{"id":2255,"date":"2020-01-09T02:35:18","date_gmt":"2020-01-09T02:35:18","guid":{"rendered":"http:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/?p=2255"},"modified":"2020-01-17T02:19:34","modified_gmt":"2020-01-17T02:19:34","slug":"tre-enpotan-nan-konfronte-dout-ak-enkyetid","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/tre-enpotan-nan-konfronte-dout-ak-enkyetid\/","title":{"rendered":"Tre Enpotan Nan Konfronte Dout Ak Enkyetid"},"content":{"rendered":"<p>Ou jwenn tet ou nan yon sitiyasyon kote gen yon kokennchenn dekoneksyon ant kote-w&#8217; ye kounyeya ak kote-w&#8217; ta vle ye.<!--more--><\/p>\n<p>Gen yon gwo spas vid ant kote-w&#8217; ye nan moman ak kote-w&#8217; ta vle ye.<\/p>\n<p>Kesyon-an se koman-w&#8217; pral franchi pwoblem sa?<\/p>\n<p>Ou jis pa we ou menm ki pral kontinye ap viv nan pwoblem sa ke-w&#8217; jwenn tet ou-a ki sanse ap enfliyanse jan-w&#8217; dwe pesevwa fiti-w&#8217;.<\/p>\n<blockquote><p>Tout fiti-w&#8217;, avni-w&#8217; vin redwi a yon sel pwoblem ke-w&#8217; jis poko we koman ou ap rezoud li.<\/p>\n<p>Ou kite jan-w&#8217; pesevwa demen-w&#8217; mete-w&#8217; nan yon kondisyon kote-w&#8217; pa ka rejwi lape, lajwa, ak konfidans ki soti nan Bondye nan moman.<\/p>\n<p>Non selman sa, gen yon lot reyalite ke-w&#8217; sanse pe pou-l&#8217; pa ta janm rive ki se sitiyasyon-an pou ki ta vin pi mal ke jan-l&#8217; ye-a.<\/p><\/blockquote>\n<hr>\n<p>Ou kom pa we koman-w&#8217; pral franchi enpas sa pou-w&#8217; rive sou lot bo-a. Menm le ke se dezi-w&#8217; pou-w&#8217; ta we bagay yo chanje, men-w&#8217; pa we koman chanjman sa pral fet paske mwayen yo pa la menm.<\/p>\n<p>Pou jan pwoblem sa domine-w&#8217;, ou pa we koman-w&#8217; pral pase jou, semen, ak mwa k&#8217;ap vini yo nan menm kondisyon sa.<\/p>\n<p>Paske sitiyasyon-an ba-w&#8217; yon enpresyon ke l&#8217;ap vin pi mal. L&#8217;ap dire tout yon etenite. Ou la net. Pa gen soti.<\/p>\n<blockquote><p>Men pandan ke-w&#8217; we-l&#8217; konsa, pa deye sitiyasyon ke-w&#8217; jwenn tet ou-a, gen lot pi bon moman k&#8217;ap vini.<\/p>\n<p>Se pa lafen. Pran kouraj.<\/p><\/blockquote>\n<p>Gen yon moman k&#8217;ap vini, bagay yo p&#8217;ap menm jan. Pespektif ou pa dwe limite selon pwop reyalite ke-w&#8217; pesevwa nan sitiyasyon sa an fonksyon jan-w&#8217; santi-w&#8217; nan moman.<\/p>\n<hr>\n<h3><strong>Kisa-m&#8217; Dwe Fe<\/strong><\/h3>\n<p>M&#8217; pa dwe rete fokis sou pwoblem lan, koman-m&#8217; pa we nan ki mwayen m&#8217;ap rezoud li, koman ke jou ap apwoche sou mwen pandan ke-m&#8217; pa gen mwayen pou-m&#8217; konfronte tet chaje ki devan-m&#8217; lan, koman ke tout efo ke-m&#8217; fe pa ka menm bouje pwoblem lan, ak koman sa pral afekte fiti-m&#8217;.<\/p>\n<p>Se panse konsa ki pral tounen yon sous eneji k&#8217;ap nouri dout, panik, laperez, ak enkyetid ki pral fasone pwop pespektif ak kwayans mwen.<\/p>\n<p>Ou ap gade sitiyasyon ki devan-w&#8217; lan selon pwop pespektif imen-w&#8217; ki gen pou-l&#8217; we ak enkapasite-w&#8217; pou-w&#8217; rezoud li.<\/p>\n<hr>\n<p>Se pou-w&#8217; rive nan yon pwen pou kite pwoblem lan an repo-l&#8217; atrave sispann enkyete de li atrave fe Bondye konfyans pito.<\/p>\n<p>Sispann ap kite limitasyon ke pwoblem sa enpoze sou lavi-w&#8217; ap domine-w&#8217;.<\/p>\n<p>Ou pa kite sikonstans pwoblem ou ye kounyeya defini kisa Bondye dwe ye pou ou. Paske Bondye fe tout sa-L&#8217; te fe nan lavi-w&#8217; yon fason pou yo te sevi kom yon fondasyon lafwa ke-w&#8217; pral egzese nan li nan lot sitiyasyon ki pral vini.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ou jwenn tet ou nan yon sitiyasyon kote gen yon kokennchenn dekoneksyon ant kote-w&#8217; ye kounyeya ak kote-w&#8217; ta vle ye.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"nf_dc_page":"","footnotes":""},"categories":[1],"tags":[],"class_list":["post-2255","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2255","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=2255"}],"version-history":[{"count":27,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2255\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":2477,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2255\/revisions\/2477"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2255"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=2255"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=2255"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}