeminence, Superiority, And Dominance Of The Name JESUS
  • Yod Hey Vav Hey
  • Yahuah Rapha – Healing
  • Psalms Of Confession And Purification
  • Worship
  • Healing For The People
  • Soul Battles
  • Final Strategy
  • The Word Of God Part 2
  • Healing Prayer
  • Holiness And Righteousness
  • The Power Of The Word Of God
  • Excepts From The Book Of Isaiah
  • ✅ Prayer Ministry (Ignorance)
  • Sòm Pou Li Pou Pwoteksyon
  • Pran Otorite Sou Tèritwa-W’
  • Som Pou Li
  • The Infinite Power
  • ✅ Nouvo Kòmand
  • The Battle Of Psalms
  • ✅ The Lord’s Prayer
  • Atake Ènmi-an
  • 3 Tip Espri K’ap Enfliyanse Mond Lan
  • Scripture Verses To Memorize
  • ✅ Transcendance, Prééminence, Superiorité, Ak Dominance Non JÉSUS
  • Tem Konba Spirityèl
  • Priyè Konsènan Glwa Bondye
  • Pale Pou Mwen Senyè JÉSUS
  • Aji Pou Mwen
  • ✅ My Daily Routine
  • Embracing Your True Identity In Christ
  • Konba Spirityèl 
  • Spirit Of Man
  • Anbago 2
  • Glorifying God Almighty
  • Prayers For The Nation
  • Things To Keep In Mind
  • The Glory Of God Almighty Is The 1st And Utmost Priority, Victory In Jesus
  • Mystery Of Body Parts
  • The Mystery Of God
  • What Are Elementals?
  • Aloe Growth Healing Serum & Mega Growth Oil
  • ✅ Victory Over This….
  • Reyaktivaksyon, Restorasyon, Ak Egzese Otorite Sou Eleman
  • Powerful Psalms Of Battle
  • The Name Of Jesus, Glory Of God, And Temptation
  • ✅ Powerful Stuffs (Very Important) (Take Over)
  • The Deception Of Reincarnation
  • Doing The Works Of God
  • Dead To Sin In Christ
  • Seeking God’s Direction
  • Plan Kont Kid…
  • Purification Of The Word Of God
  • Prayer Of Destruction
  • Fighting Craving To Indulge
  • The Believers Authority In God Through Jesus Christ, Dealing With Argument
  • The Power Of The Name Of Jesus [Very Important] – Remonte Nan Esans Ak Pwisans Non Sa
  • Plan Kont Sistem Po…
  • Pwisans Bondye
  • Spiritual Warfare Verses, Hand Of God
  • Pran Otorite Ak Posesyon
  • Pwisans Kò Ak San Jezi
  • Pwisans Pawòl Bondye-a
  • The Father Speaks
  • Jesus Is In All Things, He Holds Everything Together
  • Special Prayer
  • Experimentation
  • Healing Verses
  • A Prayer of Healing Through Worship
  • The Seven Wounds Of Jesus
  • Things To Focus In Prayer – Very Important
  • ✅ Prayer Of Impartation And Spiritual Vision
  • Things To Enrich My Prayer Life
  • Choosing to take God at His Word
  • Things To Pray, Fast, Revival
  • Daily Scripture Verses To Meditate On
  • Daily Prayer
  • Elvasyon Spirityèl Legliz La
  • Pwisans Ki Gen Nan Sèvi Bondye Ak Byen-W’, Ofrann, Ak Destine
  • Strateji Pou-M’ Konbat Tout… Pou Elvasyon Spirityel Legliz La Ak Kominote-a
  • Building Ministry Scripture Verses
  • Important Knowledge About God And Man
  • Pouvwa Yon Satanis Genyen
  • Temwayaj Moun Ki Te Tonbe An Pouriti Ak Entevansyon Jezi Kris
  • Casting Out Demons, Death Prayer, Blocking Plan To Pray, And Dream
  • Songs The Angels Sung Prior To Jesus Resurrection
  • The Holy Spirit
  • The Prayer of Consecration
  • The Tabernacle Prayer Model
  • Sovereignty Of God And The Tendency For Immediate Results
  • Reyalite Dwol Ou Ap Leve Nan Lapriye
  • Psalms That You Can Read For Protection
  • Dife Lespri Sen-An
  • Enfliyans Satan
  • Depouye-w’ De Vye Konsepsyon Konsenan Priye, Lapriye Transandantal
  • Obstak Kont Lafwa Ke-m’ Pote Viktwa Sou Yo
  • Ministry Of Angels And Psalms
  • ✅ Atak Kont Legliz Kris La – Reket Priye
  • Vigilance In Sprititual Warfare
  • Espri Demonnyak, Espri Bijou, Makiyaj, Pederas, Ak Imoralite
  • The Spiritual World, The World Of Darkness
  • Wayòm Satan, Feblès Lachè, Pwisans Levanjil
  • The Fall Of Satan And The Recreation Of The Earth
  • Temwayaj Jean Claude Muamba, San Moun
  • The Body And Blood Of Jesus, The Spiritual Reality Of Holy Communion – Very Important
  • Temwayaj Felicien – Magie Wouj, Atak Kont Reinhard Bonnke
  • The Works Of The Holy Spirit
  • Temwanyaj Pierre Akandjo – Sistem Bondye – Prensip Biblik
  • Brother Oscar Testimony – Offerings, Marriage, Secular Music, Power Of Praise
  • Temwayaj Yon Ansyen Medsen Fetich Kameroune, Miwa Mistik, The Book Of Condemnation
  • ✅ Jesus Came To Destroy The Works Of The Devil
  • Tre Enpotan Nan Konfronte Dout Ak Enkyetid
  • Kontwòl Sou Tout Sa K’ap Dewoule
  • Power Of Prayer Out Of Ignorance Testimony – Angelic Army
  • 9 Tip Kretyen Pou-W’ Fokis Sou Yo, Vi Rebel
  • Spiritual Reality, Terms
  • Leve Moun, Zonbifikasyon, Ak Sakrifis Imen
  • Konfli Spirityel Kont Espri Imen, Fo Cheve
  • Nanm, Prensip, Dife Bondye
  • Satan’s Temples, Catholic, And Pandemonium
  • 17 Super Powerful Things
  • The Creative Power Of God Almighty
  • Brother Oscar Testimony – Believers’ Weapons And Discernment – War Against Spiritual Vision
  • Brother Oscar Testimony – Prayer, Anointing Oil, Adornment
  • Brother Oscar Testimony – Satanic Products
  • Brother Oscar Testimony – The Power Of Baptism
  • The Power Of Confessing The Word Of God
  • Vision, Discernment, Understanding, And Knowledge
  • Danje Ki Genyen Nan Imoralite Seksyel
  • Food Infestation, Markets, Seat And Throne Of Demonic Powers

Archives

  • June 2026
  • May 2026
  • April 2026
  • March 2026
  • January 2026
  • November 2025
  • October 2025
  • September 2025
  • August 2025
  • July 2025
  • May 2025
  • April 2025
  • December 2024
  • November 2024
  • October 2024
  • September 2024
  • July 2024
  • June 2024
  • May 2024
  • July 2023
  • May 2023
  • April 2023
  • March 2023
  • February 2023
  • January 2023
  • December 2022
  • November 2022
  • August 2022
  • June 2022
  • May 2022
  • March 2022
  • January 2022
  • December 2021
  • November 2021
  • October 2021
  • September 2021
  • August 2021
  • July 2021
  • June 2021
  • March 2021
  • November 2020
  • September 2020
  • August 2020
  • July 2020
  • June 2020
  • April 2020
  • March 2020
  • February 2020
  • January 2020
  • December 2019
  • November 2019
  • October 2019
  • September 2019
  • August 2019
  • July 2019
  • June 2019
  • March 2019
  • February 2019
  • January 2019
  • December 2018
  • November 2018
  • October 2018
  • September 2018
  • August 2018
  • August 2017

Categories

  • Astral Traveling
  • Being Vigilant
  • Believers' Spirit In Warfare
  • Blocking Prayer Plan
  • Christian Empowerment
  • Danje Pwodwi Bote
  • Death Prayer
  • Dominion
  • Drinking blood
  • Emotional And Mental Instability
  • Evanjelizasyon
  • Faith in God
  • Fall of Satan
  • Kingdom of Darkness
  • Konfesyon Satan
  • Nighttime Demonic Activities
  • Old Spiritual Stuffs
  • People's Stars
  • Power of prayer
  • Power of the name of Jesus
  • Preaching The Gospel
  • Pwisans Gerizon
  • Pwisans Lafwa
  • Pwoblem Kwayans
  • Satan's Bank Of Blood
  • Satanists' Infiltration In The Church
  • Scripture Verses
  • Sea Siren
  • Sexual Perversion
  • Spiritual Prison
  • Spiritual Warfare
  • Testimony
  • The Astral Realm
  • The Blood Of Jesus
  • The Dark World Infrastructure
  • The Importance Of Discernment
  • The Power Of God
  • The Power Of Offerings
  • The Power Of Praise
  • Twal Arenye
  • Uncategorized
  • Word of Curses
  • World of Satan

Meta

  • Log in
  • Entries feed
  • Comments feed
  • WordPress.org
© 2026 Powerful Testimonies | Powered by Minimalist Blog WordPress Theme