Ekzèsis Spirityèl Pou Ogmante Lafwa-m’
Nou gen lafwa atravè tande. Tande kisa? Tande Pawòl Bondye-a (Women 10:17).
Lavi ak lanmò se nan pouvwa lang nou (Pwovèb 18:21).
Non Ki Pi Wo Pase Tout Non Ak Tout Bagay
Non ki se non Bondye Papa Li menm kòm tèt divinite siprèm lan ke-L’ pote ke-L’ bay a Pitit Li.
Non ki se Sila ki kanpe dèyè-L’ la menm, Bondye Papa atravè Pitit Li pa mwayen Sent Espri-L’.
Non ki se fas, imaj, ak reprezantasyon tout sistèm divinite siprèm lan.
Non ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, ak dominasyon tout sistèm Bondye toupwisan ladan-L’: Bondye Papa, Pitit la, ak Lespri Sen-an.
Non ke syèl la ak tè-a te kreye atravè Sila ki kanpe dèyè-L’. Non ke syèl la ak tè-a gen pou kouri pou prezans Antite ki kanpe dèyè-l’ la epi p’ap gen plas pou yo kache.
Non ke pa gen anyen ki ka fèt san otorizasyon oubyen pèmisyon Sila ki kanpe dèyè-L’ la.
Non Sila ki kanpe dèyè-l’ la se “Je Suis”.
Non sa se Jezi Kris. Non ki pi ekzalte.
Non ki pi wo pase tout non ak tout bagay. Non ke tout jenou gen pou flechi pou yo konfese ke Jezi Kris se Senyè pou glwa Bondye Papa.
Pawòl Bondye-a
Pawòl Bondye-a se yon sistèm divin ki gen ladan-l’ Bondye Papa kòm sous tout bagay, Pitit la Jezi Kris kòm Pawòl la ki se ekspresyon tout bagay, ak Lespri Sen-an ki se manifestasyon tout bagay.
Bondye Papa se inisyasyon tout bagay. Pitit la se ekspresyon tout bagay. Lespri Sen-an se manifestasyon tout bagay.
Pawòl la omnisyan, omniprezan, ak omnipotan. Pawòl la gen konsyans, entèlijans, konesans, sajès, entansyon, otorite, pwisans, prezans, ak lavi Bondye vivan ladan-L’.
Anndan menm sistèm divin sa, gen antite anjelik yo ki nan kantite ke-w’ pa ka konte ki aji selon Pawòl la.
Pawòl la gen yon rezonans tout kote kit li lokal, rejyonal, nasyonal, entènasyonal, global, ak inivèsèl. Pawòl la transande spas, tan, ak matyè. Distans pa gen okenn enpòtans pou Pawòl la. Li se sa ki fè tout distans. Li se sa ki kouvri tout distans. Li se sa ki depase tout distans.
Kidonk, sa-m’ santi ak panse ki byen lwen-m’ lan an rezonans nan mwen ak alantou-m’. M’ p’ap adrese yon Bondye ki lwen-m’, men ki prezan nan mwen. Si-L’ ka konnen yon vye panse ki travèse imajinasyon-m’, Li tande lè-m’ priye-L’.
Chak fwa ke Pawòl la deklare ak lafwa, Pawòl sa ale epi li al fè yon enpak yon kote.
The Word of God
By speaking the Word of God by faith, I am tapping into the greatest, biggest, most powerful, loudest, and most far reaching sound system.
The system that goes beyond all types of limitations. My declarations aren’t what will make the difference, but the very system that’s already in place backing up my declarations.
I am tapping into the core principle being the creational, and existential foundation of all realms of existence being spoken Words.
I am connecting to the System of systems, the Network of networks, the Realm of realms which is omnipresent, omniscient, and omnipotent being God Almighty through His beloved Son Jesus by the blessed Holy Spirit.
The Name of Jesus
The name of that righteous man [JESUS], which I’ve told you not to mention is the very name of the living God which He bears.
For this reason, nobody among us [the evil forces] can withstand that name [the power of His name] as the universe was made by that name.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè-a.
Senyè ak Dye nou, Ou diy pou-W’ resevwa glwa, onè, louwanj, ak pwisans paske se Ou ki te kreye tout bagay, atravè volonte-W’ an Jezi Kris ki se Pawòl la yo tout te kreye epi vin sa yo ye-a pou glwa non-W’ (Revelasyon 4:11).
Atravè lafwa, nou konprann ke inivè-a te fòme atravè pawòl Bondye. Pou rezon sa, sa ki vizib pa-t’ kreye ak materyèl ki vizib (Ebre 11:3).
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè-a (Jeremi 22:29).
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè Dye ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, dominasyon, fòs, enèji, onksyon, kapasite, abilite, ak potansyalite nan tout plan ekzistans k’ap renye etènèlman.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè Bondye ki siprèm, souveren, absoli, imanan, transandan, endepandan, ak otononòm nan tout ak sou tout bagay.
Senyè ke pa gen anyen ki pa-t’ ekziste avan kòmansman tout bagay ki vin ekziste ki t’ap ka ekziste san Pawòl Li. Pa gen anyen tou ki pa-t’ ekziste ki vin ekziste ki ka kontinye rete an ekzistans san Pawòl Li.
Senyè ke pa gen anyen nonplis ki ka manifeste nan kèlkeswa dimansyon ekzistans ke-l’ ye san otorizasyon oubyen pèmisyon Pawòl Li.
Li se Senyè ke pa gen anyen ki ka fonksyone san Pawòl Li paske pa gen anyen ki endepandan ak otonòm atravè ekzistans ak fonksyonman yo. Kidonk, Pawòl la gen anprent Li nan tout bagay.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè Dye ki anwo nan syèl la ki chita sou twòn ki pi wo pase tout twòn ke pa gen yon bagay ki pa an soumisyon ak otorite-L’ ki manifeste atravè Pawòl pwisans Li an Jezi Kris.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Bondye ki se gran Achitèk, Kreyatè, ak Soutyen tout inivè-a. Bondye vivan ki bay lavi ke tout sa-L’ kreye gen lavi nan yo.
Tande Pawòl Senyè Bondye vivan ki te kreye-W’ kòm yon antite ki vivan. Pwiske ou vivan, ou gen lavi nan ou. Kidonk, ou gen kapasite pou-w’ bay lavi.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè Bondye ki ba-w’ zòrèy pou tande ki pèmèt ke-w’ kapab reponn ak presizyon ki se yon konfimasyon ke-w’ gen kapasite pou-w’ tande ak aji sou baz enstriksyon atravè kòmand ke-w’ resevwa.
Men sa ke Pawòl Senyè-a deklare:
Syèl ki pi wo yo se pou Senyè-a yo ye, men Li bay pitit lòm tè-a kòm tèritwa yo (Sòm 115:16).
Nan kòmansman se te Pawòl la, Pawòl la te la ak Bondye, epi Pawòl la te Bondye (Jan 1:1).
Li abiye ak yon wòb ki gen san ladan-l’, epi non-L’ se Pawòl Bondye-a (Revelasyon 19:13).
Epi tou w’ap dekrete yon bagay, epi l’ap fèt pou ou: epi limyè va jayi sou chemen-w’ (Jòb 22:28).
M’ap ba-W’ tout kle Wayòm syèl la. Tout sa-w’ mare sou tè sa ap mare nan syèl la. Tout sa-w’ demare sou tè sa ap demare nan syèl la (Matye 16:19).
Se vre wi sa M’ap di nou la, tout sa-n’ mare sou tè sa ap mare nan syèl la. Tout sa-n’ demare sou tè sa ap demare nan syèl la (Matye 18:18).
Sa M’ap di nou la se vre wi, si yon moun di mòn sa, deplase al tonbe nan lanmè epi ki pa doute nan kè-l’ men ki kwè sa-l’ di-a ap rive vre, l’ap fèt pou moun sa (Mak 11:23).
Pawòl la pa jis enfòmasyon, enstriksyon, ak kòmand. Li se yon sistèm atravè-L’ ou jwenn Bondye Papa ki se Sous tout bagay, Pitit la Jezi Kris Pawòl la menm an pèsòn ki se Ekspresyon tout bagay, ak Lespri Bondye ki se Manifestasyon tout bagay.
Kidonk, Pawòl la omniprezan, omnipotan, ak omnisyan.
Pawòl Senyè-a reyèl, aktyèl, vivan, aktif, kreyatif, rejeneratif, reyaktif, retroaktif, efikas, pwodiktif, enèjetik, eksplozif, ak dinamik. Pawòl Bondye-a se limyè ki te jayi sou tout kreyasyon-an avan menm solèy, lalin, ak zetwal yo te kreye.
O latè, sou baz gwo kokenchenn revelasyon ke sèvitè Bondye Francis Myles te resevwa nan men Lespri Bondye aprè yon atak sosèlri, m’ vin aprann sa yo de ou menm.
- Ou se yon antite ki vivan.
- Ou gen zòrèy pou-w’ tande enstriksyon ki pèmèt ou aji ak presizyon.
- Ou gen matris ki pèmèt ou prodwi.
- Ou gen bouch pou swa vale oubyen vomi.
- Ou te kreye pou-w’ bay lòm sèvis afen pou yo atenn destine yo.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè-a ki kreye-w’ ak kapasite pou-w’ tande ak aji…
Nan moman sa, … kòm yon rachte ke espri-l’ rejenere, nanm li sove atravè san Jezi Kris pa pwisans Lespri Sen-an,
… kòm yon espri ki gen yon nanm ki kreye nan imaj Bondye vivan, selon pwòp resanblans Li anndan yon kò ki fèt ak pousyè tè sa ak yon manda pou-m’ domine nan mond fizik sa sou tout sa Bondye kreye pou glwa non-L’; mwen menm kòm pitit Bondye toupwisan ki pataje pwòp nati divin Li avè-m’ ki rann mwen kapab sèvi kòm yon veso pou prezans, pwisans, ak revelasyon-L’;
…. kòm yon anbasadè Wayòm Li sou tè sa ke-L’ bay otorite swa pou-m’ mare oubyen demare; kòm yon sèvitè ki kreye pou-m’ fè sèvis Bondye; kòm yon sòlda nan lame gran Kòmandan an chèf tout inivè-a; kòm yon prèt, kòm yon wa an Jezi Kris ki se Wa siprèm lan; ak menm priz tè sa ki nan pla men-m’ lan ki se konpozisyon kò-m’, tout ekzistans fizik mwen, ak tout sa-m’ gen pou-m’ akonpli nan mond sa; m’ap fè yon dechajman, depouyman, dezanvoutman, debarasman, dezentoksifikasyon, ak dezonbifikasyon total kapital; m’ kòmande-w’ ouvri bouch ou byen laj pou-w’ vale totalman adiksyon pònografik sa ki anvayi, anvlope, angoudi, andikape, ak antòtye lavi-m’ nan non Jezi.
O latè, vale tout movèz enfliyans, dominans, depandans, obsesyon, koneksyon, degradasyon, pèvèsyon, depravasyon, deteryorasyon, dekonpozisyon, kontaminasyon, malediksyon, destriksyon, alyans avèk espri marin, espri sediksyon, espri imoralite seksyèl, espri andisisman, espri rezistans, espri rebelyon, espri ki bay santiman, tandans, ak konpòtman chen; espri ki bay santiman, tandans, ak konpòtman kochon, espri sanwont, espri sangwen, espri demonyak ki syeje nan dezyèm syèl la ak tout enplikasyon spirityèl, mantal, ak fizik ki lye ak vis sa menm k’ap boulvèse lavi-m’ pandan plizyè ane nan non Jezi.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè-a ke tout otorite sòti nan Li menm, dominasyon sou tout kreyasyon-an jan Kreyatè-a vle-l’ la kòmanse ak dominasyon espri-m’ ki sòti nan Bondye sou kò fizik mwen ki fèt ak tè sa. M’ dekrete kounyeya menm ke fòk espri-m’ ki kreye nan imaj Bondye selon resanblans Li dwe an soumisyon ak Espri siprèm lan domine matyè-a. M’ dekrete dominasyon-m’ sou peche. M’ deklare ke Lespri Bondye ki bay fòs la anjandre espri-m’ ak rezistans. M’ dekrete soumisyon total espri-m’ anba otorite Bondye ki gen tout pouvwa nan non Jezi.
Kidonk, vale pi gwo ènmi kokenchenn manda sa nan lavi-m’ ke Bondye te konfye ak limanite. Vale pi gwo obstak sa ki nan lavi-m’ ki anpeche-m’ viv vi yon moun ki rachte, rejenere, sove, ak delivre. Vale pongongon, giyon, ak pichon sa k’ap toufe imaj ak resanblans Bondye nan lavi-m’ nan non Jezi.
Vale gwo fado lou sa ki rann ke m’ap viv yon vi ki enferyè a vi Bondye vle pou-m’ viv la. Vale gwo mons sa ki anvlope-m’, k’ap toupizi-m’ atravè gaspiye tan, enèji, ak resous mwen. Vale vis pònografik sa yon fwa pou tout nan non Jezi Kris atravè san-L’ ki te vèse pa mwayen kò-L’ ki te brize sou menm tè sa.
O latè, latè, latè, ke vis pònografik sa al boule nan lanfè afen ke nanm mwen kapab sove nan non Jezi Kris…
M’ dekrete delivrans kò-m’ anba joug peche sa nan non Jezi Kris…
Kidonk, adiksyon pònografik, m’ dekrete ke rèy ou fini nan lavi-m’ kounyeya menm nan non Jezi.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè-a ki deklare si nou pa padone sa yo ki peche kont nou, Li p’ap padone nou; m’ kòmande-w’ vale rankin, espri vanjans, ak rayisman k’ap bouyi sou kè-m’ anvè tout moun ki fè-m’ mal yo nan non Jezi.
Kidonk, rankin, m’ dekrete ke twoma, twoub mantal, doulè ke-w’ enflikte sou lavi-m’ fini nan non Jezi Kris.
O latè, latè, latè, tande Pawòl Senyè-a ki pale tout bagay an ekzistans atravè Pawòl pwisans Li. M’ kòmande-w’ vale bege sa, tout sentòm li yo, tout limitasyon, tout timidite, tout izolasyon, tout lapèrèz, tout mank konfidans, tout konfizyon, ak tout blokaj li yo nan lavi-m’. O latè, ou gen nan sistèm memwa-w’ tout langaj ki nan mond sa. Ou gen entèlijans divin.
M’ kòmande-w’ pou vomi an gran jan tout sa-m’ te pèdi nan domèn kominikasyon, atikilasyon, ak metriz nan domèn langaj mwen akoz mank pratik. Vomi metriz ak bon konpreyansyon lang Anglè, Espanyòl, ak Fransè nan lavi-m’ nan non Jezi.
Kidonk, bege ou gen zòrèy pou-w’ tande, m’ dekrete ke kontwòl, limitasyon, blokaj, ak fristrasyon ke-w’ lakòz nan lavi-m’ fini kounyeya menm nan non ki gen tout otorite, pouvwa, pwisans, ak dominasyon sou tout bagay Jezi Kris.
O latè, latè, latè, nou tou de fèt ak menm eleman. Kò-m’ sòti atravè-w’. Se la kò-m’ gen pou retounen aprè lanmò-m’ nan tan Bondye ki gen tout pouvwa dezinye sa.
Ou se yon pi gwo reprezantasyon kò fizik mwen. Kò fizik mwen se yon reprezantasyon ou menm nan yon dimansyon ki pi limite. Nou gen yon koneksyon ki trè pwofon. Dayè, vi materyèl mwen depann de sa-w’ pwodwi.
Lòm lan te kreye ak yon manda pou-l’ domine ak renye sou tè sa. Ou te kreye ak yon manda pou-w’ kolabore avèk lòm lan kòm sèvitè-l’.
Kidonk, kolabore avè-m’ nan non Sila ki se Pawòl la ki te kòmande ekzistans ou Jezi Kris ke tout bagay te kreye atravè-L’ ak pou Li menm epi ki gen pou-L’ vin etabli wayòm Li sou tè sa yon jou.
O latè, latè, latè, kòm yon espri ki nan yon kò fizik, dezi-m’ se deklare ak otorite ak pwisans Pawòl Senyè-a sou tout kreyasyon-an pou glwa non-L’, vale tout obstak spirityèl, mantal, ak fizik ki kanpe kont lavi-m’ nan non Jezi.
Vrè, Fidèl, ak Amèn.
She has heard. Put the dirt back.
She longs to hear from the redeemed.
The earth is expressing a deep, emotional anticipation of receiving news, a voice, or a message. She is nurturing an intense eagerness or aching need for auditory updates because I have never talked to her.
Gen yon lè kò-m’ ap retounen nan pousye te-a, vale tout sa ki pa bon nan kò-m’.
Pa gen anyen ke lom lan ka pwodwi sou bout te sa san kolaborasyon-w’.