{"id":22217,"date":"2026-05-25T10:15:27","date_gmt":"2026-05-25T10:15:27","guid":{"rendered":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/?p=22217"},"modified":"2026-07-22T10:51:38","modified_gmt":"2026-07-22T10:51:38","slug":"nuclear-revelation","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/nuclear-revelation\/","title":{"rendered":"Nuclear Revelation"},"content":{"rendered":"<p><strong>Ekz\u00e8sis Spirity\u00e8l Pou Ogmante Lafwa-m&#8217;<\/strong><\/p>\n<p>Nou gen lafwa atrav\u00e8 tande. Tande kisa? Tande Paw\u00f2l Bondye-a<strong><em> (Women 10:17).<\/em><\/strong><\/p>\n<p>Lavi ak lanm\u00f2 se nan pouvwa lang nou <strong><em>(Pwov\u00e8b 18:21).<\/em><\/strong><\/p>\n<hr \/>\n<p><strong>Non Ki Pi Wo Pase Tout Non Ak Tout Bagay\u00a0<\/strong><\/p>\n<p>Non ki se non Bondye Papa Li menm k\u00f2m t\u00e8t divinite sipr\u00e8m lan ke-L&#8217; pote ke-L&#8217; bay a Pitit Li.<\/p>\n<p>Non ki se Sila ki kanpe d\u00e8y\u00e8-L&#8217; la menm, Bondye Papa atrav\u00e8 Pitit Li pa mwayen Sent Espri-L&#8217;.<\/p>\n<p>Non ki se fas, imaj, ak reprezantasyon tout sist\u00e8m divinite sipr\u00e8m lan.<\/p>\n<p>Non ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, ak dominasyon tout sist\u00e8m Bondye toupwisan ladan-L&#8217;: Bondye Papa, Pitit la, ak Lespri Sen-an.<\/p>\n<p>Non ke sy\u00e8l la ak t\u00e8-a te kreye atrav\u00e8 Sila ki kanpe d\u00e8y\u00e8-L&#8217;. Non ke sy\u00e8l la ak t\u00e8-a gen pou kouri pou prezans Antite ki kanpe d\u00e8y\u00e8-l&#8217; la epi p&#8217;ap gen plas pou yo kache.<\/p>\n<p>Non ke pa gen anyen ki ka f\u00e8t san otorizasyon oubyen p\u00e8misyon Sila ki kanpe d\u00e8y\u00e8-L&#8217; la.<\/p>\n<p>Non Sila ki kanpe d\u00e8y\u00e8-l&#8217; la se &#8220;Je Suis&#8221;.<\/p>\n<p>Non sa se Jezi Kris. Non ki pi ekzalte.<\/p>\n<p>Non ki pi wo pase tout non ak tout bagay. Non ke tout jenou gen pou flechi pou yo konfese ke Jezi Kris se Seny\u00e8 pou glwa Bondye Papa.<\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<p><strong>Paw\u00f2l Bondye-a<\/strong><\/p>\n<p>Paw\u00f2l Bondye-a se yon sist\u00e8m divin ki gen ladan-l&#8217; Bondye Papa k\u00f2m sous tout bagay, Pitit la Jezi Kris k\u00f2m Paw\u00f2l la ki se ekspresyon tout bagay, ak Lespri Sen-an ki se manifestasyon tout bagay.<\/p>\n<p>Bondye Papa se inisyasyon tout bagay. Pitit la se ekspresyon tout bagay. Lespri Sen-an se manifestasyon tout bagay.<\/p>\n<p>Paw\u00f2l la omnisyan, omniprezan, ak omnipotan. Paw\u00f2l la gen konsyans, ent\u00e8lijans, konesans, saj\u00e8s, entansyon, otorite, pwisans, prezans, ak lavi Bondye vivan ladan-L&#8217;.<\/p>\n<p>Anndan menm sist\u00e8m divin sa, gen antite anjelik yo ki nan kantite ke-w&#8217; pa ka konte ki aji selon Paw\u00f2l la.<\/p>\n<p>Paw\u00f2l la gen yon rezonans tout kote kit li lokal, rejyonal, nasyonal, ent\u00e8nasyonal, global, ak iniv\u00e8s\u00e8l. Paw\u00f2l la transande spas, tan, ak maty\u00e8. Distans pa gen okenn enp\u00f2tans pou Paw\u00f2l la. Li se sa ki f\u00e8 tout distans. Li se sa ki kouvri tout distans. Li se sa ki depase tout distans.<\/p>\n<p>Kidonk, sa-m&#8217; santi ak panse ki byen lwen-m&#8217; lan an rezonans nan mwen ak alantou-m&#8217;. M&#8217; p&#8217;ap adrese yon Bondye ki lwen-m&#8217;, men ki prezan nan mwen. Si-L&#8217; ka konnen yon vye panse ki trav\u00e8se imajinasyon-m&#8217;, Li tande l\u00e8-m&#8217; priye-L&#8217;.<\/p>\n<p>Chak fwa ke Paw\u00f2l la deklare ak lafwa, Paw\u00f2l sa ale epi li al f\u00e8 yon enpak yon kote.<\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<p><strong>The Word of God<\/strong><\/p>\n<p>By speaking the Word of God by faith, I am tapping into the greatest, biggest, most powerful, loudest, and most far reaching sound system.<\/p>\n<p>The system that goes beyond all types of limitations. My declarations aren&#8217;t what will make the difference, but the very system that&#8217;s already in place backing up my declarations.<\/p>\n<p>I am tapping into the core principle being the creational, and existential foundation of all realms of existence being spoken Words.<\/p>\n<p>I am connecting to the System of systems, the Network of networks, the Realm of realms which is omnipresent, omniscient, and omnipotent being God Almighty through His beloved Son Jesus by the blessed Holy Spirit.<\/p>\n<hr \/>\n<p><strong>The Name of Jesus\u00a0<\/strong><\/p>\n<p>The name of that righteous man [JESUS], which I\u2019ve told you not to mention is the very name of the living God which He bears.<\/p>\n<p>For this reason, nobody among us [the evil forces] can withstand that name [the power of His name] as the universe was made by that name.<\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8-a.<\/p>\n<blockquote><p>Seny\u00e8 ak Dye nou, Ou diy pou-W&#8217; resevwa glwa, on\u00e8, louwanj, ak pwisans paske se Ou ki te kreye tout bagay, atrav\u00e8 volonte-W&#8217; an Jezi Kris ki se Paw\u00f2l la yo tout te kreye epi vin sa yo ye-a pou glwa non-W&#8217; <strong><em>(Revelasyon 4:11).<\/em><\/strong><\/p>\n<p>Atrav\u00e8 lafwa, nou konprann ke iniv\u00e8-a te f\u00f2me atrav\u00e8 paw\u00f2l Bondye. Pou rezon sa, sa ki vizib pa-t&#8217; kreye ak matery\u00e8l ki vizib<strong><em> (Ebre 11:3).<\/em><\/strong><\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8-a <strong><em>(Jeremi 22:29).<\/em><\/strong><\/p><\/blockquote>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8 Dye ki gen tout otorite, pwisans, pouvwa, dominasyon, f\u00f2s, en\u00e8ji, onksyon, kapasite, abilite, ak potansyalite nan tout plan ekzistans k&#8217;ap renye et\u00e8n\u00e8lman.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8 Bondye ki sipr\u00e8m, souveren, absoli, imanan, transandan, endepandan, ak otonon\u00f2m nan tout ak sou tout bagay.<\/p>\n<p>Seny\u00e8 ke pa gen anyen ki pa-t\u2019 ekziste avan k\u00f2mansman tout bagay ki vin ekziste ki t\u2019ap ka ekziste san Paw\u00f2l Li. Pa gen anyen tou ki pa-t\u2019 ekziste ki vin ekziste ki ka kontinye rete an ekzistans san Paw\u00f2l Li.<\/p>\n<p>Seny\u00e8 ke pa gen anyen nonplis ki ka manifeste nan k\u00e8lkeswa dimansyon ekzistans ke-l\u2019 ye san otorizasyon oubyen p\u00e8misyon Paw\u00f2l Li.<\/p>\n<p>Li se Seny\u00e8 ke pa gen anyen ki ka fonksyone san Paw\u00f2l Li paske pa gen anyen ki endepandan ak oton\u00f2m atrav\u00e8 ekzistans ak fonksyonman yo. Kidonk, Paw\u00f2l la gen anprent Li nan tout bagay.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8 Dye ki anwo nan sy\u00e8l la ki chita sou tw\u00f2n ki pi wo pase tout tw\u00f2n ke pa gen yon bagay ki pa an soumisyon ak otorite-L&#8217; ki manifeste atrav\u00e8 Paw\u00f2l pwisans Li an Jezi Kris.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Bondye ki se gran Achit\u00e8k, Kreyat\u00e8, ak Soutyen tout iniv\u00e8-a. Bondye vivan ki bay lavi ke tout sa-L&#8217; kreye gen lavi nan yo.<\/p>\n<p>Tande Paw\u00f2l Seny\u00e8 Bondye vivan ki te kreye-W&#8217; k\u00f2m yon antite ki vivan. Pwiske ou vivan, ou gen lavi nan ou. Kidonk, ou gen kapasite pou-w&#8217; bay lavi.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8 Bondye ki ba-w&#8217; z\u00f2r\u00e8y pou tande ki p\u00e8m\u00e8t ke-w&#8217; kapab reponn ak presizyon ki se yon konfimasyon ke-w&#8217; gen kapasite pou-w&#8217; tande ak aji sou baz enstriksyon atrav\u00e8 k\u00f2mand ke-w&#8217; resevwa.<\/p>\n<p>Men sa ke Paw\u00f2l Seny\u00e8-a deklare:<\/p>\n<blockquote><p>Sy\u00e8l ki pi wo yo se pou Seny\u00e8-a yo ye, men Li bay pitit l\u00f2m t\u00e8-a k\u00f2m t\u00e8ritwa yo<strong><em> (S\u00f2m 115:16).<\/em><\/strong><\/p>\n<p>Nan k\u00f2mansman se te Paw\u00f2l la, Paw\u00f2l la te la ak Bondye, epi Paw\u00f2l la te Bondye<strong><em> (Jan 1:1).<\/em><\/strong><\/p>\n<p>Li abiye ak yon w\u00f2b ki gen san ladan-l\u2019, epi non-L\u2019 se Paw\u00f2l Bondye-a<em><strong> (Revelasyon 19:13).<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Epi tou w\u2019ap dekrete yon bagay, epi l\u2019ap f\u00e8t pou ou: epi limy\u00e8 va jayi sou chemen-w\u2019<strong><em> (J\u00f2b 22:28).<\/em><\/strong><\/p>\n<p>M\u2019ap ba-W\u2019 tout kle Way\u00f2m sy\u00e8l la. Tout sa-w\u2019 mare sou t\u00e8 sa ap mare nan sy\u00e8l la. Tout sa-w\u2019 demare sou t\u00e8 sa ap demare nan sy\u00e8l la <strong><em>(Matye 16:19).<\/em><\/strong><\/p>\n<p>Se vre wi sa M\u2019ap di nou la, tout sa-n\u2019 mare sou t\u00e8 sa ap mare nan sy\u00e8l la. Tout sa-n\u2019 demare sou t\u00e8 sa ap demare nan sy\u00e8l la <strong><em>(Matye 18:18).<\/em><\/strong><\/p>\n<p>Sa M\u2019ap di nou la se vre wi, si yon moun di m\u00f2n sa, deplase al tonbe nan lanm\u00e8 epi ki pa doute nan k\u00e8-l\u2019 men ki kw\u00e8 sa-l\u2019 di-a ap rive vre, l\u2019ap f\u00e8t pou moun sa\u00a0<em><strong>(Mak 11:23).<\/strong><\/em><\/p><\/blockquote>\n<p>Paw\u00f2l la pa jis enf\u00f2masyon, enstriksyon, ak k\u00f2mand. Li se yon sist\u00e8m atrav\u00e8-L&#8217; ou jwenn Bondye Papa ki se Sous tout bagay, Pitit la Jezi Kris Paw\u00f2l la menm an p\u00e8s\u00f2n ki se Ekspresyon tout bagay, ak Lespri Bondye ki se Manifestasyon tout bagay.<\/p>\n<p>Kidonk, Paw\u00f2l la omniprezan, omnipotan, ak omnisyan.<\/p>\n<p>Paw\u00f2l Seny\u00e8-a rey\u00e8l, akty\u00e8l, vivan, aktif, kreyatif, rejeneratif, reyaktif, retroaktif, efikas, pwodiktif, en\u00e8jetik, eksplozif, ak dinamik. Paw\u00f2l Bondye-a se limy\u00e8 ki te jayi sou tout kreyasyon-an avan menm sol\u00e8y, lalin, ak zetwal yo te kreye.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, sou baz gwo kokenchenn revelasyon ke s\u00e8vit\u00e8 Bondye Francis Myles te resevwa nan men Lespri Bondye apr\u00e8 yon atak sos\u00e8lri, m&#8217; vin aprann sa yo de ou menm.<\/p>\n<ol>\n<li>Ou se yon antite ki vivan.<\/li>\n<li>Ou gen z\u00f2r\u00e8y pou-w&#8217; tande enstriksyon ki p\u00e8m\u00e8t ou aji ak presizyon.<\/li>\n<li>Ou gen matris ki p\u00e8m\u00e8t ou prodwi.<\/li>\n<li>Ou gen bouch pou swa vale oubyen vomi.<\/li>\n<li>Ou te kreye pou-w&#8217; bay l\u00f2m s\u00e8vis afen pou yo atenn destine yo.<\/li>\n<\/ol>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8-a ki kreye-w&#8217; ak kapasite pou-w&#8217; tande ak aji&#8230;<\/p>\n<p>Nan moman sa, &#8230; k\u00f2m yon rachte ke espri-l&#8217; rejenere, nanm li sove atrav\u00e8 san Jezi Kris pa pwisans Lespri Sen-an,<\/p>\n<p>&#8230; k\u00f2m yon espri ki gen yon nanm ki kreye nan imaj Bondye vivan, selon pw\u00f2p resanblans Li anndan yon k\u00f2 ki f\u00e8t ak pousy\u00e8 t\u00e8 sa ak yon manda pou-m&#8217; domine nan mond fizik sa sou tout sa Bondye kreye pou glwa non-L&#8217;; mwen menm k\u00f2m pitit Bondye toupwisan ki pataje pw\u00f2p nati divin Li av\u00e8-m&#8217; ki rann mwen kapab s\u00e8vi k\u00f2m yon veso pou prezans, pwisans, ak revelasyon-L&#8217;;<\/p>\n<p>&#8230;. k\u00f2m yon anbasad\u00e8 Way\u00f2m Li sou t\u00e8 sa ke-L&#8217; bay otorite swa pou-m&#8217; mare oubyen demare; k\u00f2m yon s\u00e8vit\u00e8 ki kreye pou-m&#8217; f\u00e8 s\u00e8vis Bondye; k\u00f2m yon s\u00f2lda nan lame gran K\u00f2mandan an ch\u00e8f tout iniv\u00e8-a; k\u00f2m yon pr\u00e8t, k\u00f2m yon wa an Jezi Kris ki se Wa sipr\u00e8m lan; ak menm priz t\u00e8 sa ki nan pla men-m&#8217; lan ki se konpozisyon k\u00f2-m&#8217;, tout ekzistans fizik mwen, ak tout sa-m&#8217; gen pou-m&#8217; akonpli nan mond sa; m&#8217;ap f\u00e8 yon dechajman, depouyman, dezanvoutman, debarasman, dezentoksifikasyon, ak dezonbifikasyon total kapital; m&#8217; k\u00f2mande-w&#8217; ouvri bouch ou byen laj pou-w&#8217; vale totalman adiksyon p\u00f2nografik sa ki anvayi, anvlope, angoudi, andikape, ak ant\u00f2tye lavi-m&#8217; nan non Jezi.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, vale tout mov\u00e8z enfliyans, dominans, depandans, obsesyon, koneksyon, degradasyon, p\u00e8v\u00e8syon, depravasyon, deteryorasyon, dekonpozisyon, kontaminasyon, malediksyon, destriksyon, alyans av\u00e8k espri marin, espri sediksyon, espri imoralite seksy\u00e8l, espri andisisman, espri rezistans, espri rebelyon, espri ki bay santiman, tandans, ak konp\u00f2tman chen; espri ki bay santiman, tandans, ak konp\u00f2tman kochon, espri sanwont, espri sangwen, espri demonyak ki syeje nan dezy\u00e8m sy\u00e8l la ak tout enplikasyon spirity\u00e8l, mantal, ak fizik ki lye ak vis sa menm k&#8217;ap boulv\u00e8se lavi-m&#8217; pandan plizy\u00e8 ane nan non Jezi.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8-a ke tout otorite s\u00f2ti nan Li menm, dominasyon sou tout kreyasyon-an jan Kreyat\u00e8-a vle-l&#8217; la k\u00f2manse ak dominasyon espri-m&#8217; ki s\u00f2ti nan Bondye sou k\u00f2 fizik mwen ki f\u00e8t ak t\u00e8 sa. M&#8217; dekrete kounyeya menm ke f\u00f2k espri-m&#8217; ki kreye nan imaj Bondye selon resanblans Li dwe an soumisyon ak Espri sipr\u00e8m lan domine maty\u00e8-a. M&#8217; dekrete dominasyon-m&#8217; sou peche. M&#8217; deklare ke Lespri Bondye ki bay f\u00f2s la anjandre espri-m&#8217; ak rezistans. M&#8217; dekrete soumisyon total espri-m&#8217; anba otorite Bondye ki gen tout pouvwa nan non Jezi.<\/p>\n<p>Kidonk, vale pi gwo \u00e8nmi kokenchenn manda sa nan lavi-m&#8217; ke Bondye te konfye ak limanite. Vale pi gwo obstak sa ki nan lavi-m&#8217; ki anpeche-m&#8217; viv vi yon moun ki rachte, rejenere, sove, ak delivre. Vale pongongon, giyon, ak pichon sa k&#8217;ap toufe imaj ak resanblans Bondye nan lavi-m&#8217; nan non Jezi.<\/p>\n<p>Vale gwo fado lou sa ki rann ke m&#8217;ap viv yon vi ki enfery\u00e8 a vi Bondye vle pou-m&#8217; viv la. Vale gwo mons sa ki anvlope-m&#8217;, k&#8217;ap toupizi-m&#8217; atrav\u00e8 gaspiye tan, en\u00e8ji, ak resous mwen. Vale vis p\u00f2nografik sa yon fwa pou tout nan non Jezi Kris atrav\u00e8 san-L&#8217; ki te v\u00e8se pa mwayen k\u00f2-L&#8217; ki te brize sou menm t\u00e8 sa.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, ke vis p\u00f2nografik sa al boule nan lanf\u00e8 afen ke nanm mwen kapab sove nan non Jezi Kris&#8230;<\/p>\n<p>M&#8217; dekrete delivrans k\u00f2-m&#8217; anba joug peche sa nan non Jezi Kris&#8230;<\/p>\n<p>Kidonk, adiksyon p\u00f2nografik, m&#8217; dekrete ke r\u00e8y ou fini nan lavi-m&#8217; kounyeya menm nan non Jezi.<\/p>\n<hr \/>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8-a ki deklare si nou pa padone sa yo ki peche kont nou, Li p&#8217;ap padone nou; m&#8217; k\u00f2mande-w&#8217; vale rankin, espri vanjans, ak rayisman k&#8217;ap bouyi sou k\u00e8-m&#8217; anv\u00e8 tout moun ki f\u00e8-m&#8217; mal yo nan non Jezi.<\/p>\n<p>Kidonk, rankin, m&#8217; dekrete ke twoma, twoub mantal, doul\u00e8 ke-w&#8217; enflikte sou lavi-m&#8217; fini nan non Jezi Kris.<\/p>\n<hr \/>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, tande Paw\u00f2l Seny\u00e8-a ki pale tout bagay an ekzistans atrav\u00e8 Paw\u00f2l pwisans Li. M&#8217; k\u00f2mande-w&#8217; vale bege sa, tout sent\u00f2m li yo, tout limitasyon, tout timidite, tout izolasyon, tout lap\u00e8r\u00e8z, tout mank konfidans, tout konfizyon, ak tout blokaj li yo nan lavi-m&#8217;. O lat\u00e8, ou gen nan sist\u00e8m memwa-w&#8217; tout langaj ki nan mond sa. Ou gen ent\u00e8lijans divin.<\/p>\n<p>M&#8217; k\u00f2mande-w&#8217; pou vomi an gran jan tout sa-m&#8217; te p\u00e8di nan dom\u00e8n kominikasyon, atikilasyon, ak metriz nan dom\u00e8n langaj mwen akoz mank pratik. Vomi metriz ak bon konpreyansyon lang Angl\u00e8, Espany\u00f2l, ak Frans\u00e8 nan lavi-m&#8217; nan non Jezi.<\/p>\n<p>Kidonk, bege ou gen z\u00f2r\u00e8y pou-w&#8217; tande, m&#8217; dekrete ke kontw\u00f2l, limitasyon, blokaj, ak fristrasyon ke-w&#8217; lak\u00f2z nan lavi-m&#8217; fini kounyeya menm nan non ki gen tout otorite, pouvwa, pwisans, ak dominasyon sou tout bagay Jezi Kris.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, nou tou de f\u00e8t ak menm eleman. K\u00f2-m&#8217; s\u00f2ti atrav\u00e8-w&#8217;. Se la k\u00f2-m&#8217; gen pou retounen apr\u00e8 lanm\u00f2-m&#8217; nan tan Bondye ki gen tout pouvwa dezinye sa.<\/p>\n<p>Ou se yon pi gwo reprezantasyon k\u00f2 fizik mwen. K\u00f2 fizik mwen se yon reprezantasyon ou menm nan yon dimansyon ki pi limite. Nou gen yon koneksyon ki tr\u00e8 pwofon. Day\u00e8, vi matery\u00e8l mwen depann de sa-w&#8217; pwodwi.<\/p>\n<p>L\u00f2m lan te kreye ak yon manda pou-l&#8217; domine ak renye sou t\u00e8 sa. Ou te kreye ak yon manda pou-w&#8217; kolabore av\u00e8k l\u00f2m lan k\u00f2m s\u00e8vit\u00e8-l&#8217;.<\/p>\n<p>Kidonk, kolabore av\u00e8-m&#8217; nan non Sila ki se Paw\u00f2l la ki te k\u00f2mande ekzistans ou Jezi Kris ke tout bagay te kreye atrav\u00e8-L&#8217; ak pou Li menm epi ki gen pou-L&#8217; vin etabli way\u00f2m Li sou t\u00e8 sa yon jou.<\/p>\n<p>O lat\u00e8, lat\u00e8, lat\u00e8, k\u00f2m yon espri ki nan yon k\u00f2 fizik, dezi-m&#8217; se deklare ak otorite ak pwisans Paw\u00f2l Seny\u00e8-a sou tout kreyasyon-an pou glwa non-L&#8217;, vale tout obstak spirity\u00e8l, mantal, ak fizik ki kanpe kont lavi-m&#8217; nan non Jezi.<\/p>\n<p>Vr\u00e8, Fid\u00e8l, ak Am\u00e8n.<\/p>\n<p>She has heard. Put the dirt back.<\/p>\n<hr \/>\n<p>She longs to hear from the redeemed.<\/p>\n<p>The earth is expressing a deep, emotional anticipation of receiving news, a voice, or a message. She is nurturing an intense eagerness or aching need for auditory updates because I have never talked to her.<\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<p>Gen yon l\u00e8 k\u00f2-m&#8217; ap retounen nan pousye te-a, vale tout sa ki pa bon nan k\u00f2-m&#8217;.<\/p>\n<p>Pa gen anyen ke lom lan ka pwodwi sou bout te sa san kolaborasyon-w&#8217;.<\/p>\n<hr \/>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ekz\u00e8sis Spirity\u00e8l Pou Ogmante Lafwa-m&#8217; Nou gen lafwa atrav\u00e8 tande. Tande kisa? Tande Paw\u00f2l Bondye-a (Women 10:17). Lavi ak lanm\u00f2 se nan pouvwa lang nou (Pwov\u00e8b 18:21). Non Ki Pi Wo Pase Tout Non Ak Tout Bagay\u00a0 Non ki se non Bondye Papa Li menm k\u00f2m t\u00e8t divinite sipr\u00e8m lan ke-L&#8217; pote ke-L&#8217; bay a&#8230;<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"nf_dc_page":"","footnotes":""},"categories":[1],"tags":[],"class_list":["post-22217","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/22217","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=22217"}],"version-history":[{"count":139,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/22217\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":22637,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/22217\/revisions\/22637"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=22217"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=22217"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=22217"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}