{"id":2252,"date":"2020-01-08T22:14:07","date_gmt":"2020-01-08T22:14:07","guid":{"rendered":"http:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/?p=2252"},"modified":"2020-01-08T22:14:56","modified_gmt":"2020-01-08T22:14:56","slug":"kontwol-sou-tout-sa-kap-dewoule","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/kontwol-sou-tout-sa-kap-dewoule\/","title":{"rendered":"Kontw\u00f2l Sou Tout Sa K\u2019ap Dewoule"},"content":{"rendered":"<p>Bondye, ou gen yon kontw\u00f2l sipr\u00e8m sou tan (pase, prezan, ak fiti), sou spas (long\u00e8, laj\u00e8, ak wot\u00e8 oubyen pwofond\u00e8), maty\u00e8 (likid, solid, gaz), ak en\u00e8ji ki nan tout sa ki egziste (tout f\u00f2s kosmik ki egziste nan iniv\u00e8-a).<!--more--><\/p>\n<p>Kote Ou syeje sou tw\u00f2n lan se orijin tout bagay ki egziste. Tout bagay ap evolye selon fason ak l\u00f2d Ou te kreye pou yo te evolye. Pwisans kreyatif Ou an mosyon a trav\u00e8 tout.<\/p>\n<p>Tout sa ki egziste te kreye pa Ou menm pou yon bi byen det\u00e8mine. Se Ou menm ki nwayo yo tout atrav\u00e8 Kris pa pwisans Sent Espri-W\u2019. Se Ou menm ki kenbe oubyen soutni tout eleman sa yo ki konstitiye iniv\u00e8-a an jeneral.<\/p>\n<p>Kidonk, Ou kreye spas ki sanse par\u00e8t vid men ki pa vid an reyalite tankou yon dra a 4 dimansyon. Tout obj\u00e8 oubyen kreyati k\u2019ap deplase, yo oblije franchi dra sa-a. Yo oblije franchi spas sa-a ke-W\u2019 te kreye yon fason pou p\u00e8m\u00e8t aktivite ak mouvman kapab f\u00e8t. Si dra sa-a te rijid, moun pa t\u2019ap ka fonksyone nan mond sa-a.<\/p>\n<p>Ebyen, Ou kontwole spas oubyen dom\u00e8n kote l\u00f2m ap fonksyone k\u00f2m Kreyat\u00e8 sipr\u00e8m. Avan menm ke te gen anyen ki te egziste, dom\u00e8n sa-a te sanse vid.<\/p>\n<p>Se Ou menm ki aranje oubyen striktire tout bagay ki p\u00e8m\u00e8t gen yon kosm\u00f2s ki byen \u00f2done. Se Ou menm ki p\u00e8m\u00e8t li posib pou gen aktivite nan dom\u00e8n sa-a. Ou te kreye-l\u2019 konsa menm paske Ou se yon Bondye dinamik pa yon Bondye statik.<\/p>\n<p>Tout eleman ki konstitiye dom\u00e8n sa-a se Ou menm ki non s\u00e8lman kreye yo, men se Ou menm ki soutni yo ap gwo pwisans Ou. Ou gen kontw\u00f2l sou tout obj\u00e8 ak kreyati k\u2019ap deplase nan dom\u00e8n sa a tout moman. Ou gen yon otorite sou tout f\u00f2m vi ki egziste.<\/p>\n<p>Menm ata l\u00e8-a ki par\u00e8t vid, ou gen kontw\u00f2l sou tout eleman ki konstitiye-l\u2019 tankou oksij\u00e8n ak nitwoj\u00e8n, kab\u00f2n, met\u00e0n, ak agon. Tout sa yo tonbe nan categori gaz ki ranpli espas kote l\u00f2m ap viv la. Se gaz sa yo ke l\u00f2m ak zannimo yo respire chak jou. Menm spas ki sanse par\u00e8t vid, pwisans kreyatif Ou an mosyon kontiny\u00e8lman nan mete l\u00f2d nan kosm\u00f2s la.<\/p>\n<p>Ou se yon Bondye responsabilite ki vle di kontw\u00f2l ak dominyon Ou sou tout bagay pa elimine responsabilite ke l\u00f2m lan genyen pou-l\u2019 egz\u00e8se pridans, prekosyon nan tout sa l\u2019ap f\u00e8 sou t\u00e8 sa-a.<\/p>\n<p>Al\u00f2, se sa ki vin kreye tout kalite pwobl\u00e8m nan mond sa-a. Paske neglijans, inyorans, ak mechanste l\u00f2m lan ka lak\u00f2z anpil domaj sou t\u00e8 sa-a.<\/p>\n<p>Moun ka menm p\u00e8di vi yo. Si moun k\u2019ap kondi-a ap f\u00e8 neglijans, li pa gen kalifikasyon pou-l\u2019 kondi, oubyen li anba enfliyans dw\u00f2g oubyen alk\u00f2l, li ka koze anpil danje, menm touye moun.<\/p>\n<p>Si gen neglijans ki f\u00e8t o nivo reparasyon yon machin, sa ka lak\u00f2z machin sa-a p\u00e8di kontw\u00f2l. Se menm bagay la tou pou avyon, tren, ak tout obje transp\u00f2tasyon.<\/p>\n<p>Se menm reyalite-a tou nan dom\u00e8n konstriksyon ak tout l\u00f2t dom\u00e8n ki egziste. Si l\u00f2m lan pa f\u00e8 sa pou-l\u2019 f\u00e8, oubyen li pa egz\u00e8se byen responsabilite l\u2019, li kapab mete lavi-l\u2019 ak lavi l\u00f2t moun an risk.<\/p>\n<p>Ou kreye mond sa-a yon fason kote bon desizyon l\u00f2m ap f\u00e8 kapab egz\u00e8se yon enpak. Ebyen, se menm jan tou move desizyon ke y\u2019ap f\u00e8 kapab egz\u00e8se yon enpak negatif.<\/p>\n<p>Anplis, eta p\u00e8disyon ke l\u00f2m lan vin ap viv ki brize kontw\u00f2l p\u00e8son\u00e8l ke-W\u2019 te dwe gen sou lavi-l\u2019 atrav\u00e8 yon relasyon entim pou mete l\u00f2d ak sekirite nan lavi-l\u2019 vin bay Satan yon gwo tou vid pou-l\u2019 enfiltre oubyen ent\u00e8fere nan sa ke l\u00f2m lan ap f\u00e8 pou-l\u2019 koze mechanste.<\/p>\n<p>Ou kreye k\u00f2 fizik l\u00f2m lan ak t\u00e8 sa-a ki f\u00e8 pati iniv\u00e8-a. Iniv\u00e8-a vin devni yon pi gwo reprezantasyon k\u00f2 fizik l\u00f2m lan. Ou te bay l\u00f2m lan dominyon sou tout bagay ke-W\u2019 te kreye, menm dyab la te anba dominyon sa-a.<\/p>\n<p>Ebyen, l\u00f2m rebele kont Ou atrav\u00e8 soumisyon-l\u2019 a vwa Satan, li f\u00f2f\u00e8t dominyon sa-a. Satan v\u00f2l\u00e8-l\u2019 paske se pa-t\u2019 pou li ke dominyon-an te ye.<\/p>\n<p>Dominyon sa ki gen anndan-l\u2019 otorite ak pwisans, Bondye te bay li pou l\u00f2m te ka kenbe oubyen prez\u00e8ve l\u00f2d ak amoni ke L\u2019 te plase nan mond sa-a atrav\u00e8 kreyasyon-an atrav\u00e8 obeyisans l\u00f2m a Bondye.<\/p>\n<p>Ebyen, dezobeyisans l\u00f2m vin met dyab la nan yon pozisyon non s\u00e8lman misye vin gen dominasyon sou lemond, men li vin gen mwayen pou-l\u2019 enfliyanse oubyen pwovoke tout kalite mechanste ak katastw\u00f2f nan mond sa-a.<\/p>\n<p>L\u00f2m lan vin t\u00e8lman egare, dyab la itilize-l\u2019 san-l\u2019 pa menm reyalize sa-a. Li vin tounen yon zouti nan men yon antite ke Bondye te ba-l\u2019 dominyon sou li. Yon antite ki ta zipoze ap trennen anba pye l\u00f2m.<\/p>\n<p>Tout sa k\u2019ap f\u00e8t swa Ou pwovoke-L\u2019 pou-l\u2019 rive, oubyen Ou kite oubyen p\u00e8m\u00e8t li rive. Anpil move bagay k\u2019ap f\u00e8t se pa volonte-W\u2019. Kidonk, se pa Ou pa menm ki \u00f2kestre yo, men pou yon rezon misterye l\u00f2m paka konprann, Ou kite yo pase. Se bagay sa-a anpil fwa k\u2019ap toumante lespri l\u00f2m.<\/p>\n<p>Malgre tout, yon s\u00e8l bagay ke nou ka repoze lafwa-n\u2019 sou li se pwisans ak byen veyans Ou depase neglijans, inyorans, ak mechanste ki nan k\u00e8 l\u00f2m. Pwisans Ou depase pwisans dyab la ak tout aktivite l\u2019ap mennen o nivo enfliyanse l\u00f2m ak pwovoke yon seri katastw\u00f2f nan mond sa-a.<\/p>\n<p>Medite sou Bondye ki an kontw\u00f2l sou tout bagay.<\/p>\n<hr>\n<p>Se tankou Bondye syeje sou twon Li sou yon platfom transparan atrave-l&#8217; L&#8217;ap gade tout aktivite Satan ap mennen pa anba.<\/p>\n<p>Li gen kontwol sou chak mouvman Satan ap fe. Li gen kontwol sou chak grenn atom, eleman ki konstitiye tout inive-a. Ebyen, se la ke Kris syeje a dwat Li sou twon Li.<\/p>\n<p>Se la tou Bondye Papa syeje-n&#8217; an Kris a dwat Li.<\/p>\n<p>Tout bagay sanse anba pye-L&#8217;. Kidonk, Satan selman ka fe sa ke Bondye pemet li fe.<\/p>\n<p>Satan bezwen pemisyon pou-l&#8217; atake lom lan. Pemisyon sa pa foseman vle di fo-l&#8217; fome-l&#8217; paske depi lom lan an dezako ak volonte Bondye, li ekspoze.<\/p>\n<p>Pemisyon sa se reprezantasyon dwa legal ke Satan jwenn. Li toujou ap chache dwa legal sou lom lan atrave rebelyon yon fason pou-l&#8217; mete Bondye nan yon movez pozisyon paske fok Bondye rete fidel ak Pawol Li ki se pwop tet Li menm anko.<\/p>\n<hr>\n<p>God\u2019s sovereignty is defined as His complete and total independent control over every creature, event, and circumstance at every moment in history. Subject to none, influenced by none, absolutely independent, God does what He pleases, only as He pleases, always as He pleases.<\/p>\n<p>God is in complete control of every molecule in the universe at every moment, and everything that happens is either caused or allowed by Him for His own perfect purposes.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Bondye, ou gen yon kontw\u00f2l sipr\u00e8m sou tan (pase, prezan, ak fiti), sou spas (long\u00e8, laj\u00e8, ak wot\u00e8 oubyen pwofond\u00e8), maty\u00e8 (likid, solid, gaz), ak en\u00e8ji ki nan tout sa ki egziste (tout f\u00f2s kosmik ki egziste nan iniv\u00e8-a).<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"nf_dc_page":"","footnotes":""},"categories":[1],"tags":[],"class_list":["post-2252","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2252","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=2252"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2252\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":2254,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2252\/revisions\/2254"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2252"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=2252"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=2252"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}