{"id":145,"date":"2018-12-23T08:21:46","date_gmt":"2018-12-23T08:21:46","guid":{"rendered":"http:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/?p=145"},"modified":"2021-07-24T18:54:15","modified_gmt":"2021-07-24T18:54:15","slug":"vijilans-desten-otorite-lafwa-elatriye","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/vijilans-desten-otorite-lafwa-elatriye\/","title":{"rendered":"Vijilans, Desten, Otorite, Lafwa, Konba Spirityel, Divinite, Pouvwa Sou Nanm, Pesistans Nan Lapriye \u2714"},"content":{"rendered":"<p>Yo kaptire nanm moun atrave enkantasyon mistik pou yo ale nan mond envizib ave yo pandan ke moun lan byen vivan sou te sa.<\/p>\n<p><!--more--><\/p>\n<p>Obje mistik atrave-l&#8217; yo kaptire nanm lan rele &#8220;Pentacle&#8221;. Yo ka enfliyanse viktim lan jan yo vle paske lavi-l&#8217; nan men yo.<\/p>\n<p>Apre, yo ka menm deside ki tip lanmo ke moun sa dwe sibi.<\/p>\n<blockquote><p>Yon Satanis menm konfime atrave yon temwayaj ke-l&#8217; pa-t&#8217; gen pwoblem moun pou-l&#8217; te sakrifye paske-l&#8217; te gen yon pil nanm ke-l&#8217; te kaptire ke-l&#8217; te kenbe nan yon sant detansyon mistik ke-l&#8217; te fe lakay li.<\/p>\n<p>Kidonk, nanm moun sa yo sanse kaptire pa yon movez espri ki spesyalize nan domen sa. Espri sa sanse pi pwisans pase espri imen-an.<\/p><\/blockquote>\n<p>Lanmo yo deside-a, se li k&#8217;ap fet si Bondye pa fe yon entevansyon. Gen anpil moun ki konsa.<\/p>\n<p>Yo ekspedye movez espri pou kaptire nanm moun, pwojte-l&#8217; nan yon miwa jis pou yo pike moun sa.<\/p>\n<p>Atrave yon kamera mistik, yon ajan dyab kaptire 21 nanm moun.<\/p>\n<p>Pa pwisans yon gran prensipote ki rele tetamagraton, ajan dyab sa ka mare nanm sa yo epi mete yo nan poch li.<\/p>\n<p>Atrave yon lot mwayen, li ka lanse nanm sa yo nan dezyem syel pou yo anprizone yo.<\/p>\n<p>Yo zonbifye moun. Yo retire lespri-a nan ko moun lan. Ou ka chase lespri-a. Ou ka itilize espri-a fe nenpot sa-w&#8217; vle ave-l&#8217;. Ou ka pran ko moun sa nan yon dimansyon ezoterik.<\/p>\n<hr \/>\n<p>Gen moun yo mare vant yo pou yo pa anfante. Gen moun ki yo anchene riches yo.<\/p>\n<hr \/>\n<blockquote>\n<h4><strong>Ki Sa Ak Sa Yo Vle A Kwayan<\/strong><\/h4>\n<p>Si yon Satanis gen kapasite pou-l&#8217; kaptire manm yon moun ki mete fo cheve, ki fade sou yon &#8220;pentacle&#8221; pou-l&#8217; al nan mond envizib ak nanm moun sa, m&#8217; gen pouvwa pou-m&#8217; fe lekontre.<\/p>\n<p>Si ajan dyab ki la pou yo ranfose ajanda destriktif Satan ka gen tout pouvwa sa sou nanm sila yo ki pa konn Bondye, sa fe-m&#8217; santi ki pouvwa ke-m&#8217; ka genyen sou sila sa yo ke-m&#8217; ramne a Kris.<\/p><\/blockquote>\n<hr \/>\n<h4><strong>Pwisans Kont Legliz<\/strong><\/h4>\n<p>Mond Satan bay ajan-l&#8217; yo anpil pwisans pou yo ka batay kont legliz. Yo konsyan tou de danje ki genyen akoz ap gen kontratak nan men Kretyen yo.<\/p>\n<p>Yo bay medam Satanis yo anpil pwisans sediksyon pou yo sedwi moun.<\/p>\n<h4><strong>Atak Kont Fanm Ansent<\/strong><\/h4>\n<p>Yo atake ti moun nan vant manman yo. Yo konn menm ranplase timoun sa yo pa demon. Yo transpote &#8220;fetus&#8221; la nan mond Satan kote yo fe-l&#8217; tounen poul pou yo vin vann sou te sa.<\/p>\n<p>Moun ki manje poul sa yo ka pran tout vye maladi.<\/p>\n<h4><strong>Lopital<\/strong><\/h4>\n<p>Lopital se kote ki gen anpil sakrifis imen ki fet. Gen anpil dokte ki nan okilt. Pasyan yo devi sakrifis potansyel.<\/p>\n<p>Yo touye moun pa aksidan, nan lopital, yo atake fanm ansent tou.<\/p>\n<h4><strong>Seks Oral<\/strong><\/h4>\n<p>Pratik seks oral la soti nan mond paralel Satan. Se yon ak ki toujou pratike nan mond Satan. Kidonk, dyab la pwopaje-l&#8217; sou te sa atrave ponografi.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Sakrifis Imen<\/strong><\/h4>\n<p>Yo pran nanm yon moun epi yo ale nan mond astral ave-l&#8217; pandan moun sa sou te-a.<\/p>\n<p>Yo ka ni egzekite oubyen retounen nanm moun sa nan ko-l&#8217; anko.<\/p>\n<blockquote><p>Yon jen gason ki te nan mond astral apre yon kouzen-l&#8217; te fin sakrifye-l&#8217; te gen pouvwa pou-l&#8217; fe espri fanmi-l&#8217; retounen nan ko yo pandan ke yo nan mond astral.<\/p>\n<p>Li te rive konvenk yon gwoup Satanis fe nanm yon neve-l&#8217; retounen nan ko fizik li pandan ke neve-a te sanse nan koma sou te sa.<\/p><\/blockquote>\n<hr \/>\n<h4><strong>Power Of Word<\/strong><\/h4>\n<p>In the spirit world, we operate with words and declarations. We command things to come into being.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Pouvwa Mistik<\/strong><\/h4>\n<p>Yo plase yon barye envizib nan plas kote y&#8217;ap opere-a jis pou moun pa pase la.\u00a0 Menm si yon moun ta gen ide pou-l&#8217; franchi spas sa, l&#8217;ap gen tandans chanje ide-l&#8217; pou-l&#8217; fe lot kote pou yo pa entewonp operasyon-an.<\/p>\n<p>Andwa vin tankou yon kote ki izole.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Pwisans Inisyasyon<\/strong><\/h4>\n<p>Moun ki inisye-a gen yon pwisans ki sevi-l&#8217; kom yon backup nan sa l&#8217;ap fe. Sa rann sa moun sa ap fe bay plis rezilta.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Bi Priye<\/strong><\/h4>\n<p>Priye pou ti bebe ki nan vant manman yo, sitou sa yo ki gen gwo destine sou lavi yo.<\/p>\n<p>Priye kont tout pwodwi ki soti nan mond envizib ke yo vin vann sou te sa pou anvoute moun. Enpoze yon anbago pou jis le Kris retounen.<\/p>\n<p>Priye kont tout pratik dyabolik k&#8217;ap transfome moun an bet pou yo vann nan mache.<\/p>\n<p>Priye 24 sou 24, ak 7 jou sou 7 atrave anrejistre priye nan &#8220;file mp4&#8221;.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Moun Ki Gen Gran Desten Ki Gaspiye<\/strong><\/h4>\n<p>Gen moun ki gen yon gran desten atrave zetwal yo k&#8217;ap briye tre fo, zetwal yo gran ak briyan, men vi yo rive pase mal akoz yo san Jezi.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>So Lanmo<\/strong><\/h4>\n<p>Le yon moun pral devni yon viktim mond Satan, yo mete yon so lanmo sou fwon moun sa pou aveti a Satanis ak sosye ke moun sa destine pou sakrifis ak destriksyon.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Pwisans Soselri<\/strong><\/h4>\n<p>Si sosye rantre nan legliz ak pwisans pwisans soselri sou li, yo fe yon priye ge spirityel kont li, priye-a ka atenn li nan kondisyon spirityel ke-l&#8217; ye-a.<\/p>\n<p>Men si-l&#8217; retire espri-a sou li pou-l&#8217; vin yon moun nomal, priye-a p&#8217;ap ka atenn li. Se rezon sa menm anpil sosye toujou kite espri soselri-a deyo legliz la pou pwisans Bondye pa frape-l&#8217;.<\/p>\n<p>Se espri sa yo konn transfere sou lot moun le y&#8217;ap insye yo nan soselri.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Chache Direksyon Bondye<\/strong><\/h4>\n<p>Li bon le yon gason ap pale ak yon fi pou fi-a mande jen gason-an yon ti tan pou-l&#8217; chache direksyon Bondye.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Bondye Pale Atrave Sonj<\/strong><\/h4>\n<p>Pran anpil atansyon a rev ke ou ap fe le-w&#8217; nan ministe. Tande konsey madanm ou.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Vijilans<\/strong><\/h4>\n<p>Fo-w&#8217; tre vijilan nan konba spirityel ke ou ap mennen kont Satan. Gen bagay kom yon sevite Bondye rele nan ministe fo-w&#8217; ka detekte yo avan menm ke yo fet.<\/p>\n<p>Sa mande yon depandans total sou Lespri Sen-an ke yo konsidere kom yon tripotay nan kan Satan paske-L&#8217; la pou-L&#8217; revele ak ekspoze plan enmi-an.<\/p>\n<p>Ou dwe rekonet mank konesans ou toutan, mank sajes ou, ak mank konpreyansyon-w&#8217; yon fason pou-w&#8217; chache direksyon Bondye.<\/p>\n<blockquote>\n<h3><strong>Temwayaj <\/strong><\/h3>\n<p>Gen yon ajan dyab ki rive bloke yon aktivite priye ki t&#8217;ap bay pwoblem nan mond envizib atrave ogey paste-a.<\/p>\n<p>Yon lot ajan dyab pase atrave inyorans yon gwoup Kwayan kote-l&#8217; anvoute yo atrave konbyen sak diri, pwa, ak sik ke-l&#8217; bay yo ki vin rann yo lou.<\/p>\n<p>Sa vin koz ke yo pa ka leve pou yo lapriye.<\/p><\/blockquote>\n<hr \/>\n<h4><strong>Enpresyon<\/strong><\/h4>\n<p>Youn nan fason Bondye kominike se atrave enpresyon. Kidonk, Li jis enpoze yon ide ki fem konsenan sa-w&#8217; dwe fe nan yon sitiyasyon ki prezante.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Egzese Pridans<\/strong><\/h4>\n<p>Nan vijilans ou, pa pran nenpot bagay nan men enkoni, pa manje nan men nenpot moun.<\/p>\n<p>Paske yo gen dwa ajan Satan. Yo konn itilize lajan, kado, ak manje ke yo fe enkantasyon sou yo pou yo anvoute moun.<\/p>\n<p>Kidonk, depi-w&#8217; pran-l&#8217;, demon ka rantre nan ou.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Lajan San<\/strong><\/h4>\n<p>Lajan spirityel, lajan san lye ak espri malefik. Li bon pou-w&#8217; priye sou lajan ministe yon fason pou Bondye ka sanktifye yo.<\/p>\n<p>Anpil lajan soti nan men tout kalite moun. Lajan sa yo konn fet atrave mwayen tou ki abominab.<\/p>\n<p>Li toujou bon pou-w&#8217; priye sou sa yon moun ke-w&#8217; pa konnen ta rive ba ou.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Vwayaj Astral<\/strong><\/h4>\n<p>Sosye yo konn soti nan ko yo pou yo al moleste moun nan somey. Yo dezabiye yo epi yo komanse moleste yo seksyelman.<\/p>\n<p>Viktim lan konn we sa sou fom rev pandan ke se yon reyalite.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Siside<\/strong><\/h4>\n<p>Pa touye tet ou paske vi-w&#8217; gen anpil vale pou Bondye.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Pran Otorite Kote-w&#8217; Rive<\/strong><\/h4>\n<p>Pran otorite-w&#8217; kont fos teneb kote-w&#8217; rive. Satan pa ka opere libreman kote prezans Bondye demere.<\/p>\n<p>Sa vle di kote pitit Bondye ki konn otorite yo nan Bondye ap priye tout bon vre, ajan dyab pa ka ap opere la.<\/p>\n<p>Toro ki pi gwo neg la se Li pou ki domine. Sila ke tout otorite, pwisans, ak dominyon apatyen a Li menm se Jezi Kris.<\/p>\n<p>Se Li menm ki gen tout dwa renye sou tout bagay kom Sila atrave-L&#8217; Bondye Papa kreye tout bagay ak Sila tout bagay te kreye pou Li.<\/p>\n<p>Satan se woulib l&#8217;ap pran. Menm sou sa ke Satan ap pran woulib yo se Bondye ki kreye yo.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Lafwa<\/strong><\/h4>\n<p>Kote ki gen dout, laperez, ak enkyetid pa gen lafwa.<\/p>\n<p>Fo-w&#8217; pesistan nan lapriye jiskaske-w&#8217; jwenn viktwa.<\/p>\n<p>Pafwa, Bondye ap teste lafwa-w&#8217; pou-L&#8217; we nan ki degre ou vle fe-L&#8217; konfyans menm le ke-w&#8217; pa we okenn amelyorasyon nan sitiyasyon ki prezante devan-w&#8217; lan.<\/p>\n<p>Menm le ke sitiyasyon ki devan-w&#8217; lan ap deteryore.<\/p>\n<p>Li bon pou-w&#8217; itilize Pawol la kom yon rapel anve pwomes Bondye fe.<\/p>\n<hr \/>\n<h3><strong>Konba Spirityel<\/strong><\/h3>\n<p>Al fe dega nan kote esansyel k&#8217;ap fe-m&#8217; soufri-a mete-m&#8217; deyo.<\/p>\n<p>Apre yon ekspedisyon fin fet, gen yon ekzekisyon ki fet.<\/p>\n<p>Ou pral fe yon entepelasyon a pwisans Bondye. Le-w&#8217; fin fe-l&#8217; pa la fwa, ou ap rale yon solda desann desann. Ou pral fe yon ekspedisyon spirityel.<\/p>\n<p>Le-w&#8217; santi pwisans lan desann, ou ap di-l&#8217; ale nan bitasyon-an, ale kote yo mete boutey, mouchwa yo, fe dega.<\/p>\n<hr \/>\n<h3><strong>Maladi Mistik<\/strong><\/h3>\n<p>Le yon maladi gen koz mistik alabaz li, Bondye konn komanse pwosesis gerizon-an nan yon nivo spirityel.<\/p>\n<p>Li konn pemet ke pwosesis natirel la dewoule pou kont li jiskaske moun sa rekipere konpletman.<\/p>\n<p>Oubyen, Li kite dokte jere aspe natirel la.<\/p>\n<hr \/>\n<blockquote>\n<h3><strong>Temwayaj<\/strong><\/h3>\n<p><span style=\"color: #000000; font-size: inherit;\">Deklarasyon Ki F\u00e8 Gwo Dega<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Le sang de Jesus biw, m\u00e8v\u00e8y, dega.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Le sang de Jesus m\u00e8v\u00e8y, pouvwa, sezisman, reyisit.<\/span><\/p>\n<p>Le non de Jesus bonm seles.<\/p>\n<p>Gen yon ansyen malfekte ki rakonte koman-l&#8217; te kaptire nanm yon ti fi. Li pwente yon boutey sou ti fi sa ki te akonpanye yon dam, menm moman tifi-a fe yon sel bri epi-l&#8217; kouri kenbe dam lan.<\/p>\n<p>Menm moman boutey la vin lou nan men malfekte-a. Li lage-l&#8217; nan sak li. Tifi-a ap fe bri. L&#8217;ap tranble akoz nanm li pa sou li.<\/p>\n<p>Misye pran yon pil vye sibstans terib epi li fe yon dife pou-l&#8217; chofe boutey la. Li ekspedye nanm lan. Toutotan nanm lan ap goumen nan boutey la, li pa ka respire, se menm bagay la k&#8217;ap rive tifi sa.<\/p>\n<p>Tifi-a vin mouri. Nanm lan gen tan nan boutey mistik sa an fas yon espri yo rele &#8220;Lenglensou Basen San&#8221; nan yon pye kalbas misye te gen nan lakou-l&#8217;.<\/p>\n<p>Te gen 17 lot nanm timoun misye te kaptire ki te pwograme pou mouri nan jou, semen, ak mwa ki gen pou vini yo.<\/p>\n<p>Le manman ti fi sa ki te soti al vann retounen nan kay la, malgre ti fi-a mouri. Li pa asepte sa. Atrave lafwa, li di ti fi pa-l&#8217; la pa mouri.<\/p>\n<p>Menm malfekte sa al eseye konvenk manman pitit la ke pitit fi-l&#8217; mouri, dam lan kanpe byen fem li di mesye ke-m pa gen moun mouri.<\/p>\n<p>Misye ensiste jis yon twazyem fwa, dam lan deklare nan non Jezi, m&#8217; pa gen moun mouri.<\/p>\n<p>Dam lan pa asepte sa.<\/p>\n<p>Menm moman li femen pot la epi li soti al deye yon gwoup sevant nan legliz li. Gen yon pil medam tet mare gwo jip long ki paret.<\/p>\n<p>Yo pete yon kantik anndan kay la. Gen youn ladan yo ki li yon vese ki se Jan 11:43. Jezi te rele Laza soti.<\/p>\n<p>Pandan yo komanse ap aplike san Jezi, gen yon bagay ki eklate a distans. Ti fre-m&#8217; lan vin rapote-m&#8217; ke gen yon bagay ki eklate nan twou-m&#8217; konn mete boutey yo.<\/p>\n<p>Gen yon dife ki soti anba kalbas la. Kidonk, pye kalbas la pran dife. Gwo kanari dyab la te ye-a eklate.<\/p>\n<p>Pandan moun sa ap pale-a, m&#8217; tande blow, blow, blow&#8230;. Boutey komanse eklate.<\/p>\n<p>Le-m&#8217; rive kalbas la pran dife depi nan rasin. Kalbas la vin tou wouj ak dife. 17 nanm sa yo plis nanm tifi-a, tout nanm yo chape.<\/p>\n<p>Tout 18 boutey sa yo eklate. Moun yo pouse yon mesi Senye. Ou ap montre malfekte ke se Bondye ki gen pouvwa.<\/p>\n<p>Ti fi sa leve soti nan lanmo. Li soti nan kay la l&#8217;al jwe.<\/p>\n<p>Dyab la tou kite lakou sa. Li pa janm vle retounen nan lakou sa. Malfekte-a te fe yon kontra 7 ane ave-l. Men-l&#8217; pa janm vle di pou kisa.<\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Yon ansyen malf\u00e8kte temwanye k\u00f2man pwisans Bondye te aji pou-l&#8217; te delivre yon jenn ti gason ke-l&#8217; ta pral touye.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Li rankonte pandan ke bann sanpw\u00e8l li yo pral s\u00f2ti, gen yon kout zekl\u00e8 ki f\u00e8t nan sy\u00e8l la. Menm moman gen yon reyon dife ki s\u00f2ti nan sy\u00e8l la desann sou kay li-a.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Gen yon bagay ki eksploze anndan chanm kote-l&#8217; te f\u00e8 tout degre pou-l&#8217; te touye jenn gason sa. Kay la vin tou wouj ak dife.\u00a0<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Entansite chal\u00e8-a t\u00e8lman wo, yo pa-t&#8217; ka kole b\u00f2 kay la menm. Yo te oblije rete a distans pou y&#8217;ap gade ravaj dife sa t&#8217;ap f\u00e8 paske te gen bout\u00e8y ki te gen lwil danjere ladan yo.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Fen\u00e8t ap vole, bout\u00e8y ap eklate anndan.\u00a0<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Tout bagay boule n\u00e8t. Se s\u00e8l zo bl\u00f2k yo ki rete. Menm yon kiv\u00e8t f\u00e8 atrav\u00e8-l&#8217; degre-a te f\u00e8t detwi n\u00e8t. Kidonk, menm w\u00e8-l&#8217; pa w\u00e8 kiv\u00e8t sa.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Sa te rive f\u00e8t pr\u00e8ske b\u00f2 minwi atrav\u00e8 yon &#8220;Veille de nuit&#8221; jenn ti gason sa te ale. Past\u00e8-a kanpe epi-l&#8217; deklare, tout moun nanm yo pa sou yo, m&#8217; pral f\u00e8 sy\u00e8l la f\u00e8 dega kounyeya.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Sy\u00e8l la pral mete yo dey\u00f2.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">A minwi past\u00e8-a f\u00e8 tout moun leve men yo anl\u00e8 epi-l&#8217; f\u00e8 yo deklare:<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Le sang de Jesus lib\u00e8te, f\u00e8 dega, mete-m&#8217; dey\u00f2.<\/span><\/p><\/blockquote>\n<hr \/>\n<h4><strong>Pwen Sansib Bondye<\/strong><\/h4>\n<p>Lord Jesus shall darkness comprehend or prevail over Your power? Will Satan overcome Your name?<\/p>\n<p>Does that sickness have the ability to stand against the power of the name of Jesus?<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Ge Spirityel<\/strong><\/h4>\n<p>Fo-w&#8217; genyen konba sou jenou-w&#8217; avan-w&#8217; soti al preche levanjil.<\/p>\n<p>Pran otorite sou lwa ak pwosesis fizik ke anpil ajan Satan kache deye yo kom pwoteksyon kont pwisans Bondye.<\/p>\n<p>Lom lan gen pouvwa sou tout sa ki nan manifestasyon nan nivo pa-l&#8217; la.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Zanj Gadyen<\/strong><\/h4>\n<p>Le yo fe yon ekspedisyon deye yon moun, si moun sa fo, li rekonet divinite ki nan li-a, li an amoni ak zanj gadyen-l&#8217; yo, movez espri-a p&#8217;ap ka atake moun sa.<\/p>\n<p>Men si moun sa an dezamoni ak zanj gadyen-l&#8217; yo, kelkeswa sa yo voye espri sa fe moun sa, espri-a ap fe-l&#8217;.<\/p>\n<hr \/>\n<h3><strong>Divinite Ki Nan Lom<\/strong><\/h3>\n<p>Moun ki nan mistik pale anpil de divinite ki abite nan lom lan ansanm ak zanj gadyen.<\/p>\n<p>Yo pale konsenan rekonet divinite sa. Yo pale konsenan amonize ak divinite ak zanj gadyen sa yo k&#8217;ap pwoteje espri, nanm, ak ko moum sa.<\/p>\n<p>Problem lan menm pou sila sa yo ki poko konn Bondye, divinite ak zanj gadyen sa yo pa lot anyen ke espri demonyak.<\/p>\n<p>Yo aplike prensip sa, yo jwenn bon rezilta menm le nanm yo pa an sekirite.<\/p>\n<p>Ebyen, nan menm pespektif sa, li enpotan anpil pou Kwayan amonize-l&#8217; ak Lespri Bondye ki nan li-a.<\/p>\n<p>Depi-l&#8217; an amoni ak Sent Espri Bondye, l&#8217;ap an amoni ak ni Papa, ni Pitit la, ak tout zanj fidel ki anba volonte Bondye.<\/p>\n<p>Sa vle di l&#8217;ap an amoni ak zanj gadyen ke Bondye mete akote Kwayan pou pwoteje-l&#8217;.<\/p>\n<p>Inisye vle di retounen a ou menm. We Dye ki lakay ou-a. Viv selon devinite sa. Rekonet li. Amonize-w&#8217; avek li.<\/p>\n<p>Anj Gadyen jere ko fizik la. Gen anj espri ki jere espri-w&#8217;. Ou gen anj astral ki jere nanm ou.<\/p>\n<p>Relasyon-w&#8217; ak moun, emosyon-w&#8217;, elatriye.<\/p>\n<hr \/>\n<h4><strong>Sent Sen<\/strong><\/h4>\n<p>Avan-w&#8217; rantre nan konba spiriyel ak dyab la, pase yon tan nan sent sen pou-w&#8217; ka gen fos ak eneji Jezi Kris pou-w&#8217; konbat enmi-an.<\/p>\n<p>Priye kont tout sistem ke enmi-an enstale pou-l&#8217; kontwole lom tankou kamera, satelit, elatriye.<\/p>\n<p>Establish a surveillance system against a man of God and his church.<\/p>\n<hr \/>\n<h3><strong>Temwayaj<\/strong><\/h3>\n<p>Gen yon dam ke yon malfekte te pouri de je-l&#8217;, fanmi-l&#8217; te mennen-l&#8217; nan legliz pou yo lapriye pou li.<\/p>\n<p>Gen yon paste ki pa-t&#8217; janm lage dam sa. Li priye pou li ni mate, midi, ak aswe.<\/p>\n<p>Apre 15 jou, li fe yon rev. Li we yon pesonaj ki paret. Li rale soti de je pouri sa yo. Li fe-l&#8217; bese tet li ate, pil vye sibstans nan je yo tonbe. Epi Li rale yon ti sache ki gen de je.<\/p>\n<p>Li mete yo. Li di-l&#8217; men de nouvo je ke-m&#8217; ba ou pou-w&#8217; mache temwaye pou mwen.<\/p>\n<p>Le-l&#8217; leve nan maten, li vin we. Bondye restore de je-l&#8217;.<\/p>\n<p>Li enpotan pou-w&#8217; pesiste nan lapriye pou yon moun ki atake pa pwisans soselri.<\/p>\n<hr \/>\n<hr \/>\n<p>Sansasyon, entansyon, ak aksyon.<\/p>\n<hr \/>\n<blockquote class=\"wp-embedded-content\" data-secret=\"XJfWssoyMp\"><p><a href=\"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/ex-satanists-testimony-about-vigilance\/\">Ex-Satanist&#8217;s Testimony About Vigilance, Danger Of Fear, Why Discernment Is Critical<\/a><\/p><\/blockquote>\n<p><iframe loading=\"lazy\" class=\"wp-embedded-content\" sandbox=\"allow-scripts\" security=\"restricted\" style=\"position: absolute; clip: rect(1px, 1px, 1px, 1px);\" title=\"&#8220;Ex-Satanist&#8217;s Testimony About Vigilance, Danger Of Fear, Why Discernment Is Critical&#8221; &#8212; Powerful Testimonies\" src=\"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/ex-satanists-testimony-about-vigilance\/embed\/#?secret=rg2NrunntS#?secret=XJfWssoyMp\" data-secret=\"XJfWssoyMp\" width=\"600\" height=\"338\" frameborder=\"0\" marginwidth=\"0\" marginheight=\"0\" scrolling=\"no\"><\/iframe><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Yo kaptire nanm moun atrave enkantasyon mistik pou yo ale nan mond envizib ave yo pandan ke moun lan byen vivan sou te sa.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"nf_dc_page":"","footnotes":""},"categories":[27,21,13],"tags":[],"class_list":["post-145","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-kingdom-of-darkness","category-the-blood-of-jesus","category-the-dark-world-infrastructure"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/145","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=145"}],"version-history":[{"count":145,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/145\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":5113,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/145\/revisions\/5113"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=145"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=145"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.ministry-strategies.org\/testimony\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=145"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}