{"id":3589,"date":"2020-06-30T08:36:45","date_gmt":"2020-06-30T08:36:45","guid":{"rendered":"http:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/?p=3589"},"modified":"2020-06-30T08:36:45","modified_gmt":"2020-06-30T08:36:45","slug":"enfliyans-satan","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/enfliyans-satan\/","title":{"rendered":"Enfliyans Satan"},"content":{"rendered":"<p>Enfliyans Satan nan lavi sila yo k\u2019ap reziste levanjil an Jezi Kris manifeste atrav\u00e8 yon lanmou, koneksyon, depandans, pasyon, oubyen atachman pwofon ke yo gen ak vi dezobeyisans y\u2019ap mennen-an. Sa vin kreye yon mantalite ki anglobe tout sa y\u2019ap f\u00e8 atrav\u00e8 vi sa.<\/p>\n<p>Tout sa y\u2019ap f\u00e8 vin yon manifestasyon vye mantalite sa. Yo vin devlope yon sansibilite anv\u00e8 vi peche y\u2019ap pratike nan yon degre si yo f\u00e8 yon desizyon repanti, y\u2019ap p\u00e8di yon gran pati ki vital nan lavi yo. Gen yon bagay ke y\u2019ap regr\u00e8t jou yo ta jwenn t\u00e8t yo nan yon sitiyasyon kote yo pa ka aji sou sa yo te konn f\u00e8.<\/p>\n<p>Se sansibilite anv\u00e8 vi peche sa ki f\u00e8 yo p\u00e8sevwa levanjil kom yon menas pou lib\u00e8te yo.<\/p>\n<p>Gen yon depandans mantal ke sa vin kreye nan lavi yo ki konvenk yo ke yo bezwen vi peche sa pou yo ka fonksyone byen. Menm ko-a vin devlope yon depandans sou plezi lache kom yon bagay li bezwen pou-l\u2019 soutni tet li.<\/p>\n<p>Sa vin rann ke yo pa ka gade pi lwen ke dimansyon ten\u00e8b y\u2019ap viv la pou yo anbrase yon l\u00f2t vi atrav\u00e8 mete yon fen nan vi peche sa y\u2019ap mennen-an.<\/p>\n<p>Dyab la maske ko-l\u2019 deye sa yo renmen, deye plezi lache, deye banboch pou-l\u2019 enfliyanse yo.<\/p>\n<p>Satan pa enfliyanse l\u00f2m endepandan de yon kapasite oubyen abilite ki pa-t\u2019 deja la nan l\u00f2m lan.<\/p>\n<p>Sa vle di se atrav\u00e8 menm kapasite sa yo ke Bondye te mete nan l\u00f2m pou pw\u00f2p glwa-L\u2019 pou ki te p\u00e8m\u00e8t l\u00f2m lan opere k\u00f2m yon kreyati ki f\u00e8t nan imaj Li ke Satan pase pou-l\u2019 egz\u00e8se enfliyans sou yo.<\/p>\n<p>Tout sa ke l\u00f2m lan ye nan kondisyon orijin\u00e8l ke Bondye te kreye s\u00f2ti nan Bondye. Espri-l\u2019, nanm li, ak k\u00f2 fizik ki s\u00f2ti nan pousy\u00e8 t\u00e8 ki se yon eleman ke Bondye te gen tan kreye dejan avan-L\u2019 te f\u00e8 l\u00f2m lan. Yo tout jwenn orijin yo nan Bondye.<\/p>\n<p>Tout kapasite l\u00f2m lan genyen: ent\u00e8l\u00e8k, emosyon, volonte ki defini sa-l\u2019 ye k\u00f2m yon p\u00e8s\u00f2n s\u00f2ti nan Bondye. Anplis, kapasite pou-l\u2019 aji oubyen fonksyone s\u00f2ti nan Bondye.<\/p>\n<p>Bondye plase dezi nan l\u00f2m ki se yon abilite pou l\u00f2m lan vle oubyen renmen yon seri bagay.<\/p>\n<p>Tout sa ke l\u00f2m lan ap akonpli nan vi sa baze sou yon dezi. Chwazi f\u00e8 volonte Bondye, objektif l\u00f2m, vizyon ke l\u00f2m lan genyen kons\u00e8nan sa-l\u2019 ta vle akonpli, yo tout n\u00e8t gen k\u00f2m baz yo yon dezi.<\/p>\n<p>Ebyen se atrav\u00e8 menm dezi sa yo ki vin souye pa peche ke Satan enfiltre pou-l\u2019 f\u00e8 l\u00f2m lan f\u00e8 tenten. L\u00e8 n\u2019ap gade eta lemond jodi-a, koz santral eta lemond baze sou mov\u00e8z dezi k\u2019ap manifeste nan l\u00f2m anba enfliyans Satan.<\/p>\n<p>Imoralite, abominasyon, pil krim, rayisman, jalouzi, anvi, mov\u00e8z anbisyon, \u00f2g\u00e8y, awogans, elatriye tout se yon eskpresyon mov\u00e8z dezi k\u2019ap pote l\u00f2m lan ale.<\/p>\n<p>Kidonk, memm Satan ak tout akolit li yo tou pa gen anyen y\u2019ap f\u00e8 nan mond sa ki pa depann sou yon abilite ke Bondye te mete nan yo nan moman L\u2019 te kreye yo nan kondisyon orijin\u00e8l ke yo te ye.<\/p>\n<p>Paske egzistans yo, ent\u00e8lijans, emosyon, volonte, ak kapasite pou yo aji, eleman ki konstitiye k\u00f2 sel\u00e8s ke yo genyen s\u00f2ti nan Bondye. Se menm kapasite sa yo ke yo menm nan eta koripsyon yo ye-a y\u2019ap itilize pw\u00f2p fason pa yo.<\/p>\n<p>Egzistans Satan ak akolit li yo depann sou Bondye. Satan gen yon bagay ke-l\u2019 branche sou li ki s\u00f2ti nan Kreyat\u00e8-a ki kenbe-l\u2019 an egzistans. Si Bondye ta rale pl\u00f2g la sou misye ak tout par\u00e8y li yo, yo tout t\u2019ap desentegre.<\/p>\n<p>Sa demontre k\u00f2man Bondye ap domine sou tout bagay. Sa demontre ke Satan ak tout par\u00e8y li yo se woulib\u00e8 ke yo.<\/p>\n<p>Satan se yon piyaje, woulibe, ak eksplwate k\u2019ap pran avantaj sou sa ke Bondye fe.<\/p>\n<p>Priye<\/p>\n<p>A chak fwa m\u2019 panse ak Satan k\u2019ap fe ravaj nan lavi lom atrave eksplwate kapasite ke-W\u2019 te mete nan yo pou pwop glwa-W\u2019, sa montre enferyorite Satan konpare ak siperyorite absoli-W\u2019.<\/p>\n<p>Sa montre-m\u2019 ke Satan pa ka fe anyen ditou san-l\u2019 pa depann oubyen itilize yon bagay, yon reyalite, yon domen, yon kapasite ki pa-t\u2019 kreye pa Ou menm.<\/p>\n<p>Tout sa misye ap fe santre sou yon sel reyalite fondasyonel ki se pran avantaj sou sa ke-W\u2019 te kreye, vire-l\u2019 fason pa-l\u2019 pou-l\u2019 fe dega.<\/p>\n<p>Sa demontre-m\u2019 tou depandans total misye sou sa-W\u2019 fe konpare ak endepandans total Ou sou anyen.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Enfliyans Satan nan lavi sila yo k\u2019ap reziste levanjil an Jezi Kris manifeste atrav\u00e8 yon lanmou, koneksyon, depandans, pasyon, oubyen atachman pwofon ke yo gen ak vi dezobeyisans y\u2019ap mennen-an. Sa vin kreye yon mantalite ki anglobe tout sa y\u2019ap f\u00e8 atrav\u00e8 vi sa. Tout sa y\u2019ap f\u00e8 vin yon manifestasyon vye mantalite sa. Yo&#8230;<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"nf_dc_page":"","footnotes":""},"categories":[1],"tags":[],"class_list":["post-3589","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3589","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=3589"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3589\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":3590,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3589\/revisions\/3590"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=3589"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=3589"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=3589"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}