Skip to content

Powerful Testimonies

A collection of powerful testimonies about the divine power of God and the spiritual reality out there.

Menu
Menu

Lapriyè Selon Grandè Bondye

Posted on September 2, 2019September 26, 2019 by admin

Senyè Bondye, m’ p’ap priye-W’ selon yon konesans sipefisyèl oubyen plat de Ou menm. Oubyen selon konesans kouran ke anpil moun gen de Ou menm ke yo souvan pran-W’ konsa, konsa jis nan degre yo pa vrèman pran an konsiderasyon sa ke-W’ ye an esans.

Yo kite pwoblèm, difikilte lavi, oubyen reyalite negatif ki antoure vi yo sèvi yo kòm yon obstak konsènan konprann ak anbrase grandè-W’ ki enfini.

Grandè-W’ se yon bagay yo tande-l’ tou tan, yo li-l’ nan Pawòl Ou, yo ka wè-l’ eksprime atravè sa ke-W’ fè atravè mond materyèl sa ke-W’ kreye, men yo poko janm ka vrèman sezi-l’ nan yon nivo pèsonèl jan ke-W’ vle pou yo fè sa. 

Anplis, anpil moun sanse adopte yon konesans ki trè pasif de Ou menm. Gen yon depandans ke-W’ bezwen nan yo menm ke yo poko vrèman egzèse-l’ nan Ou.

Yo vin tèlman abitye ak lapriyè jis nan degre-l’ pèdi enfliyans li sou lavi yo. Li vin devni yon bagay yo fè pa routin kote fokis la baze plis sou yon sèten obligasyon ke anpil santi ke yo dwe priye pandan ke fokis yo te sipoze plis baze sou pwisans ki gen nan lapriyè. 

Se youn nan bagay ki lakòz anpil neglijans nan lavi Kwayan nan domèn sa. Lapriyè vin devni yon aktivite ki parèt annwiyan akòz se prèske menm bagay la ke y’ap mande pandan ke rezilta ke yo jwenn yo pa vrèman an amoni ak rekèt ke y’ap fè. Le y’ap priye se tankou se yon Bondye ki trè lwen ke y’ap priye pandan ke prezans Ou te gen tan la avan menm yo adrese priyè yo anvè-W’.

God isn’t far away from us as we may feel since He is in the midst of His children.

Pafwa, gen yon vye kwayans k’ap sikile anba chal nan panse yon seri Kwayan ki menm rive fè yo konprann priyè se yon tan pèdi paske yo kite reyalite ke yo ka pèsevwa atravè 5 sans yo detèmine konsepsyon oubyen kwayans yo konsènan enpòtans ak pwisans lapriyè.

Pandan ke esans lapriyè baze sou reyalite ke lòm lan paka ni wè oubyen pèsevwa-l’ atravè 5 sans li ki konekte-l’ a mond fizik sa. Lapriyè baze sou yon reyalite ki pa fè okenn sans ditou a lòm lan. Kidonk, lè-w’ santi bagay yo plis pa fè sans pou ou, se lè sa menm pou lapriyè. Fondasyon lapriyè baze sou konekte lavi-w’ ak Bondye yon fason pou pwisans Li ka demere nan lavi-w’.

Ebyen, m’ vle adrese-W’ nan yon fason ki pran an konsiderasyon vrè esans Ou kòm Kreyatè siprèm inivè-a, sous oubyen orijin tout sa ki egziste, ansanm ak Sila ki kenbe tout eleman ki konstitiye tout inivè sa-a ansanm. Latè-a pa menm reprezante yon ti “pwen” konpare ak vas inivè sa-a ke-W’ te kreye ak Pawòl Ou.

Sila ke anyen pa ka fèt san pèmisyon-L’. Sila ke menm gwo pwisans sa-a ki te manifeste pandan Ou t’ap kreye tout bagay, se menm pwisans sa-a ki toujou aktif nan kenbe tout bagay nan plas yo. Sila k’ap domine sou tout bagay ak yon otorite ak pwisans ki san limit.

Anpil moun pale de yon enèji oubyen fòs, men se pwisans kreyatif Ou k’ap aji, vibre, anime, oubyen ki abite tout sa ki egziste.

Tout sa ke-W’ kreye konekte ak gwo pwisans sa-a. Tout bagay ap evolye nan inivè-a atravè pwisans sa-a. Strikti fondamantal oubyen fondasyon egzistans tout bagay depann sou pwisans sa-a.

Ebyen, m’ vle monte nan yon lòt dimansyon nan fason ke-m’ konprann grandè-W’ ki san limit. Kidonk, m’ap priye-W’ nan yon lòt pèspektif ki an amoni ak tout sa ke m’ aprann de Ou menm atravè pawòl Ou. 

Fason ke-m’ panse ka enfliyanse jan ke-m’ konprann Ou e ki ka menm enpoze yon limitasyon sou sa ke-m’ ka atann de Ou menm. An retou, k’ap afekte nan ki dimansyon Ou ka aji nan lavi-m’.

I AM WHO I AM. I AM ALL THAT I AM BECAUSE OF NOTHING EXTERNAL SINCE I AM EVERYTHING.

Sa-W’ ye pa depann sou anyen paske egzistans Ou depase tout bagay ki te ka janm egziste. Egzistans Ou te gen tan etabli etenèlman depi avan tout bagay te jwenn egzistans yo. Kidonk, egzistans Ou rann tout sa ki te ka egziste inesesè.

Ou pa bezwen anyen pou-W’ ye sa ke-W’ deja ye an plen oubyen sa ke-W’ deja ye endepandan de tout bagay ki egziste. Egzistans Ou pa depann de anyen. Ou pa bezwen anyen pou depann sou li yon fason pou Ou ka sipòte tèt Ou.

Egzistans Ou pa baze sou okenn lòt eleman an deyò oubyen endepandan de Ou menm ki vin konstitiye sa ke-W’ ye paske Ou gen tout kapasite ki fè sa ke-W’ ye-a nan Ou. Egzistans Ou pa gen kòz, li pa gen orijin.

Se Ou menm ki orijin ak kòz tout sa ki egziste. Tout sa ki egziste depann de Ou menm. Egzistans yo tout ap evolye selon jan-W’ te planifye-l’.

Si tout sa ki egziste pa ta egziste ankò, sa p’ap chanje anyen nan sa ke-W’ ye paske egzistans Ou pa depann de yo.

Ou tout sa-W’ ye-a, pa gen yon ‘paske’ ladan-l’ ki gen pou wè ak yon kòz ki pa deyò de Ou menm ke-W’ konekte sou Li yon fason pou-W’ tire de li memm yon eleman ki esansyèl pou-W’ soutni tèt Ou.

Avan tout bagay te, Ou sa-W’ ye-a. Ou tout sa ke-W’ ye-a san anyen.

Depi nan letènite avan menm Ou te kreye tout bagay, Ou se Bondye siprèm ki gen tout pouvwa. Ou se Bondye grandè-W’ san mezi.

Ou omnisyan, omnipotan, ak omniprezan. Kidonk, 3 gran atribi sa yo vin sèvi kòm 3 pilye atravè yo menm Ou kreye tout bagay. 3 gran atribi sa yo te gen tan kouvri tout dimansyon tan, spas, ak matyè ki konpoze mond materyèl la avan menm Ou te kreye-l’.

Glwa-W’ ki se esans sa ke-W’ ye pa nati te toujou ap manifeste. Ou chwazi selon pwòp souvrente-W’ pou kreye tout sa ki egziste yon fason pou-W’ eksprime glwa sa ki te toujou demere nan Ou depi nan letènite. Kreyasyon-an se yon ekspresyon grandè-W’.

Trè enpòtan: Ebyen, m’ ouvri pòt panse-m’ ak pòt kwayans mwen byen laj nan yon degre ki ba-W’ chans pou Ou kapab ye nan lavi-m’ tout sa-W’ ye an esans ki baze sou grandè-W’ ki enfini yon fason pou Ou ka fè tout sa Ou vle fè pou avanse wayòm Ou sou tè sa-a kont wayòm dyab la k’ap vale tèren.

Menm jan ke glwa-W’ ki baze sou montre kòman-W’ gran se motivasyon-W’, detèminasyon-W’, ak objektif Ou nan tout sa Ou ap fè, se konsa tou motivasyon-m’, detèminasyon-m’, ak objektif final mwen se egzalte, glorifye, ak manifye grandè-W’ atravè fè yon gwo Bondye tankou-W’ parèt gran nan lavi-m’ atravè tout sa m’ap fè pou glwa-W’ ka manifeste nan lavi-m’.

M’ap atann pou-W’ egzèse gwo pwisans Ou nan lavi-m’ ak atravè ministè-m’. M’ konekte-m’ ak reyalite ke-W’ se Bondye k’ap renye sou tout bagay ki egziste toutan ak yon otorite absoli.

Otorite sa-a anglobe tout inivè-a nan yon degre kote anyen paka echape kontwòl Ou. Kote-W’ syeje nan syèl la se sant tout otorite ak pwisans. Ebyen, tout sa ke-W’ kreye se yon ekstansyon oubyen manifestasyon de pwisans Ou.

Atravè gras Ou pou limanite, Ou agreye kwayan yo bèl opòtinite pou yo syeje a dwat Ou sou twòn Ou an Kris.

Jezi Kris ki se Ajan atravè-L’ Ou akonpli tout volonte-W’. Ou ba-L’ pwòp non-W’, non sa ki kreye inivè-a, Ou delege tout otorite ni nan syèl la ak sou tè sa-a nan men-L’.

An Kris, Ou mete yon otorite ak pwisans disponib a nou menm ki depase tout lòt pwisans ki egziste ke dyab la pa gen aksè a li menm. Ou mete dyab la anba pye nou.

Pwisans sa-a se yon danje oubyen pwazon ke-l’ ye pou kan dyab la. Anplis, pase tan avè-W’ nan lapriyè pèmèt Ou manifeste prezans ak pwisans Ou nan lavi-n’ ki vin mete yon lòt dimansyon anksyon nan lavi-n’. 

Prezans manifeste sa se yon lòt dimansyon prezans ki pa manje anyen frèt. Se yon prezans ki p’ap tolere enfliyans oubyen prezans dyab kote l’ap manifeste.

Se yon prezans ki toujou prè pou-l’ atake ak detwi tout vye fòs demonyak ki prezan. Se yon prezans tou ki kase tout vye chèn peche ki kenbe lòm an kaptivite. 

Menm jan yon moun p’ap pran chans rantre nan yon kay ki anvayi pa dife, se menm jan tou yon movèz espri p’ap pran chans opere nan yon andwa kote prezans Ou ki manifeste kòm yon dife ap opere.

Pwisans Bondye

Pwisans Bondye ki enfini, ki san limit, e ki san mezi se yon eleman ki gen plizyè dimansyon. Sa-k’ pral pèmèt ou kapab navige diferant dimansyon ki gen nan pwisans Bondye se konesans ou genyen konsènan Pawòl Li konsènan grandè-L’ ki se yon ekspresyon glwa-L’.

Se konesans ke-w’ genyen ki pral pèmèt ou penetre pwofondè Bondye. Fason ou konprann pwisans Bondye, pèspektif ou, mantalite-w’, oubyen kwayans ou konsènan grandè-L’ gen yon gran wòl y’ap jwe nan fason ke ou ka egzèse lafwa-w’ nan Li.

Dimansyon lafwa ke-w’ ka egzèse nan Bondye baze sou konesans ke-w’ genyen nan Pawòl la konsènan grandè-L’ ki san limit. 

Sa-w’ konnen se li ki pral detèmine ak ki degre ke-w’ ka fè Bondye konfyans. Sa-w’ konnen de pwisans Bondye pral detèmine fason-w’ konsevwa Bondye. Sa-w’ konnen se mwayen atravè-l’ ke-w’ ka fè Bondye konfyans.

Tout sa-w’ pa konnen, ou p’ap janm kwè-l’. Li p’ap janm devni yon reyalite nan lavi-w’.

Sa pral detèmine pèspektif oubyen tandans ou anvè-L’. Konesans ke-w’ genyen vin reprezante yon chanèl a travè li menm Bondye ap relache pwisans Li nan lavi-w’.

Si chanèl konesans ou, pespektif ou de Bondye gwosè yon tiyo, pwisans Bondye ap manifeste nan lavi-w’, atravè ministè-w’ selon gwosè tiyo sa-a. Pwisans Li ap manifeste nan lavi-w’ nan degre ou konnen oubyen konprann Bondye.

Ebyen, si ou pa limite grandè Bondye atravè pwòp pèspektif ou ak sa ke ou ap atann de Li menm nan sans ke-w’ dakò pou bay Bondye chans pou-L’ kapab ye nan lavi-w’ tout sa ke-L’ ye kòm Bondye siprèm ki gen tout pouvwa, Bondye ki SE SA-L’ YE-a, ou kreye yon atmosfè pou Bondye manifeste grandè-L’ nan lavi-w’ nan yon lòt dimansyon.

Ou pa sipoze pran yon Bondye ki toupwisan, k’ap renye sou tout bagay, ki pa manke anyen, Bondye ki domine enposibilite epi ou kwense-L’ atravè pwòp fason-w’ panse ki se yon pwodwi reyalite mond sa ki limite. Ou ap limite Bondye atravè kapasite ak abilite ki limite.

Anplis, ou ap limite yon Bondye ki san limit atravè yon pèspektif ki baze oubyen ki fasone pa yon reyalite ki limite oubyen yon reyalite ke Bondye gen kontwòl sou li deja. Yon reyalite ki devni sa-l’ ye-a akoz Bondye pèmèt li.

Sa vle di, menm reyalite ke-w’ kite ap domine panse-w’, Bondye gen kontwòl sou li.

Konsa tou, gen yon seri domèn nan lavi-w’, ou konprann Bondye mal.

Gen yon gran koneksyon ant dimansyon pwisans Bondye ka manifeste nan lavi-w’ ak sa-w’ konnen. Bondye ap travay nan lavi-w’ selon sa-w’ konnen de Li menm ak sa-w’ vle konnen de Li menm.

Bondye pa ka ale nan yon dimansyon ke-w’ pa kwè ke-L’ ka ale avè-w’, nan yon dimansyon ke-w’ pa kwè ke-l’ posib. Bondye pa ka beni-w’ nan yon dimansyon ke-w’ pa kwè ke-L’ ka beni-w’.

Se pa jis konesans lan sèlman ki pral detèmine kòman ou wè oubyen sezi grandè Bondye, men pwofondè konesans ke-w’ genyen ak atitid ou anvè konesans sa.

—————– Note —————– 

Bondye vle travay nan lavi-w’ atravè sa ke-w’ konnen de Li menm atravè Pawòl Li.

Men dyab la li menm vle bloke-w’ swa pou pa konnen yon seri bagay ki ka pèmèt ou fonksyone nan dimansyon Bondye dezire pou ou fonksyone, swa pou pa bay enpòtans ak sa-w’ gen tan konnen ki ka fè yon diferans nan lavi-w’, oubyen swa pou ou pa mete an aplikasyon sa-w’ konnen.

Dyab la li menm ap eseye limite-w’ atravè pwòp endiferans ou anvè reyalite spirityèl, atravè inyorans ou ki baze sou yon mank konesans, ak neglijans ou ki baze sou ou menm ki fayi fè sa ke Bondye vle pou-w’ fè nan lè pou fè sa.

Leson: Mande pou Bondye ba ou konesans ak konpreyansyon pou kapab konprann grandè-L’ pi plis.

Non sèlman pou ou konprann, men pou ou kapab mennen yon vi ki depann sou grandè-L’ ki san mezi.

Yon vi kote-w’ anbrase grandè-L’ kòm reyalite ki dwe gouvène lavi-w’ kèlkeswa jan sa ye.

Chanje Mantalite-w’ Anve Grande Bondye

Espri korido ka selman konsevwa reyalite ki nan degre ave-l’. Nan menm degre ak dimansyon ke Bondye se Bondye Ayisyen-an se menm jan ke-L’ se Bondye Blan.

Menm jan ke Bondye bay Blan gwo vizyon ki rann ke y’ap enpakte vi milye ak milyon moun, se menm bagay ke-L’ ka fe pou Ayisyen-an tou.

Konklizyon

  1. Li vin yon kesyon de sa-w’ konnen.
  2. Lafwa-w’ nan sa-w’ konnen.
  3. Ak volonte-w’ pou-w’ aplike sa-w’ konnen.

Kontwòl Sou Tout Sa K’ap Dewoule

Dominyon Ak Kontwòl Bondye Sou Tout Bagay

Obstak Kont Lafwa

Thoughts

Mantalite Peche

Penetre mantalite peche k’ap gouvene panse lom. Paske moun k’ap benyen nan peche-a pa we oubyen konprann ijans mesaj levanjil la menm jan.

Menm le yo konprann ke lavi frajil, mond lan danjere, men yo pa we-l’ nan sans fe yon desizyon kounyeya pou yo anbandone vi y’ap mennen-an.

Obstak Bon Konsey

Le lom lan ap mennen yon vi, le-l’ gen entansyon-l’ pou-l’ al fe yon bagay ke-l’ we k’ap bon pou li nan sans satisfe dezi lache-l’ oubyen fe tet li plezi, gen yon travay ki gen tan fet nan panse-l’ ki vire panse-l’ devan deye, tet anba, oubyen alanve.

Kidonk, bagay ki dwat, bon konsey ki pa an amoni ak pratik sa moun sa livre tet li a li menm p’ap janm fe sans. Bon sans moun sa sanse manipile. Se yon moun ki anvoute.

Vin gen yon fos rezistans ki etabli nan lavi-l’ k’ap repouse, inyore, ak rejte tout bon konsey ki te ka oryante-l’ nan yon bon direksyon.


Gen yon res manje peche, fo yo vin manje-l’ avan.

Gen laboratwa kote demon yo ap etidye sevo lom lan yon fason pou yo devlope tout kalite desepsyon pou twonpe lom lan.


Skelet Tout Anseyman

Tout bagay komanse ak glwa Bondye ki se enspirasyon, motivasyon, ak deteminasyon-L’ nan tout sa L’ap fe.

Se anndan glwa Bondye, ou jwenn koz primodyal egzistans lom lan. Lom lan egziste pou glwa Bondye menm.

Glwa Bondye dwe devni enspirasyon, motivasyon, ak deteminasyon lom lan. Lom lan gen yon responsabilite pou-l’ glorifye Bondye atrave yon vi obeyisans.

Atrave inyorans ak rebelyon lom, glwa sa ki se esans egzistans lom lan vin oryante anve Satan pa mwayen peche.

Satan tou eskplwate opotinite sa pou-l’ etabli wayom li ki kanpe sou vole, touye, ak detwi. Men baz santral la se desepsyon ki se orijin peche.

Tout anseyman dwe fokis sou konfronte ak ekspoze ministe Satan ki baze sou vole, touye, ak detwi.


Tout anseyman dwe konsantre sou Jezi Kris ki te vini ak misyon pou-L’ detwi zev Satan yon fason pou-L’ restore lom a esans egzistans yo.

Kris gen yon ministe ki opoze a wayom Satan. Ministe Kris la baze sou restore sa enmi-an vole, bay lavi a sa enmi-an touye, ak rebati sa ke enmi-an detwi.

Pwiske Jezi Kris enpoze-L’ kom chemen, verite, ak lavi, Kris devni sel mwayen atrave-L’ lom lan ka oryante glwa a Bondye.

Tout anseyman dwe baze sou glorifye Kris paske se misyon Lespri Sen-an menm.


Pi Gwo Responsabilite

Pi gwo responsabilite yon moun nan ministe se ede lom lan franchi gwo dekalaj ki genyen ant konnen ak obeyi Pawol la.


Bondye “dupliquez” an milye, milyon, milya pou-m’ tout kote sou plan sa ak “au dela” atrave priye sa pou-m’ fe dega.

Pou-m’ libere sila yo ki an kaptivite.

Recent Posts

  • The Angels Of God
  • THREE KINGDOM PRINCIPLES — 40 DECLARATIONS OF FAITH
  • The Living Word As The Fabric OF All Reality — 10 DECLARATIONS
  • The Mercy Court And The Earth (Another Perspective)
  • Against Evil Intentions In Motion — 21 Declarations Of Faith
  • Intent, Decision, And Action
  • 4 Winds (First Version)
  • Mobilize The 4 Winds (Expanded Version)
  • Mobilizing The Sun, Moon, and Stars
  • The Voice, Breath, And Word of God
  • The Name OF Jesus In The Spirit Realm
  • Earth, Water, Fire, And Air
  • Nuclear Revelation
  • Addiction, Disorder, And Bitterness
  • The Word Of The Infinite God (Faith Activation)
  • Faith Warm Up
  • The Global Church
  • The Angelic Hosts Of Heaven
  • Regeneration, Salvation, And Deliverance
  • The Body And Blood Of Jesus
  • Destroying This Habit Declarations
  • The Anointing That Breaks The Yoke
  • The Hand Of God (Verses Declarations)
  • The Hand Of God (Testimonies)
  • Restoration…
  • The Concentrated Power Of God
  • The Energetic Blood Of Jesus
  • The Name Of Jesus (The Universe)
  • The Ignorance Of Believers Prayer
  • Taking Possession Prayer
  • The Word Of God (Voice Over)
  • Binding And Loosing
  • Pawòl Bondye Toupwisan
  • Dominion Of The Earth Through The Body
  • Testimony
  • The Word Of God Is The Substance
  • Your Identity In Christ
  • The Five Worlds of Satan
  • Praying For Others
  • 100 Violently Spiritual Warfare Declarations
  • Speak As Jesus Representatives
  • Blood in Occult Rituals vs. The Blood of Jesus
  • 40 Spiritual Warfare Prayer Themes Against the Kingdom of Darkness
  • Structuring Prayer for the Global Body of Christ
  • Key Ministry Strategies
  • Full Summary – Deliverance of the Body and the Soul
  • My Testimony: From Islam to the Living God
  • 🔥 Declaration: “The Word in My Mouth”
  • ✅ Daily Reminders
  • ✅ Rejuvenating Energy And Power Of God
  • ✅ The Relational Approach Of Jesus Name
  • Things That I Have To Focus On
  • The Hand Of God
  • ✅ The Glory Of God
  • Chatgpt Deep Research
  • Testimony About Christian Being Broke
  • Summary of “Testimony of a False Prophet”
  • The Final Hours
  • Testimony About The Power Of The Name And Word of Christ Jesus
  • Ungodly Covenant
  • Yod Hey Vav Hey, Yahuah Elohim Rapha
  • The Names Of God
  • Yod Hey Vav Hey – Personal
  • Youth Is Renewed
  • Exercising Authority And Dominion
  • The Face Of God
  • Sound Vibration
  • Covenant Of Offerings With The LORD
  • The Almighty Strategy
  • Part Two – Psalms Of Confession
  • Transcendence, Preeminence, Superiority, And Dominance Of The Name JESUS
  • Yod Hey Vav Hey
  • Yahuah Rapha – Healing
  • Psalms Of Confession And Purification
  • Worship
  • Healing For The People
  • Soul Battles
  • Final Strategy
  • The Word Of God Part 2
  • Healing Prayer
  • Holiness And Righteousness
  • The Power Of The Word Of God
  • Excepts From The Book Of Isaiah
  • ✅ Prayer Ministry (Ignorance)
  • Sòm Pou Li Pou Pwoteksyon
  • Pran Otorite Sou Tèritwa-W’
  • Som Pou Li
  • The Infinite Power
  • ✅ Nouvo Kòmand
  • The Battle Of Psalms
  • ✅ The Lord’s Prayer
  • Atake Ènmi-an
  • 3 Tip Espri K’ap Enfliyanse Mond Lan
  • Scripture Verses To Memorize
  • ✅ Transcendance, Prééminence, Superiorité, Ak Dominance Non JÉSUS
  • Tem Konba Spirityèl
  • Priyè Konsènan Glwa Bondye
  • Pale Pou Mwen Senyè JÉSUS
  • Aji Pou Mwen
  • ✅ My Daily Routine
  • Embracing Your True Identity In Christ
  • Konba Spirityèl 
  • Spirit Of Man
  • Anbago 2
  • Glorifying God Almighty
  • Prayers For The Nation
  • Things To Keep In Mind
  • The Glory Of God Almighty Is The 1st And Utmost Priority, Victory In Jesus
  • Mystery Of Body Parts
  • The Mystery Of God
  • What Are Elementals?
  • Aloe Growth Healing Serum & Mega Growth Oil
  • ✅ Victory Over This….
  • Reyaktivaksyon, Restorasyon, Ak Egzese Otorite Sou Eleman
  • Powerful Psalms Of Battle
  • The Name Of Jesus, Glory Of God, And Temptation
  • ✅ Powerful Stuffs (Very Important) (Take Over)
  • The Deception Of Reincarnation
  • Doing The Works Of God
  • Dead To Sin In Christ
  • Seeking God’s Direction
  • Plan Kont Kid…
  • Purification Of The Word Of God
  • Prayer Of Destruction
  • Fighting Craving To Indulge
  • The Believers Authority In God Through Jesus Christ, Dealing With Argument
  • The Power Of The Name Of Jesus [Very Important] – Remonte Nan Esans Ak Pwisans Non Sa
  • Plan Kont Sistem Po…
  • Pwisans Bondye
  • Spiritual Warfare Verses, Hand Of God
  • Pran Otorite Ak Posesyon
  • Pwisans Kò Ak San Jezi
  • Pwisans Pawòl Bondye-a
  • The Father Speaks
  • Jesus Is In All Things, He Holds Everything Together
  • Special Prayer
  • Experimentation
  • Healing Verses
  • A Prayer of Healing Through Worship
  • The Seven Wounds Of Jesus
  • Things To Focus In Prayer – Very Important
  • ✅ Prayer Of Impartation And Spiritual Vision
  • Things To Enrich My Prayer Life
  • Choosing to take God at His Word
  • Things To Pray, Fast, Revival
  • Daily Scripture Verses To Meditate On
  • Daily Prayer
  • Elvasyon Spirityèl Legliz La
  • Pwisans Ki Gen Nan Sèvi Bondye Ak Byen-W’, Ofrann, Ak Destine
  • Strateji Pou-M’ Konbat Tout… Pou Elvasyon Spirityel Legliz La Ak Kominote-a
  • Building Ministry Scripture Verses
  • Important Knowledge About God And Man
  • Pouvwa Yon Satanis Genyen
  • Temwayaj Moun Ki Te Tonbe An Pouriti Ak Entevansyon Jezi Kris
  • Casting Out Demons, Death Prayer, Blocking Plan To Pray, And Dream
  • Songs The Angels Sung Prior To Jesus Resurrection
  • The Holy Spirit
  • The Prayer of Consecration
  • The Tabernacle Prayer Model
  • Sovereignty Of God And The Tendency For Immediate Results
  • Reyalite Dwol Ou Ap Leve Nan Lapriye
  • Psalms That You Can Read For Protection
  • Dife Lespri Sen-An
  • Enfliyans Satan
  • Depouye-w’ De Vye Konsepsyon Konsenan Priye, Lapriye Transandantal
  • Obstak Kont Lafwa Ke-m’ Pote Viktwa Sou Yo
  • Ministry Of Angels And Psalms
  • ✅ Atak Kont Legliz Kris La – Reket Priye
  • Vigilance In Sprititual Warfare
  • Espri Demonnyak, Espri Bijou, Makiyaj, Pederas, Ak Imoralite
  • The Spiritual World, The World Of Darkness
  • Wayòm Satan, Feblès Lachè, Pwisans Levanjil
  • The Fall Of Satan And The Recreation Of The Earth
  • Temwayaj Jean Claude Muamba, San Moun
  • The Body And Blood Of Jesus, The Spiritual Reality Of Holy Communion – Very Important
  • Temwayaj Felicien – Magie Wouj, Atak Kont Reinhard Bonnke
  • The Works Of The Holy Spirit
  • Temwanyaj Pierre Akandjo – Sistem Bondye – Prensip Biblik
  • Brother Oscar Testimony – Offerings, Marriage, Secular Music, Power Of Praise
  • Temwayaj Yon Ansyen Medsen Fetich Kameroune, Miwa Mistik, The Book Of Condemnation
  • ✅ Jesus Came To Destroy The Works Of The Devil
  • Tre Enpotan Nan Konfronte Dout Ak Enkyetid
  • Kontwòl Sou Tout Sa K’ap Dewoule
  • Power Of Prayer Out Of Ignorance Testimony – Angelic Army
  • 9 Tip Kretyen Pou-W’ Fokis Sou Yo, Vi Rebel
  • Spiritual Reality, Terms
  • Leve Moun, Zonbifikasyon, Ak Sakrifis Imen
  • Konfli Spirityel Kont Espri Imen, Fo Cheve
  • Nanm, Prensip, Dife Bondye
  • Satan’s Temples, Catholic, And Pandemonium
  • 17 Super Powerful Things
  • The Creative Power Of God Almighty
  • Brother Oscar Testimony – Believers’ Weapons And Discernment – War Against Spiritual Vision
  • Brother Oscar Testimony – Prayer, Anointing Oil, Adornment
  • Brother Oscar Testimony – Satanic Products
  • Brother Oscar Testimony – The Power Of Baptism
  • The Power Of Confessing The Word Of God
  • Vision, Discernment, Understanding, And Knowledge
  • Danje Ki Genyen Nan Imoralite Seksyel
  • Food Infestation, Markets, Seat And Throne Of Demonic Powers

Archives

  • June 2026
  • May 2026
  • April 2026
  • March 2026
  • January 2026
  • November 2025
  • October 2025
  • September 2025
  • August 2025
  • July 2025
  • May 2025
  • April 2025
  • December 2024
  • November 2024
  • October 2024
  • September 2024
  • July 2024
  • June 2024
  • May 2024
  • July 2023
  • May 2023
  • April 2023
  • March 2023
  • February 2023
  • January 2023
  • December 2022
  • November 2022
  • August 2022
  • June 2022
  • May 2022
  • March 2022
  • January 2022
  • December 2021
  • November 2021
  • October 2021
  • September 2021
  • August 2021
  • July 2021
  • June 2021
  • March 2021
  • November 2020
  • September 2020
  • August 2020
  • July 2020
  • June 2020
  • April 2020
  • March 2020
  • February 2020
  • January 2020
  • December 2019
  • November 2019
  • October 2019
  • September 2019
  • August 2019
  • July 2019
  • June 2019
  • March 2019
  • February 2019
  • January 2019
  • December 2018
  • November 2018
  • October 2018
  • September 2018
  • August 2018
  • August 2017

Categories

  • Astral Traveling
  • Being Vigilant
  • Believers' Spirit In Warfare
  • Blocking Prayer Plan
  • Christian Empowerment
  • Danje Pwodwi Bote
  • Death Prayer
  • Dominion
  • Drinking blood
  • Emotional And Mental Instability
  • Evanjelizasyon
  • Faith in God
  • Fall of Satan
  • Kingdom of Darkness
  • Konfesyon Satan
  • Nighttime Demonic Activities
  • Old Spiritual Stuffs
  • People's Stars
  • Power of prayer
  • Power of the name of Jesus
  • Preaching The Gospel
  • Pwisans Gerizon
  • Pwisans Lafwa
  • Pwoblem Kwayans
  • Satan's Bank Of Blood
  • Satanists' Infiltration In The Church
  • Scripture Verses
  • Sea Siren
  • Sexual Perversion
  • Spiritual Prison
  • Spiritual Warfare
  • Testimony
  • The Astral Realm
  • The Blood Of Jesus
  • The Dark World Infrastructure
  • The Importance Of Discernment
  • The Power Of God
  • The Power Of Offerings
  • The Power Of Praise
  • Twal Arenye
  • Uncategorized
  • Word of Curses
  • World of Satan

Meta

  • Log in
  • Entries feed
  • Comments feed
  • WordPress.org
© 2026 Powerful Testimonies | Powered by Minimalist Blog WordPress Theme