{"id":583,"date":"2019-09-02T22:45:03","date_gmt":"2019-09-02T22:45:03","guid":{"rendered":"http:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/?p=583"},"modified":"2019-09-26T23:01:41","modified_gmt":"2019-09-26T23:01:41","slug":"lapriye-selon-grande-bondye","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/lapriye-selon-grande-bondye\/","title":{"rendered":"Lapriy\u00e8 Selon Grand\u00e8 Bondye"},"content":{"rendered":"<p><span style=\"color: #000000;\">Seny\u00e8 Bondye, m&#8217; p&#8217;ap priye-W&#8217; selon yon konesans sipefisy\u00e8l oubyen plat de Ou menm. Oubyen selon konesans kouran ke anpil moun gen de Ou menm ke yo souvan pran-W&#8217; konsa, konsa jis nan degre yo pa vr\u00e8man pran an konsiderasyon sa ke-W&#8217; ye an esans. <\/span><!--more--><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Yo kite pwobl\u00e8m, difikilte lavi, oubyen reyalite negatif ki antoure vi yo s\u00e8vi yo k\u00f2m yon obstak kons\u00e8nan konprann ak anbrase grand\u00e8-W&#8217; ki enfini.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Grand\u00e8-W&#8217; se yon bagay yo tande-l&#8217; tou tan, yo li-l&#8217; nan Paw\u00f2l Ou, yo ka w\u00e8-l&#8217; eksprime atrav\u00e8&nbsp;sa ke-W&#8217; f\u00e8&nbsp;atrav\u00e8&nbsp;mond matery\u00e8l sa ke-W&#8217; kreye, men yo poko janm ka vr\u00e8man sezi-l&#8217; nan yon&nbsp;nivo p\u00e8son\u00e8l jan ke-W&#8217; vle pou yo f\u00e8 sa.&nbsp;<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Anplis, anpil moun sanse adopte yon konesans ki tr\u00e8&nbsp;pasif de Ou menm. Gen yon depandans ke-W&#8217; bezwen nan yo menm ke yo poko vr\u00e8man egz\u00e8se-l&#8217; nan Ou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Yo vin t\u00e8lman abitye ak lapriy\u00e8&nbsp;jis nan degre-l&#8217; p\u00e8di enfliyans li sou lavi yo. Li vin devni yon bagay yo f\u00e8 pa routin kote fokis la baze plis sou yon s\u00e8ten obligasyon ke anpil santi ke yo dwe priye pandan ke fokis yo te sipoze plis baze sou pwisans ki gen nan lapriy\u00e8.&nbsp;<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Se youn nan bagay ki lak\u00f2z anpil neglijans nan lavi Kwayan nan dom\u00e8n sa.&nbsp;Lapriy\u00e8 vin devni yon aktivite ki par\u00e8t annwiyan ak\u00f2z se pr\u00e8ske menm bagay la ke y&#8217;ap mande pandan ke rezilta ke yo jwenn yo pa vr\u00e8man an amoni ak rek\u00e8t ke y&#8217;ap f\u00e8. Le y&#8217;ap priye se tankou se yon Bondye ki tr\u00e8 lwen ke y&#8217;ap priye pandan ke prezans Ou te gen tan la avan menm yo adrese priy\u00e8 yo anv\u00e8-W&#8217;.<\/span><\/p>\n<blockquote><p><span style=\"color: #000000;\">God isn&#8217;t far away from us as we may feel since He is in the midst of His children.<\/span><\/p><\/blockquote>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Pafwa, gen yon vye kwayans k&#8217;ap sikile anba chal nan panse yon seri Kwayan ki menm rive f\u00e8 yo konprann priy\u00e8&nbsp;se yon tan p\u00e8di paske yo kite reyalite ke yo ka p\u00e8sevwa atrav\u00e8 5 sans yo det\u00e8mine konsepsyon oubyen kwayans yo kons\u00e8nan enp\u00f2tans ak pwisans lapriy\u00e8.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Pandan ke esans lapriy\u00e8 baze sou reyalite ke l\u00f2m lan paka ni w\u00e8 oubyen p\u00e8sevwa-l&#8217; atrav\u00e8 5 sans li ki konekte-l&#8217; a mond fizik sa. Lapriy\u00e8 baze sou yon reyalite ki pa f\u00e8 okenn sans ditou a l\u00f2m lan. Kidonk, l\u00e8-w&#8217; santi bagay yo plis pa f\u00e8 sans pou ou, se l\u00e8 sa menm pou lapriy\u00e8.&nbsp;Fondasyon lapriy\u00e8 baze sou konekte lavi-w&#8217; ak Bondye yon fason pou pwisans Li ka demere nan lavi-w&#8217;. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ebyen, m&#8217; vle adrese-W&#8217; nan yon fason ki pran an konsiderasyon vr\u00e8 esans Ou k\u00f2m Kreyat\u00e8 sipr\u00e8m iniv\u00e8-a, sous oubyen orijin tout sa ki egziste, ansanm ak Sila ki kenbe tout eleman ki konstitiye tout iniv\u00e8 sa-a ansanm. Lat\u00e8-a pa menm reprezante yon ti &#8220;pwen&#8221; konpare ak vas iniv\u00e8 sa-a ke-W&#8217; te kreye ak Paw\u00f2l Ou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Sila ke anyen pa ka f\u00e8t san p\u00e8misyon-L&#8217;.&nbsp;Sila ke menm gwo pwisans sa-a ki te manifeste pandan Ou t&#8217;ap kreye tout bagay, se menm pwisans sa-a ki toujou aktif nan kenbe tout bagay nan plas yo. Sila k&#8217;ap domine sou tout bagay ak yon otorite ak pwisans ki san limit.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Anpil moun pale de yon en\u00e8ji oubyen f\u00f2s, men se pwisans kreyatif Ou k&#8217;ap aji, vibre, anime, oubyen ki abite tout sa ki egziste. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Tout sa ke-W&#8217; kreye konekte ak gwo pwisans sa-a. Tout bagay ap evolye nan iniv\u00e8-a atrav\u00e8 pwisans sa-a. Strikti fondamantal oubyen fondasyon egzistans tout bagay depann sou pwisans sa-a.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ebyen, m&#8217; vle monte nan yon l\u00f2t dimansyon nan fason ke-m&#8217; konprann grand\u00e8-W&#8217; ki san limit. Kidonk, m&#8217;ap priye-W&#8217; nan yon l\u00f2t p\u00e8spektif ki an amoni ak tout sa ke m&#8217; aprann de Ou menm atrav\u00e8 paw\u00f2l Ou.&nbsp;<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Fason ke-m&#8217; panse ka enfliyanse jan ke-m&#8217; konprann Ou e ki ka menm enpoze yon limitasyon sou sa ke-m&#8217; ka atann de Ou menm. An retou, k&#8217;ap afekte nan ki dimansyon Ou ka aji nan lavi-m&#8217;.<\/span><\/p>\n<h2 style=\"text-align: center;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>I AM WHO I AM. I AM ALL THAT I AM BECAUSE OF NOTHING EXTERNAL SINCE I AM EVERYTHING.<\/strong><\/span><\/h2>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Sa-W&#8217; ye pa depann sou anyen paske egzistans Ou depase tout bagay ki te ka janm egziste. Egzistans Ou te gen tan etabli eten\u00e8lman depi avan tout bagay te jwenn egzistans yo. Kidonk, egzistans Ou rann tout sa ki te ka egziste ineses\u00e8. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ou pa bezwen anyen pou-W&#8217; ye sa ke-W&#8217; deja ye an plen oubyen sa ke-W&#8217; deja ye endepandan de tout bagay ki egziste. Egzistans Ou pa depann de anyen. Ou pa bezwen anyen pou depann sou li yon fason pou Ou ka sip\u00f2te t\u00e8t Ou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Egzistans Ou pa baze sou okenn l\u00f2t eleman an dey\u00f2 oubyen endepandan de Ou menm ki vin konstitiye sa ke-W&#8217; ye paske Ou gen tout kapasite ki f\u00e8 sa ke-W&#8217; ye-a nan Ou. Egzistans Ou pa gen k\u00f2z, li pa gen orijin.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Se Ou menm ki orijin ak k\u00f2z tout sa ki egziste. Tout sa ki egziste depann de Ou menm. Egzistans yo tout ap evolye selon jan-W&#8217; te planifye-l&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Si tout sa ki egziste pa ta egziste ank\u00f2, sa p&#8217;ap chanje anyen nan sa ke-W&#8217; ye paske egzistans Ou pa depann de yo.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ou tout sa-W&#8217; ye-a, pa gen yon &#8216;paske&#8217; ladan-l&#8217; ki gen pou w\u00e8 ak yon k\u00f2z ki pa dey\u00f2 de Ou menm ke-W&#8217; konekte sou Li yon fason pou-W&#8217; tire de li memm yon eleman ki esansy\u00e8l pou-W&#8217; soutni t\u00e8t Ou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Avan tout bagay te, Ou sa-W&#8217; ye-a. Ou tout sa ke-W&#8217; ye-a san anyen.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Depi nan let\u00e8nite avan menm Ou te kreye tout bagay, Ou se Bondye sipr\u00e8m ki gen tout pouvwa. Ou se Bondye grand\u00e8-W&#8217; san mezi.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ou omnisyan, omnipotan, ak omniprezan. Kidonk, 3 gran atribi sa yo vin s\u00e8vi k\u00f2m 3 pilye atrav\u00e8 yo menm Ou kreye tout bagay. 3 gran atribi sa yo te gen tan kouvri tout dimansyon tan, spas, ak maty\u00e8 ki konpoze mond matery\u00e8l la avan menm Ou te kreye-l&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Glwa-W&#8217; ki se esans sa ke-W&#8217; ye pa nati te toujou ap manifeste. Ou chwazi selon pw\u00f2p souvrente-W&#8217; pou kreye tout sa ki egziste yon fason pou-W&#8217; eksprime glwa sa ki te toujou demere nan Ou depi nan let\u00e8nite. Kreyasyon-an se yon ekspresyon grand\u00e8-W&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\"><strong>Tr\u00e8 enp\u00f2tan<\/strong>: Ebyen, m&#8217; ouvri p\u00f2t panse-m&#8217; ak p\u00f2t kwayans mwen byen laj nan yon degre ki ba-W&#8217; chans pou Ou kapab ye nan lavi-m&#8217; tout sa-W&#8217; ye an esans ki baze sou grand\u00e8-W&#8217; ki enfini yon fason pou Ou ka f\u00e8 tout sa Ou vle f\u00e8 pou avanse way\u00f2m Ou sou t\u00e8 sa-a kont way\u00f2m dyab la k&#8217;ap vale t\u00e8ren.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Menm jan ke glwa-W&#8217; ki baze sou montre k\u00f2man-W&#8217; gran se motivasyon-W&#8217;, det\u00e8minasyon-W&#8217;, ak objektif Ou nan tout sa Ou ap f\u00e8, se konsa tou motivasyon-m&#8217;, det\u00e8minasyon-m&#8217;, ak objektif final mwen se egzalte, glorifye, ak manifye grand\u00e8-W&#8217; atrav\u00e8 f\u00e8 yon gwo Bondye tankou-W&#8217; par\u00e8t gran nan lavi-m&#8217; atrav\u00e8 tout sa m&#8217;ap f\u00e8 pou glwa-W&#8217; ka manifeste nan lavi-m&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">M&#8217;ap atann pou-W&#8217; egz\u00e8se gwo pwisans Ou nan lavi-m&#8217; ak atrav\u00e8 minist\u00e8-m&#8217;.&nbsp;M&#8217; konekte-m&#8217; ak reyalite ke-W&#8217; se Bondye k&#8217;ap renye sou tout bagay ki egziste toutan ak yon otorite absoli. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Otorite sa-a anglobe tout iniv\u00e8-a nan yon degre kote anyen paka echape kontw\u00f2l Ou. Kote-W&#8217; syeje nan sy\u00e8l la se sant tout otorite ak pwisans. Ebyen, tout sa ke-W&#8217; kreye se yon ekstansyon oubyen manifestasyon de pwisans Ou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Atrav\u00e8 gras Ou pou limanite, Ou agreye kwayan yo b\u00e8l op\u00f2tinite pou yo syeje a dwat Ou sou tw\u00f2n Ou an Kris.<\/span><\/p>\n<blockquote><p><span style=\"color: #000000;\">Jezi Kris ki se Ajan atrav\u00e8-L&#8217; Ou akonpli tout volonte-W&#8217;. Ou ba-L&#8217; pw\u00f2p non-W&#8217;, non sa ki kreye iniv\u00e8-a, Ou delege tout otorite ni nan sy\u00e8l la ak sou t\u00e8 sa-a nan men-L&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">An Kris, Ou mete yon otorite ak pwisans disponib a nou menm ki depase tout l\u00f2t pwisans ki egziste ke dyab la pa gen aks\u00e8 a li menm. Ou mete dyab la anba pye nou.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Pwisans sa-a se yon danje oubyen pwazon ke-l&#8217; ye pou kan dyab la. Anplis, pase tan av\u00e8-W&#8217; nan lapriy\u00e8 p\u00e8m\u00e8t Ou manifeste prezans ak pwisans Ou nan lavi-n&#8217; ki vin mete yon l\u00f2t dimansyon anksyon nan lavi-n&#8217;.&nbsp;<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Prezans manifeste sa se yon l\u00f2t dimansyon prezans ki pa manje anyen fr\u00e8t. Se yon prezans ki p&#8217;ap tolere enfliyans oubyen prezans dyab kote l&#8217;ap manifeste.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Se yon prezans ki toujou pr\u00e8 pou-l&#8217; atake ak detwi tout vye f\u00f2s demonyak ki prezan. Se yon prezans tou ki kase tout vye ch\u00e8n peche ki kenbe l\u00f2m an kaptivite.&nbsp;<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Menm jan yon moun p&#8217;ap pran chans rantre nan yon kay ki anvayi pa dife, se menm jan tou yon mov\u00e8z espri p&#8217;ap pran chans opere nan yon andwa kote prezans Ou ki manifeste k\u00f2m yon dife ap opere.<\/span><\/p><\/blockquote>\n<h2><span style=\"color: #000000;\"><strong>Pwisans Bondye<\/strong><\/span><\/h2>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Pwisans Bondye ki enfini, ki san limit, e ki san mezi se yon eleman ki gen plizy\u00e8 dimansyon. Sa-k&#8217; pral p\u00e8m\u00e8t ou kapab navige diferant dimansyon ki gen nan pwisans Bondye se konesans ou genyen kons\u00e8nan Paw\u00f2l Li kons\u00e8nan grand\u00e8-L&#8217; ki se yon ekspresyon glwa-L&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Se konesans ke-w&#8217; genyen ki pral p\u00e8m\u00e8t ou penetre pwofond\u00e8 Bondye.&nbsp;Fason ou konprann pwisans Bondye, p\u00e8spektif ou, mantalite-w&#8217;, oubyen kwayans ou kons\u00e8nan grand\u00e8-L&#8217; gen yon gran w\u00f2l y&#8217;ap jwe nan fason ke ou ka egz\u00e8se lafwa-w&#8217; nan Li. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Dimansyon lafwa ke-w&#8217; ka egz\u00e8se nan Bondye baze sou konesans ke-w&#8217; genyen nan Paw\u00f2l la kons\u00e8nan grand\u00e8-L&#8217; ki san limit.&nbsp;<\/span><\/p>\n<blockquote><p><span style=\"color: #000000;\">Sa-w&#8217; konnen se li ki pral det\u00e8mine ak ki degre ke-w&#8217; ka f\u00e8 Bondye konfyans.&nbsp;Sa-w&#8217; konnen de pwisans Bondye pral det\u00e8mine fason-w&#8217; konsevwa Bondye.&nbsp;Sa-w&#8217; konnen se mwayen atrav\u00e8-l&#8217; ke-w&#8217; ka f\u00e8 Bondye konfyans.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Tout sa-w&#8217; pa konnen, ou p&#8217;ap janm kw\u00e8-l&#8217;. Li p&#8217;ap janm devni yon reyalite nan lavi-w&#8217;.<\/span><\/p><\/blockquote>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Sa pral det\u00e8mine p\u00e8spektif oubyen tandans ou anv\u00e8-L&#8217;. Konesans ke-w&#8217; genyen vin reprezante yon chan\u00e8l a trav\u00e8 li menm Bondye ap relache pwisans Li nan lavi-w&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Si chan\u00e8l konesans ou, pespektif ou de Bondye gwos\u00e8 yon tiyo, pwisans Bondye ap manifeste nan lavi-w&#8217;, atrav\u00e8 minist\u00e8-w&#8217; selon gwos\u00e8 tiyo sa-a. Pwisans Li ap manifeste nan lavi-w&#8217; nan degre ou konnen oubyen konprann Bondye.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ebyen, si ou pa limite grand\u00e8 Bondye atrav\u00e8 pw\u00f2p p\u00e8spektif&nbsp;ou ak sa ke ou ap atann de Li menm nan sans ke-w&#8217; dak\u00f2 pou bay Bondye chans pou-L&#8217; kapab ye nan lavi-w&#8217; tout sa ke-L&#8217; ye k\u00f2m Bondye sipr\u00e8m ki gen tout pouvwa, Bondye ki <strong>SE SA-L&#8217; YE<\/strong>-a, ou kreye yon atmosf\u00e8 pou Bondye manifeste grand\u00e8-L&#8217; nan lavi-w&#8217; nan yon l\u00f2t dimansyon.<\/span><\/p>\n<blockquote><p><span style=\"color: #000000;\">Ou pa sipoze pran yon Bondye ki toupwisan, k&#8217;ap renye sou tout bagay, ki pa manke anyen, Bondye ki domine enposibilite epi ou kwense-L&#8217; atrav\u00e8 pw\u00f2p fason-w&#8217; panse ki se yon pwodwi reyalite mond sa ki limite. Ou ap limite Bondye atrav\u00e8 kapasite ak abilite ki limite.<\/span><\/p><\/blockquote>\n<blockquote><p><span style=\"color: #000000;\">Anplis, ou ap limite yon Bondye ki san limit atrav\u00e8 yon p\u00e8spektif ki baze oubyen ki fasone pa yon reyalite ki limite oubyen yon reyalite ke Bondye gen kontw\u00f2l sou li deja. Yon reyalite ki devni sa-l&#8217; ye-a akoz Bondye p\u00e8m\u00e8t li. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Sa vle di, menm reyalite ke-w&#8217; kite ap domine panse-w&#8217;, Bondye gen kontw\u00f2l sou li. <\/span><\/p><\/blockquote>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Konsa tou, gen yon seri dom\u00e8n nan lavi-w&#8217;, ou konprann Bondye mal.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Gen yon gran koneksyon ant dimansyon pwisans Bondye ka manifeste nan lavi-w&#8217; ak sa-w&#8217; konnen. Bondye ap travay nan lavi-w&#8217; selon sa-w&#8217; konnen de Li menm ak sa-w&#8217; vle konnen de Li menm.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Bondye pa ka ale nan yon dimansyon ke-w&#8217; pa kw\u00e8 ke-L&#8217; ka ale av\u00e8-w&#8217;, nan yon dimansyon ke-w&#8217; pa kw\u00e8 ke-l&#8217; posib. Bondye pa ka beni-w&#8217; nan yon dimansyon ke-w&#8217; pa kw\u00e8 ke-L&#8217; ka beni-w&#8217;.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Se pa jis konesans lan s\u00e8lman ki pral det\u00e8mine k\u00f2man ou w\u00e8 oubyen sezi grand\u00e8 Bondye, men pwofond\u00e8 konesans ke-w&#8217; genyen ak atitid ou anv\u00e8 konesans sa.<\/span><\/p>\n<p dir=\"ltr\" style=\"text-align: center;\"><strong><span style=\"color: #000000;\">&#8212;&#8212;&#8212;&#8212;&#8212;&#8211; Note&nbsp;&#8212;&#8212;&#8212;&#8212;&#8212;&#8211;&nbsp;<\/span><\/strong><\/p>\n<p dir=\"ltr\" style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Bondye vle travay nan lavi-w&#8217; atrav\u00e8 sa ke-w&#8217; konnen de Li menm atrav\u00e8 Paw\u00f2l Li. <\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Men dyab la li menm vle bloke-w&#8217; swa pou pa konnen yon seri bagay ki ka p\u00e8m\u00e8t ou fonksyone nan dimansyon Bondye dezire pou ou fonksyone, swa pou pa bay enp\u00f2tans ak sa-w&#8217; gen tan konnen ki ka f\u00e8 yon diferans nan lavi-w&#8217;, oubyen swa pou ou pa mete an aplikasyon sa-w&#8217; konnen.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Dyab la li menm ap eseye limite-w&#8217; atrav\u00e8 pw\u00f2p endiferans ou anv\u00e8 reyalite spirity\u00e8l, atrav\u00e8 inyorans ou ki baze sou yon mank konesans, ak neglijans ou ki baze sou ou menm ki fayi f\u00e8 sa ke Bondye vle pou-w&#8217; f\u00e8 nan l\u00e8 pou f\u00e8 sa.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\"><strong>Leson:<\/strong> Mande pou Bondye ba ou konesans ak konpreyansyon pou kapab konprann grand\u00e8-L&#8217; pi plis.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Non s\u00e8lman pou ou konprann, men pou ou kapab mennen yon vi ki depann sou grand\u00e8-L&#8217; ki san mezi.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Yon vi kote-w&#8217; anbrase grand\u00e8-L&#8217; k\u00f2m reyalite ki dwe gouv\u00e8ne lavi-w&#8217; k\u00e8lkeswa jan sa ye.<\/span><\/p>\n<p><strong>Chanje Mantalite-w&#8217; Anve Grande Bondye<\/strong><\/p>\n<p>Espri korido ka selman konsevwa reyalite ki nan degre ave-l&#8217;. Nan menm degre ak dimansyon ke Bondye se Bondye Ayisyen-an se menm jan ke-L&#8217; se Bondye Blan.<\/p>\n<p>Menm jan ke Bondye bay Blan gwo vizyon ki rann ke y&#8217;ap enpakte vi milye ak milyon moun, se menm bagay ke-L&#8217; ka fe pou Ayisyen-an tou.<\/p>\n<h3><strong>Konklizyon<\/strong><\/h3>\n<div align=\"left\">\n<ol>\n<li dir=\"ltr\">Li vin yon kesyon de sa-w&#8217; konnen.<\/li>\n<li dir=\"ltr\"><span style=\"font-size: inherit;\">Lafwa-w&#8217; nan sa-w&#8217; konnen.<\/span><\/li>\n<li dir=\"ltr\"><span style=\"font-size: inherit;\">Ak volonte-w&#8217; pou-w&#8217; aplike sa-w&#8217; konnen.<\/span><\/li>\n<\/ol>\n<\/div>\n<blockquote class=\"wp-embedded-content\" data-secret=\"ouPH1OPy6C\"><p><a href=\"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/kontwol-sou-tout-sa-kap-dewoule\/\">Kontw\u00f2l Sou Tout Sa K&#8217;ap Dewoule<\/a><\/p><\/blockquote>\n<p><iframe loading=\"lazy\" class=\"wp-embedded-content\" sandbox=\"allow-scripts\" security=\"restricted\" style=\"position: absolute; clip: rect(1px, 1px, 1px, 1px);\" title=\"&#8220;Kontw\u00f2l Sou Tout Sa K&#8217;ap Dewoule&#8221; &#8212; Ministry Strategies\" src=\"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/kontwol-sou-tout-sa-kap-dewoule\/embed\/#?secret=f7LYShTogD#?secret=ouPH1OPy6C\" data-secret=\"ouPH1OPy6C\" width=\"600\" height=\"338\" frameborder=\"0\" marginwidth=\"0\" marginheight=\"0\" scrolling=\"no\"><\/iframe><\/p>\n<blockquote class=\"wp-embedded-content\" data-secret=\"Y7R4Vzhq8B\"><p><a href=\"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/dominyon-ak-kontwol-bondye-sou-tout-bagay\/\">Dominyon Ak Kontw\u00f2l Bondye Sou Tout Bagay<\/a><\/p><\/blockquote>\n<p><iframe loading=\"lazy\" class=\"wp-embedded-content\" sandbox=\"allow-scripts\" security=\"restricted\" style=\"position: absolute; clip: rect(1px, 1px, 1px, 1px);\" title=\"&#8220;Dominyon Ak Kontw\u00f2l Bondye Sou Tout Bagay&#8221; &#8212; Ministry Strategies\" src=\"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/dominyon-ak-kontwol-bondye-sou-tout-bagay\/embed\/#?secret=qAnm7vEyL1#?secret=Y7R4Vzhq8B\" data-secret=\"Y7R4Vzhq8B\" width=\"600\" height=\"338\" frameborder=\"0\" marginwidth=\"0\" marginheight=\"0\" scrolling=\"no\"><\/iframe><\/p>\n<blockquote class=\"wp-embedded-content\" data-secret=\"IvTdfkceaJ\"><p><a href=\"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/obstak-lafwa\/\">Obstak Kont Lafwa<\/a><\/p><\/blockquote>\n<p><iframe loading=\"lazy\" class=\"wp-embedded-content\" sandbox=\"allow-scripts\" security=\"restricted\" style=\"position: absolute; clip: rect(1px, 1px, 1px, 1px);\" title=\"&#8220;Obstak Kont Lafwa&#8221; &#8212; Ministry Strategies\" src=\"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/obstak-lafwa\/embed\/#?secret=MylszrrlmC#?secret=IvTdfkceaJ\" data-secret=\"IvTdfkceaJ\" width=\"600\" height=\"338\" frameborder=\"0\" marginwidth=\"0\" marginheight=\"0\" scrolling=\"no\"><\/iframe><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Seny\u00e8 Bondye, m&#8217; p&#8217;ap priye-W&#8217; selon yon konesans sipefisy\u00e8l oubyen plat de Ou menm. Oubyen selon konesans kouran ke anpil moun gen de Ou menm ke yo souvan pran-W&#8217; konsa, konsa jis nan degre yo pa vr\u00e8man pran an konsiderasyon sa ke-W&#8217; ye an esans.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":true,"template":"","format":"standard","meta":{"nf_dc_page":"","footnotes":""},"categories":[1],"tags":[],"class_list":["post-583","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/583","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=583"}],"version-history":[{"count":4,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/583\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":704,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/583\/revisions\/704"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=583"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=583"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=583"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}