{"id":1553,"date":"2019-12-08T20:32:25","date_gmt":"2019-12-08T20:32:25","guid":{"rendered":"http:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/?p=1553"},"modified":"2021-08-07T15:47:32","modified_gmt":"2021-08-07T15:47:32","slug":"testimony-about-the-power-of-the-name-of-jesus","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/testimony-about-the-power-of-the-name-of-jesus\/","title":{"rendered":"Testimony About The Power Of The Name Of Jesus"},"content":{"rendered":"<p>Se yon Temwayaj de yon ansyen &#8220;Genie en sorcelerie&#8221; ki rele Etienne Emmanuel ki te akonpanye yon mari ki ta pral ofri madan-m&#8217; li kom sakrifis.<!--more--><\/p>\n<p>Gen yon gran seremoni ki fet chak ane nan mond envizib chak 6 Janvye kote moun ki gen angajman ak Satan pote yon moun vivan kom sakrifis pou renouvle kontra yo.<\/p>\n<p>Satan chita sou yon twon an fas yon gwo tab long ke yo fe espesyalman pou yo sakrifye moun. Tab sa gen twou atrave-l&#8217; yo mare viktim lan pou met afe-a pike-l&#8217;.<\/p>\n<p>Epi li gen yon seri riyel atrave-l&#8217; san viktim lan koule al nan yon resevwa pou dyab la bwe.<\/p>\n<p>Satan gen yon &#8220;mot de passe&#8221; li bay met afe-a ki gen angajman pou-l&#8217; pran ponya-l&#8217; pou-l&#8217; pike viktim lan nan ke pou san komanse vide.<\/p>\n<p>Lucifer menm gen yon gwo koulev k&#8217;ap soti bo vant li pou-l&#8217; al nan resevwa san sa pou-l&#8217; vale san moun sa jis li satisfe pou-l&#8217; ka renouvle kontra.<\/p>\n<p>Li jis bay moun sa yon kat ki senbolize kontra renouvle epi moun sa disparet. Rive moun sa rive li jwenn lajan-l&#8217; ogmante.<\/p>\n<p>Yo komanse touye moun. Sa-k&#8217; potko mouri yo, genyen ki komanse pipi, twalet sou yo. Kidonk, viktim sa yo mouri atrave inyorans yo.<\/p>\n<p>Le yo rive sou yon ti pitit marenn li ta pral sakrifye-l&#8217;, pandan marenn li pral leve ponya pou-l&#8217; pike-l&#8217;, ti pitit la di &#8220;Jezi grann mwen-an sove-m'&#8221; .<\/p>\n<p>Menm moman gen yon kout loraj ki tonbe nan mond envizib &#8220;blohw&#8221;. Epi gen yon sel toubouyon ki tonbe anndan sal seremoni-an.<\/p>\n<p>Lucifer sot tonbe ate. Twon li chavire. Non Jezi jete Lucifer fas ate. Tout lot demon ki te la yo tout sot tonbe. Tab sakrifis la chavire fas anba.<\/p>\n<p>Tout moun ki te mare, kod yo kase. Toubouyon-an ap sakaje anndan. Moun ki te temwen evenman tonbe nan yon kwen.<\/p>\n<p>Apre kelke minit, boulves la kalme. Li we Lucifer k&#8217;ap leve ate-a. Temwen-an deklare &#8220;dyab pa anyen&#8221;. Sila ki kichoy la se Jezi.<\/p>\n<p>Le yo tout fin leve nan yon kwen, dyab la deklare kote ti &#8220;salopri&#8221; ki repete non &#8220;ti neg&#8221; sa la. Misye pa ka di non Jezi paske se yon pwazon non sa ye pou li.<\/p>\n<blockquote><p>Temwen-an deklare ke si-w&#8217; santi-w&#8217; feb, dyab ap vin kouche-w&#8217;, batay ave-w&#8217;, ou met repete 7 kout &#8220;le sang de Jesus&#8221;, ou ap gen batay la.<\/p><\/blockquote>\n<p>Tout moun ki ta pral viktim yo, tout disparet. kidonk, moun ki kanpe nan mond envizib se bann kriminel yo ki rete.<\/p>\n<p>Kom vanjans, dyab la deklare se yo menm pou ki pase. Misye deklare se dam lan pou ki pase nan plas tifi-a. Li di kat ajan pran dam lan mare-l&#8217; sou tab la.<\/p>\n<p>Le yo chaje mari ki ta pral vann madanm li ki te gen tan disparet atrave deklarasyon ti pitit la te fe-a pou yo al sakrifye misye, li deklare Jezi ki te sove ti pitit la sove-m&#8217;.<\/p>\n<p>Menm kout loray la fet anko. Men toubouyon-an pete anndan pi red anko. Misye disparet. Tout kriminel ke yo ta pral sakrifye yo tout tonbe rele Jezi mete-m&#8217; deyo.<\/p>\n<p>Bondye sove yo.<\/p>\n<hr \/>\n<h3><strong>Temwayaj<\/strong><\/h3>\n<p>Gen yon legliz ke-m&#8217; te ale, m&#8217; te bay yon ofrann $100 ki te yon ofrann san. Paste-a te tre enpresyone de ofrann sa. Li di-m&#8217; li vle rankontre-m&#8217; nan fen sevis la.<\/p>\n<p>Pita, paste-a remesye-l&#8217; pou ofrann sa. Mwen reponn, mwen vle soutni zev Bondye akoz de sa li fe pou mwen.<\/p>\n<p>Madan-m&#8217; paste-a komanse ap plenyen akoz konvesasyon-m&#8217; ak paste-a. Men le-m&#8217; ouvri je spirityel mwen, m&#8217; remake ke-l&#8217; pa-t&#8217; kouvri ak flanm dife menm jan ak Kretyen otantik yo.<\/p>\n<p>Kidonk, m&#8217; te gen kapasite detwi-l&#8217; si-m&#8217; vle paske-l&#8217; te yon paste chanel. M&#8217; mande-l&#8217; yon estimasyon de tout enstriman ki anndan legliz la ke-l&#8217; bezwen, paste-a te tre kontan.<\/p>\n<p>Dyak legliz la banm yon estimasyon de $3,000. Apre, m&#8217; vin vizite paste-a lakay li. Li te selman ak yon bout short sou li. M&#8217; te tre sedwizant.<\/p>\n<p>Li komanse konvwate-m&#8217;. Li propoze pou-l&#8217; marye ave-m&#8217;. Menm moman li komanse touche-m&#8217; toupatou nan ko-m&#8217;. M&#8217; pran pwoz m&#8217; pa vle.<\/p>\n<p>Nou komanse bo. Pandan n&#8217;ap bo, m&#8217; komanse fe priye majik. Nan yon sel moman, m&#8217; transpote paste chanel sa nan wayom Satan.<\/p>\n<p>M&#8217; disparet paste sa sou te sa, n&#8217;al ateri nan mond astral sosye. Li tonbe nan yon selil prizon kote-l&#8217; gen chen nan pye, men, ak kou-l&#8217; kom yon esklav.<\/p>\n<p>Apre misyon sa, m&#8217; kite paste sa nan prizon epi-m&#8217; retounen sou te sa. Men m&#8217; te sipoze ale nan wayom Satan pou-m&#8217; prezante kaptif la a otorite mond astral sosye.<\/p>\n<p>Le-m&#8217; tounen atrave vwayaj astral, m&#8217; retire paste-a nan selil kote-l&#8217; te ye-a. M&#8217; prezante-l&#8217; a gran pret sosye-a. Li te do touni ak bout short sou li-a. M&#8217; mache ave-l&#8217; nan prezans tout sosye yo.<\/p>\n<p>Te gen gwo selebrasyon paske kaptire yon &#8220;homme de Dieu&#8221; se yon gwo bagay nan mond Satan. Gran pret la felisite-m&#8217; akoz nou kaptire yon gran vach.<\/p>\n<p>Yo rele &#8220;homme de Dieu&#8221; yo vach nan mond Satan paske yo che. Gen anpil lajan ke enmi-an mete pou kaptire yo.<\/p>\n<p>Moman te rive pou-n&#8217; dekapite paste sa. Menm moman paste sa komanse ap pale nan yon lang ke-n&#8217; pa-t&#8217; ka konprann.<\/p>\n<p>Li te entedi pou yon kaptif pale amwenske yo otorize-l&#8217;. Kidonk, yo fwete-l&#8217;, men-l&#8217; kontinye pale. Men pret la ak sosye yo komanse ap poze tet yo kesyon ki lang menm paste sa ap pale.<\/p>\n<p>Pandan paste sa ap pale an lang, li site non Jezi, gen yon eksplozyon dife ki fet tankou yon bonm ki eklate.<\/p>\n<p>Gen yon sel anbouteyaj kote tout moun pete kouri pou sove vi yo. Gen dife ak lafimen nan eksplozyon sa. Menm moman paste-a disparet nan kaj kote-l&#8217; te ye-a.<\/p>\n<p>Nan wayom sosye, yo mete kaptif yo nan kaj kom animal. Tout moun te an kole kont mwen akoz ensidan sa.<\/p>\n<p>Non Jezi Kris te terib, danjere, ak fatal.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se yon Temwayaj de yon ansyen &#8220;Genie en sorcelerie&#8221; ki rele Etienne Emmanuel ki te akonpanye yon mari ki ta pral ofri madan-m&#8217; li kom sakrifis.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"nf_dc_page":"","footnotes":""},"categories":[1],"tags":[],"class_list":["post-1553","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/1553","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=1553"}],"version-history":[{"count":11,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/1553\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":5535,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/1553\/revisions\/5535"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=1553"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=1553"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=1553"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}