Tout sa k’ap fèt oubyen an manifestasyon sou plan fizik sa konekte, depann, oubyen sanse yon pwodwi yon bagay Bondye te kreye.
kidonk, pa gen anyen ditou ki ka fèt san-l’ pa depann oubyen san-l’ pa gen kòm fondasyon yon bagay ke Bondye te kreye.
Byen baze sou yon “bonne utilisation” yon prensip, lwa, abilite, ak domèn ke Bondye te kreye. Mal la se lekontè.
Kidonk, Satan ki se otè mal pa ka ale “au dela” reyalite ke Kreyatè-a kreye pou-l’ kreye pwòp reyalite pa-l’ ki sanse pa konekte ditou ak sa Bondye fè.
Satan pa ka kreye pwòp reyalite pa-l’ ki separe oubyen ki ka egziste nan yon fason ki pa depann sou reyalite ke Bondye te kreye.
Kidonk, menm lè ke Satan fabrike pwòp vèsyon reyalite pa-l’ pou-l’ pouse ajanda-l’, men vèsyon reyalite pa-l’ la gen kòm baz li oubyen kòm esans li menm reyalite ke Kreyatè-a te kreye.
Nan ka sa, sèl sa Satan ka fè sèlman se kopye, vire a lanvè sa Bondye fè.
Ke tout lwa ènmi-an ak tout akolit li yo ap pran woulib sou yo-a, lwa atrave-l’ objektif malefik yo materyalize kit li fizik ak spirityel bloke yo.
Ke lwa sa yo vire kont yo. Lwa sa soutni pa pwisans kreyatif Bondye.
- Lwa panse ki pwodwi entansyon.
- Lwa desizyon ki bay yon dispozisyon pou entansyon sa vin aksyon.
- Lwa mouvman, lwa aksyon, deplasman ki se pwosesis ki pral debouche sou aksyon-an menm.
- Lwa ekzekisyon ki se entansyon-an ki sanse materyalize an aksyon.
Tout sa k’ap fet sanse komanse pa yon entansyon. Entansyon sa bay yon desizyon. Anplis, desizyon sa pwovoke yon “sequence des mouvements” ki pral debouche a yon aksyon.
Entansyon sa vin devni yon objektif. Tout mouvman vin fet an fonksyon entansyon ki nan tet lom lan.
Mal pou-l’ te pran plas li nan lavi lom fo-l’ te jwenn yon bagay ki te gen tan la deja pou-l’ souye ak enkane-l’ nan yo.
Pran otorite sou tout vye entansyon malefik ki an pwosesis materyalizasyon atrave panse lom lan.