{"id":969,"date":"2019-10-28T03:21:53","date_gmt":"2019-10-28T03:21:53","guid":{"rendered":"http:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/?p=969"},"modified":"2019-10-28T20:22:08","modified_gmt":"2019-10-28T20:22:08","slug":"priye-kont-konplo-krim-ak-aksidan","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/priye-kont-konplo-krim-ak-aksidan\/","title":{"rendered":"Priy\u00e8 Kont Konplo, Krim, Ak Aksidan"},"content":{"rendered":"<p><span style=\"color: #000000;\">Bondye Papa nou ki anwo nan sy\u00e8l la ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, ak dominyon sou tout bagay ki pa janm d\u00f2mi. <\/span><!--more--><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Bondye ki kreye ni mond vizib ak mond envizib la pou pw\u00f2p glwa-L&#8217;, pou eksprime grand\u00e8-L&#8217; k\u00f2m Bondye sipr\u00e8m iniv\u00e8-a ki san par\u00e8y. Bondye ki pa gen l\u00f2t\u00a0<\/span><span style=\"color: #000000;\">devan-L&#8217;, akote-L&#8217;, ak d\u00e8y\u00e8-L&#8217;. P&#8217;ap janm gen tankou-L&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Bondye ki kreye tout bagay pou Pitit Li Jezi Kris e ki bay Jezi yon otorite sipr\u00e8m sou tout bagay\u00a0ki egziste.\u00a0Bondye ke anyen pa janm echape anba kontw\u00f2l Li. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Bondye ke anyen pa janm pran-L&#8217; pa sipriz. Bondye k&#8217;ap renye sou tout iniv\u00e8-a ak yon otorite ak pwisans nan men-L&#8217; ki absoli e ki san limit. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Yon otorite ke dyab paka ni ranv\u00e8se, reziste, ak twonpe.\u00a0Bondye ke \u00e8nmi-an paka pase anba fil f\u00e8 yon fason pou-l&#8217; twonpe vijilans Ou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Bondye ke prezans ak grand\u00e8-L&#8217; si t\u00e8lman imans e rey\u00e8l tout kote, iniv\u00e8-a menm tw\u00f2 piti pou-l&#8217; kenbe prezans\u00a0Li. Bondye ki\u00a0chita sou tw\u00f2n ki pi wo pase tout tw\u00f2n. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Bondye ke kote Ou syeje sou tw\u00f2n Ou-an domine sou mond fizik la ak\u00a0mond\u00a0kote\u00a0dyab\u00a0la ak tout akolit yo ap fonksyone. <\/span><\/p>\n<p dir=\"ltr\"><span style=\"color: #000000;\">Pa gen anyen ki ka manifeste nan mond fizik la si-W&#8217; pa p\u00e8m\u00e8t li. Bondye k&#8217;ap kontwole tout aktivite dyab la. Bondye ki f\u00e8 sa-L&#8217; vle, tout kote-L&#8217; vle,\u00a0l\u00e8-L&#8217; vle, ak jan-L&#8217; vle kit li se\u00a0nan sy\u00e8l la, sou t\u00e8-a, anba lanm\u00e8, ak anba t\u00e8. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Mwen ba Ou tout glwa, lon\u00e8, ak louwanj Ou menm s\u00e8l merite pou grand\u00e8-W&#8217; ak\u00a0fidelite-W&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ebyen, nan tout otorite ak pwisans ke Ou gen nan men-W&#8217; ki p&#8217;ap janm ka epwize ke Ou envesti ban Pitit Gason-W&#8217; Jezi Kris ke-W&#8217; bay Kretyen yo aks\u00e8 a li menm an Kris pou yo detwi z\u00e8v dyab la, m&#8217; pran otorite sou tout kalite konplo ki ranje kont mwen kit li mistik ou imen, sou tout zam, sou asid y&#8217;ap voye nan figi moun, sou tout plan \u00e8nmi-an, sou tout zak kidnapping, sou tout demon ki alabaz konplo sa yo.<\/span><\/p>\n<blockquote><p>Papa, fo-m&#8217; fe refleksyon sa yon fason pou-m&#8217; ka depann sou pwoteksyon-W&#8217; ak yon fem konfidans. Menm jan ke-m&#8217; ka depann sou pwoteksyon-W&#8217; kont atak spirityel ke enmi-an ap lanse toutotan ke-m&#8217; rete nan limit ke-W&#8217; ban mwen-an se konsa ke-m&#8217; ka depann sou pwoteksyon-W&#8217; kont atak fizik tou.<\/p>\n<p>Paske atak spirityel pi terib. Atak spirityel ap evolye nan yon dimansyon ki pi avanse pase domen kote atak fizik ap evolye. Zam spirityel pi terib pase zam fizik.<\/p>\n<p>Zam fizik pa ka kanpe devan zam spirityel. Pa gen okenn lame lom ki ka kanpe kont yon lame espri.<\/p><\/blockquote>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ebyen, m&#8217; k\u00f2mande ech\u00e8k, anbago, deblozay, av\u00e8gleman, blokaj, reta, konfizyon, ak egareman total kapital nan non Jezi. M&#8217; k\u00f2mande ech\u00e8k kont tout krim kont mwen nan non Jezi.<\/span><\/p>\n<p>Tout vye zak l\u00f2m lan ap kom\u00e8t k\u00f2manse nan de sous sa yo: panse ak santiman. Yo youn sanse jwe sou l\u00f2t atrav\u00e8 yo Satan enfliyanse l\u00f2m lan.<\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Tout konplo malefik, destriktif ki gentan planifye deja oubyen ki an mosyon sou plan astral ak nan panse l\u00f2m lan kont mwen ki poko manifeste nan mond fizik la, m&#8217; k\u00f2mande ech\u00e8k ak destriksyon nan non Jezi. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Tout sa-k&#8217; gen tan fet pandan lanwit kont mwen ki gen pou manifeste pandan lajounen se pou yo echwe nan non Jezi. Tout espri malefik ki an mosyon astral k&#8217;ap tann op\u00f2tinite pou yo ka frape-m&#8217;, gaye nan non Jezi.<\/span><\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<h2 dir=\"ltr\"><strong>Konfesyon<\/strong><\/h2>\n<div align=\"left\">\n<blockquote><p><span style=\"color: #0000ff;\">&#8211; Genyen yon Franmason ki di gen pawol ke-w&#8217; pwononse avan-w&#8217; soti, te met gen tout kalite deblozay ak dezod k&#8217;ap fet, moun ap mouri, kanta pou retounen lakay ou, ou pa ka pa retounen.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Yon moun te met ap chache-w&#8217; ak zam pou-l&#8217; touye-w&#8217;, gen pawol ke-w&#8217; pwononse, kanta jwenn ou-an, se bliye sa.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Gen pawol ke-w&#8217; pwononse, menm si yo te ba ou pwazon, menm si yo te monte yon lamen pou ou, yo p&#8217;ap janm ka atenn ou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Gen pawol ke-w&#8217; site sou machin ou, non selman yo paka vole machin lan, men kelkeswa bagay ke-w&#8217; te kite nan machin lan, vole pa ka pran-l&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">&#8211; Yon gwoup moun ki t&#8217;ap mache ansanm, nan kapasite mistik yo sou pakou-a, yo gen tan we yon gwoup vole <\/span><span style=\"color: #0000ff;\">k&#8217;ap tann yo. Le yo rive, yo pwononse yon pawol selman, yo tout tounen kabrit. Yo netralize yo tout ak yon pawol mistik.\u00a0<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">&#8211; Gen priye ke-w fe le ou ap soti menm si ta pral genyen yon deblozay ki ta pral pete, se le-w&#8217; fin pase pou sa rive fet. Priye-a sanse retade tout sa ki ta pral dewoule nan zon lan pou yon moman.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Gen priye ke-w&#8217; fe si-w&#8217; gen yon kob sou ou, menm si zon ou ap pase-a te chaje vole, menm si vole te met ap fouye moun, pran zafe moun, men kanta pran lajan sa-k&#8217; sou ou-a, sa pa ka fet. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">&#8211; Gen fason ou ka kreye yon mas enejetik ki rann ke atak fizik ak spirityel pa ka atenn ou. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">&#8211; Gen pawol ki rann zam ak kouto vin inefektif. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">&#8211; Gen yon answen satanis ki konfese yo konn krible-l&#8217; ak katouch, an retou li pran grenn katouch yo li bay ajan milite ki tire sou li yo. Yo tout pete kouri a sezisman.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">&#8211; Anplis, gen yon dam ki t&#8217;ap sevi gwo dyab, yo eseye rantre machin sou li pou yo te fini ave-l&#8217;. Tout moun panse machin lan kraze-l&#8217;, men se gade yo gade yo we-l&#8217; lotbo lari-a. Gen yon entevansyon ki fet ki epanye-l&#8217; de aksidan. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">&#8211; Gen yon homme mistik anko ki bay jan ke-l&#8217; bloke zam de vole ki t&#8217;ap pral eseye vole yon motosiklet nan men yon moun ki t&#8217;ap mennen-l&#8217; yon kote. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Te gen twa moto ki t&#8217;ap pouswiv yo. Kapasite mistik misye gen tan di-l&#8217;, gen yon moun senp k&#8217;ap chache lavi-l&#8217;. Lot de yo se 2 vole ke yo ye. Le yo fe yo ti ralanti, neg senp ale.\u00a0<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Men lot de yo jis senen yo. Yo rale zam sou met moto-a pou-l&#8217; bay kle-a, misye ki te chita deye chofe-a deklare an gran jan ke kle-a p&#8217;ap bay, e misye peze men chofe-a jis nan degre-l&#8217; pran kle-a nan men-l&#8217; pou-l&#8217; ensiste kle-a p&#8217;ap bay telman misye kwe nan reset mistik ke-l&#8217; gen tan fe ki rann li bloke gachet zam sa yo. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Menm vole yo etone le yo we sa. Yo komanse mande kisa misye ye. Misye pran moto-a, chofe-a oblije ak tout laperez monte deye-l&#8217;, epi misye vire do-l&#8217; li ale. Li mete neg yo kanpe pou 2 ed tan sou pye yo san yo pa ka ale atrave yon Pawol ke-l&#8217; site.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Bondye ki gen tout pouvwa k&#8217;ap renye nan sy\u00e8l la, Bondye ki se sous tout otorite, pwisans, ak dominyon:<\/span><\/p><\/blockquote>\n<ul>\n<li style=\"list-style-type: none;\">\n<ul>\n<li dir=\"ltr\"><span style=\"color: #0000ff;\">Si gen gwo priy\u00e8 oubyen enkantasyon mistik ke moun k&#8217;ap s\u00e8vi dyab f\u00e8 pou yo kreye yon kouv\u00e8ti oubyen yon mas en\u00e8jetik pou pwoteje yo kont tout atak fizik tankou bal, asid, manch\u00e8t, kouto, aksidan, ansanm ak atak spirity\u00e8l,<\/span><\/li>\n<\/ul>\n<\/li>\n<\/ul>\n<ul>\n<li style=\"list-style-type: none;\">\n<ul>\n<li dir=\"ltr\"><span style=\"color: #0000ff;\">Si gen gwo kokennchenn paw\u00f2l vibratwa ke moun ki nan mistik pwononse pou proteje t\u00e8t yo kont zak kidnaping, pwazon, lanmen monte, ak machin yo,\u00a0<\/span><\/li>\n<\/ul>\n<\/li>\n<\/ul>\n<ul>\n<li dir=\"ltr\"><span style=\"color: #0000ff;\">Anplis, si gen gwo priye pwoteksyon pou yo fe ki retade yon deblozay ki te gen pou fet jiskaske moun ki fe priye-a fin pase kote sa.<\/span><\/li>\n<\/ul>\n<\/div>\n<hr \/>\n<p dir=\"ltr\"><span style=\"color: #0000ff;\">Si Satan ke pwisans li limite k&#8217;ap fonksyone anba otorite-W&#8217; ka p\u00e8m\u00e8t yon seri moun f\u00e8 sa yo, sa se evidans ke Ou ka f\u00e8 plis ke sa-a toujou nan non Jezi\u00a0pa pwisans Lespri Sen-W&#8217; ki san limit.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">M&#8217; konnen ke pwoteksyon dyab la bay pa gen yon garanti ki a 100 pousan. Dyab la ka pwoteje nan degre Ou pemet li pwoteje paske misye ak tout aktivite l&#8217;ap mennen anba kontwol Ou. Eskiz dyab la toujou bay le yon bagay rive ke-l&#8217; te sipoze anpeche-l&#8217; fet: si-m&#8217; te la, chwal mwen pa t&#8217;ap mouri.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Men sa ki atire atansyon-m&#8217;, se fem konfidans, asirans, ak depandans ke moun k&#8217;ap sevi-l&#8217; yo genyen nan efikasite pwoteksyon ke yo jwenn nan men Satan atrave gwo pawol enkantasyon ke y&#8217;ap pwononse<\/span>\u00a0<span style=\"color: #0000ff;\">telman yo kwe nan efikasite pratik sa yo malgre gen yon gwo limitasyon nan pwisans ki nan priye sa yo. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Yo kwe nan priye sa yo akoz yo jwenn bon rezilta. Chache pwoteksyon se youn nan koz ki kreye yon kokenchenn swafte nan yo anve degre.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Menm le Ou pa fonksyone menm jan ak Satan, men si dyab la atrave kapasite-l&#8217; ki limite ka fe tout sa yo, Ou ka fe plis ke sa toujou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Paske tout kapasite kit li fizik, metafizik, spirity\u00e8l, tout mwayen ke l\u00f2m oubyen mov\u00e8z espri yo ap itilize pou yo f\u00e8 anpil mal sou t\u00e8 sa-a ni sou plan astral ak fizik se Ou menm ki te ba yo l&#8217; pou yo te kapab glorifye non-W&#8217; ki sen. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Ou te ba yo-l&#8217; pou yo te itilize-l&#8217; byen, men yo chwazi pou yo itilize yo mal nan figi-W&#8217; tankou Ou pa-t&#8217; janm egziste pou yo menm.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Tout zam ki egziste kit li fizik oubyen spirity\u00e8l, matery\u00e8l oubyen eleman ki f\u00e8 zam sa yo, lwa oubyen kons\u00e8p ki itilize pou f\u00e8 zam sa yo, se\u00a0Ou menm ki te kreye yo.\u00a0<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Ni Satan ni l\u00f2m, yo poko janm kreye anyen nouvo. Day\u00e8, yo pa gen anyen nouvo ke yo ka kreye tou paske se kopyad\u00f2 ke yo ye. Se lwa fizik, metafizik, natir\u00e8l, oubyen spirity\u00e8l ke Ou kreye ke yo dekouvri.\u00a0<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Atrav\u00e8 nati p\u00e8v\u00e8syon ak mechanste ki nan yo menm, yo s\u00e8lman chwazi pou yo itilize bagay ke Ou te kreye nan yon fason ki ale kont rezon inisyal ke Ou te kreye yo.\u00a0<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Se yon mank resp\u00e8 ke-l&#8217; ye, se mank dega ke-l&#8217; ye tou l\u00e8 Ou ap gade nan ki eta oubyen nan ki mezi malefik ke mov\u00e8z espri sa yo k&#8217;ap enfliyanse l\u00f2m ap itilize lwa ak prensip ke-W&#8217; te inisye nan iniv\u00e8-a. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Se rezon sa-k&#8217; f\u00e8 ke Ou rayi tout vye zak ke y&#8217;ap kom\u00e8t. Gen yon jou k&#8217;ap vini, Ou gen pou ramne yo tout nan yon jijman t\u00e8rib kote k\u00f2l\u00e8-W&#8217; gen pou vide sou yo san mezi pou tout sa ke yo te f\u00e8. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Tout spas oubyen dom\u00e8n ke y&#8217;ap fonksyone kit li fizik oubyen spirity\u00e8l, vizib oubyen envizib, natir\u00e8l oubyen sinatir\u00e8l, kit li se nan dezy\u00e8m sy\u00e8l, sou t\u00e8 sa-a, anba t\u00e8, ak anba lanm\u00e8, yo tout n\u00e8t te kreye pa Ou menm pou pw\u00f2p glwa-W&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Anplis, se Ou menm ki soutni tout dom\u00e8n sa yo ak gwo pwisans Ou.\u00a0<\/span><span style=\"color: #0000ff;\">Ebyen, sa ban mwen yon f\u00e8m asirans non s\u00e8lman ke Ou gen kontw\u00f2l sou tout bagay, men Ou gen tout\u00a0kapasite ak gwo pouvwa anba men-W&#8217; pou Ou demoli ak ekraze konpl\u00e8tman plan mechan ak tout vye zam ke y&#8217;ap itilize pou yo f\u00e8 mal. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Non s\u00e8lman sa, tout sa ki egziste depann de pwisans kreyatif Ou ki an mosyon, ki aktif, oubyen k&#8217;ap vibre nan tout sa ke-W&#8217; te kreye. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Men gen yon lot dimansyon pwisans ke Ou te mete pou demere nan kreyati-a pou p\u00e8m\u00e8t li akonpli volonte-W&#8217;. Ebyen, Satan ak tout akolit li yo p\u00e8di aks\u00e8 ak pwisans sa-a. Yo vin tonbe jouk anba nan labim. Eta deplorab kote yo tonbe-a vin rann ke y&#8217;ap vibre a yon frekans ki tr\u00e8 ba.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Yo vin rete s\u00e8lman ak kapasite de baz ke-W&#8217; te mete nan yo ak pwisans kreyatif Ou-a l\u00e8-W&#8217; t&#8217;ap kreye yo pou ki te pemet yo fonksyone kom zanj. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Ebyen, se menm kapasite sa yo ki vin souye oubyen kowonpi pa eta yo vin tonbe ke y&#8217;ap itilize devan d\u00e8y\u00e8\u00a0oubyen alanv\u00e8\u00a0pou yo reziste volonte-W&#8217;. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Men tout kapasite sa yo sanse limite. Ou bay l\u00f2m lan gran privil\u00e8j pou-l&#8217; kapab gen aks\u00e8 ak gwo kokennchenn pwisans ki pi wo pase tout pwisans dyab la genyen. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #0000ff;\">Kidonk, dyab la ak tout akolit li yo se anba pye Kretyen-an yo ye.<\/span><\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<p><span style=\"color: #000000;\">May blessings, praise, wealth, glory, wisdom, greatness, dominion, thanks, honor, power, reverence, exaltation, might, majesty, sovereignty and strength be to our Father God who sits on the throne forever and ever and to Christ Jesus who sits on His right hand at the place of honor whom the glorious Father withholds nothing, through whom the Father created everything, and whom everything was created for.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">To God the Father be glory and absolute dominion forever and ever and to the Lamb. Amen<\/span><\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Bondye Papa nou ki anwo nan sy\u00e8l la ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, ak dominyon sou tout bagay ki pa janm d\u00f2mi.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":true,"template":"","format":"standard","meta":{"nf_dc_page":"","footnotes":""},"categories":[1],"tags":[],"class_list":["post-969","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/969","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=969"}],"version-history":[{"count":13,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/969\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":982,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/969\/revisions\/982"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=969"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=969"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=969"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}